F&J Shop And Cosmetics
F&J Shop and Cosmetics est une entreprise de produit cosmetiques et de vetements. Vous trouverez les
10/09/2026
Pitit fi ansyen Enspektè Jones Lagrandeur, Jasmine Lagrandeur rann dènye souf li 5 septanm 2026 la, pandan li t ap pare pou li akouche, Etazini. Daprè frè li, Fred Carson Lagrandeur, te gen reta nan akouchman an puiske li te dwe fèt 30 out pase.
Jounalis espòtif la eksplike, premye septanm aprè dyagnostik, medsen yo pat dekouvri okenn anomali e te otorize Jasmine Lagrandeur rantre lakay li. Nan randevou li te genyen, pwofesyonèl lasante yo te mande l retounen lopital la 6 septanm pou demare pwosesis akouchman an. Malerezman, yon jou anvan li retounen wè Doktè, likid amnyotik bebe a anvayi san Jasmine e lakoz lanmò li. Pou kounye a, bebe a anba responsabilite medsen yo, nan yon lopital Etazini. “Se yon nouvèl ki devaste nou”, Fred Carson Lagrandeur regrèt.
Jasmine Lagrandeur te gen 30 lane. Anvan li kite Ayiti akoz ensekirite a, gonavyèn nan te deja nan twazyèm ane inivèsite GOC. Lagrandeur, malerezman pa gen chans wè premye fri zantray li.
26/08/2026
Joyeux anniversaire Tifa cherie
Nou te debake nan Legliz Allegheny nan Kafe pou t al onore madam Décilia Vertus nan okazyon anivèsè li. Tout legliz la te reyini otou de gran dam sa pou te anrechi li. Pitit fi li te deplase F&J Surprise pou te mete lajwa nan kè manman l.
Pa bliye kontakte nou pou tout okazyon nan 34 73 0660
Nyès Myriam ki renmen l anpil Kethlove te pase pa F&J Surprise pou swete matant li yon bon anivèsè. Ak anpil emosyon li te kontan resevwa kado sa yo.
Pa bliye kontakte F&J Surprise nan +50934730660
Cherline pa janm rate okazyon pou montre manman m Viergetha Seraphin Jan li enpòtan pou li. Nan okazyon fèt manman nou menm F&J Surprise te pase lakay li pou pote Kado pou li.
Pa bliye w kapab kontakte nou nan nenpòt okazyon nan 34 73 0660
Ti Jo, Mant Jo, Jolaine se konsa moun nan zòn Fon Pousyè konnen madanm sa. Pitit li yo te konnen onore l nan okazyon fèt manman yo nan òganize yon bèl fèt pou li. Pitit Li Mathe te deplase F&J Surprise pou te vin anbeli fèt sa.
Pa bliye kontakte nou pou tout okazyon nan 34 73 0660
Tout fanmi an debake sou Pwent pou onore manman yo. Youn nan pitit yo te depeche F&J Surprise ale pote kado ak flè pou manman yo nan okazyon selebrasyon Fèt manman ki se yon moman apa pou tout ayisyen.
Pa bliye kontakte nou nan 34 73 0660
Pitit fi manmi sa pa janm rate okazyon pou selebre manman l. Ak lajwa, kè kontan manmi te resevwa F&J Surprise lakay li.
Pa bliye kontakte nou pou fè kè moun ou kontan nan +50934730660
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Heures d'ouverture
| Lundi | 08:00 - 17:00 |
| Mardi | 08:00 - 17:00 |
| Mercredi | 08:00 - 17:00 |
| Jeudi | 08:00 - 17:00 |
| Vendredi | 08:00 - 17:00 |
| Samedi | 08:00 - 16:00 |