Marline Ambroise Ladouceur
Wòl nou tout se fè edikaseksyèl jenès la sitou tifi nou yo pou konbat gwosès prekòs.
Misyon nou nan Manman Pitit se sansibilize epi edike fanm an jeneral sou enpòtans planifikasyon matènite yo epi bay manman yo sipò pou bye jwe wòl yo nan sosyete a.
19/03/2025
Matènite responsab yon kle enpòtan nan tout lòd sosyal la!
16/02/2025
Pou manman Pitit
10/02/2025
Manman Pitit yo tou konn responsab e se lè sa li pi mal pou timoun yo ak sosyete a!
07/02/2025
Fè pitit pat janm on mal men sosyete a fèt on jan menm pou on fanm ta vreman gen enterè pou panse 2 fwa anvan li deside.
04/02/2025
Fè pitit se on gwo chwa nan vi on fanm. E konsidere tout sakrifis ak mwayen sa mande gen anpil fanm ki fikse kritè ki ta valab pou yo ta chwazi fè pitit ak on gason. Sa ki nòmal poun pa.di a felisite men nan menm lide sa tou gen anpil fanm ki sèvi ak pouvwa fè pitit yo kòm mwayen echanj pou reyalize kèk objektif ou tou senpman pou kenbe gason😩. San konte sa ki panse si on gason renemen yo otomatikman li tou pare pou vin papa. E byen wayen 🤪menm vin Manman Pitit se on gwo resposablite pou fanm pou gason vin papa pa on desizyon san konsekans. E se pou sa se pa tout pitit sipriz gason akeyi, koe yo konn rive menm di pitit la m pa pou yo. Nan zafè enterè ak pozisyon an se sa nèt e sa konn menm fè manman pitit yo tounnen ti jwèt a pil nan men gason.
Antouka kreyòl pale m panse nou konprann.
03/02/2025
Se depi nan fanmi yo ak sou ban lekòl yo travay pou konstwi bon manman pou on sosyete ta dwe kòmanse ki vle di nan fè edikasyon seksyèl ti jenn tifi yo e sitou nan ankadre yo. Son bagay ki klè anpil gwosès ki gache vi fanm yo chita sou desizyon san reflechi yo te pran. Paske lè on fanm konnen kisa vin on Manman Pitit ka genyen kòm enpak sou lavi'l, li plis ka enterese prepare tèt li pi byen pou li jwe wòl sila.
Matènite responsab se konnen depi w se fanm ou gen gwo pouvwa kreye moun ki pral swiv kòm modèl, ki pral tounen chay sou kont ou pou w edike nan lanmou ak resppè. Se konnen ou dwe prepare lavi w, lespri w ak kò w avan ou tante eksperyans sila. Se konnen ke nan wòl on Manman Pitit enpak ou sou sosyete a ka gen anpil valè.
17/10/2024
Anpil fanm pa nwi fè pitit depi nèg yo renmen yo, se bèl bagay😅 Se tankou on ilizyon pafwa ki konn fè yo panse depi l fèt lap okipe. Poutan konsta montre pitit pa vreman sa garson vin chache nan kenn relasyon si byen wap jwenn anpil fanm malgre yo te nan kèk relasyon ki vin kanpe nan wout fò souvan nèg yo konn kouri kite yo ak 2, 3,4,5 pitit sou bra yo wa ta se mechan men antremoun jwèt sa son bouyon chose ke fanm serye ta dwe konprann e chèche mwayen pou yo evite. Pitit pa kenbe garson nou tout konnen sa men pouki anpil fanm dakò avan menm yo gon bagay yo ka fè pou defanm lavi yo chwazi fè pitit kinka tounen kwòk pou yo sitou lè yo lage pou kò yo de bra balan.
Fanm se mèt pitit, yo pote yo edike,yo fè levasyon, yo bay lanmou dayè pitit pa grandi byen san prezans manman responsab ki se on pwen kle pou epanouyisman l. Kidonk plis on fanm pran dispozisyon pou l gon metye, pou l jere on biznis, jwenn on mwayen kèlkonk pou l pa blije depann de Jolikè pou okipe l ak tout pitit li yo. Se plis fanm sa ka viv on matènite ki balanse, kote l ka pran swen tèt li epi jere pitit piti koulye sizanka Jolikè ta pete kouri.
Kidonk Manman Pitit ap konseye w ou menm ki poko fè pitit antandan chache on metye, on degaje kote ou ka prevwa ak plis ke poze kombyen pitit ou ta dwe fè e kòman ou menm wap ka vanse ak rèv ou yo pwojè w yo pandan wap jwe wòl on Manman Pitit ki responsab.
16/10/2024
Pi gwo sousi on Manman Pitit se pou l pata kapab la lè pitit li ta bezwen l. E santiman ensekirite sa ogmante plis lè nou konprann tout pwoblèm ak sousi ekonomik ak sosyal Manman sa yo ap rankontre. E pou sa anpil Manman konn pito neglije tèt pa yo pou yo ka okipe pitit, yo neglije ata menm sante yo e se konsa pafwa neglijans sa konn mennen yo lwen kote yo konn menm mouri pi bonè ke yo te panse kite timoun bazaj ou menm ki poko fin sove. Ou ta mèt di saw vle Manman sa pap janm vreman ka repose anpè.
Gen anpil maladi ki mande pou fanm vijilan men nan koze kansè tete sa vin pi enpòtan paske si fanm lan pran bonè l ka menm trete men si li ta kite kabrit janbe baryè bagay yo ka vrèman vin sere.Mwa oktòb se mwa pou w raple w ke sante w se priyorite w
Pran bonè Manman Pitit se pwoteje tèt ou ak avni Pitit ou yo!
Pa gen manman san konsantan😏 gason kou fanm tou lède ka jenitè!
Nan zafè fè timoun bay lavi pa sifi se bay lanmou ak asistans ki konte!
02/08/2024
On jou tifi'm lan sot itilize twalèt la epi tout swit aprè mwen antre, mezanmi mwen jwenn andan an mouye, savon an pat nan plas li epi WC te mande flòch. Tout swit m kouri rele
- Leen🗣️🗣️ li reponn wi manmie epi m dil
- On tifi paka sòt nan on twalèt pou'l kite l nan eta parèy 😅 rete m fin dil sa lespri'm tonbe repwochem paske lò Kerry ti gasonm lan sot nan twalèt la m kontre menm dega se menm bagay la mwen dil men m di tigason😅 kidonk pwòpte pa bagay ti fi ou tigason toukoum lave veso pa lye ak kenn jan se zafè moun pwòp. Eben se konsa m panse se depi nan kay pou'n aprann tigason yo envesti yo nan zafè menaje nan kay ki a lavni konn kreye pil fristrasyon nan fwaye kote madanm lan vin pa gen tan pou li pandan fò souvan nèg la menm pa wè pou li met men se Kay li tou. Manman Pitit ou pa dwe kite papa timoun yo mariw ouben y on nèg ou avèl pale mal ak ou diminye w sou oken pretèks jamè devan timoun yo an plis. Gen kouraj pou'w leve tèt ou gade nèg la, pale klè travay pou w pot diplis nan kay la on sans ou on lòt bay tèt ou valè. epi toujou pare pou'w mache pòs ou si ou santi mari a pa sou viv ansanm lan ankò eke pa gen mwayen ankò pou sa kenbe. Se depi nan fanmi an pou tigason an wè nan manman l on fanm ki merite respè papal eki pap negosye sa sou oken pretèks. Se depi la tou pou manman aprann tifi ak tigason anndan kay la pa gen konpetisyon nou tout se moun nou gen menm enpòtans sof ke nan kèk pwen nou diferan e sa pa ta dwe sifi pou divize nou. Mwen kwè fanm ka itilize pouvwa fè pitit yo, responsablite yo pou leve timoun yo pou jenere on lòt kalite relasyon ant fanm ak gason nan sosyete ayisyèn lan menmsi sa pou kont li pap sifi paske tou gen lòt paramèt sosyal ki dwe fikse men mrete kwè retonbe yo ap trè pozitif pou jenerasyon kap vini yo.
22/07/2024
Vin granmoun kapab pran responsablite tèt ou ak pitit, fanmi elatriye pa vle di pa vle di ou tounen on lòt moun ki pa gen kenn relasyon ak timoun, adolesan oubyen jenn adil ou te ye a. Non se pa vre 🙅🏻♀️paske gen de moun e pi patikilyèman kèk fanm ki nan anfans yo oubyen adolesanas yo te viv kèk sikonstans ki konn tounen on sòt de twomatis pou yo ki konn anpeche yo viv nòmalman.E sa konn vin pi grav kote moun sa yo konn vin replike menm bagay sa yo nan relasyon yo ak lantouraj yo pou pi presi nan fanmi yo kote yo gen tout dwa pou fè sa yo vle. Eben se konsa anpil relasyon manman pitit kraze paske manman sa pat chache geri tèt li avan oubyen pran prekosyon pou vi pase'l pa tounen on anpèchman pou byennèt ak devlopman relasyon l ak pitit li yo. Twomatis se gwo koze sitou lè moun nan pa konsyan ke l te blese ke li bezwen tretman. Fè pitit pa on jwèt se on bout responsablite e se pou sa tout manman ta dwe pran sante mantal trè oserye pou evite transmèt pitit yo fristrasyon, layèn ak move eksperyans ki pap ranfòse relasyon yo ak timoun yo, e fò souvan ki pral konpwomèt vi timoun sa yo nan fason yo konprann lavi.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Site Web
Adresse
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 17:00 |
| Mardi | 09:00 - 17:00 |
| Mercredi | 09:00 - 17:00 |
| Jeudi | 09:00 - 17:00 |
| Vendredi | 09:00 - 17:00 |
| Samedi | 09:00 - 12:00 |