Polyclinique Dr. Joe
Polyclinique Dr Joe & Pharma se yon sant sante modèn kote ou jwenn bon jan swen dantè, swen jeneralis ak bon medikaman de kalite.
14/05/2026
CLINIQUE MOBILE lan ap vini pi pre ou pou pote sèvis dantè pwofesyonèl ak pri aksesib !
Lye: CLAC Limonad la, anfas plas la
Dat : 19, 20 & 21 Mai 2026
Lè : 7H AM – 15H PM
OF SPESYAL YO :
✅ Netwayaj dan + Konsiltasyon — 300 $ HT
✅ Rache dan ki ki paka repare— 200 $ HT
✅ Reparasyon dan ki pike — 200 $ HT
✅ Sèke dan ki pa alinye (Brace) — 2000$ HT
Nou pote :
✔️ Sèvis rapid epi pwòp
✔️ Materyèl pwofesyonèl ak ijyenik
✔️ Ekip konpetan ak atansyon
✔️ Bon kalite swen a bon pri
Kontakte nou :
3165 2559 / 3385 7078
Retounen ak yon souri pwòp, bèl epi an sante apati jodi a !
Pataje ak fanmi , zanmi w yo pou yo ka pwofite tou.
Prensip pou akim
06/04/2026
KISA YON KONSILTASYON DANTÈ YE?
Anpil moun tann jouk yo gen gwo doulè avan yo wè yon dantis… Men sa pa bon ditou!
👉 Konsiltasyon dantè, se premye etap pou konnen eta sante bouch ou. Pandan vizit la:
✔️ Dantis la egzamine dan ak jansiv ou
✔️ Li detekte pwoblèm yo bonè tankou (kari, enfeksyon, move alinyasyon, elatriye)
✔️ Li ba ou konsèy pou kenbe bouch ou an sante
✔️ Li pwopoze trètman ki adapte ak bezwen ou
💡 Poukisa li enpòtan?
✔️ Evite gwo doulè ak konplikasyon
✔️ Ekonomize lajan (trete bonè pi fasil pase pita)
✔️ Kenbe yon bèl souri ak bon souf
✔️ Pwoteje sante jeneral ou
Bon nouvèl!
Ou ka fè konsiltasyon dantè ou ak sèlman 1000 Gdes!
📍 Pa neglije sante bouch ou. Vin fè tchek-up ou jodi a!
📞 Rele: 509 3493-5714
Yon ti pa jodi a ka sove ou kont gwo pwoblèm demen!
22/03/2026
Pran swen souri ou chak jou!
Ou konn bwose dan ou… men èske ou vrèman konnen kijan pou fè li byen? 🤔
Bwose dan pa sèlman pou santi bouch ou fre…
👉 Li ede w evite:
• Kari (twou nan dan)
• Move sant nan bouch
• Maladi jansiv
💡 Men kijan pou bwose dan byen:
Bwose 2 fwa pa jou (maten ak avan dòmi)
⏱️ Pran omwen 2 minit
👌 Itilize yon bwòs ki pa twò di
🔄 Bwose anlè, anba, devan ak dèyè dan yo
👅 Pa bliye lang ou (li kenbe anpil bakteri!)
⚠️ Erè anpil moun fè:
❌ Bwose twò vit
❌ Pa chanje bwòs souvan
❌ Pa bwose avan dòmi
Lè ou pran abitid bwose dan byen, ou:
✔️ Kenbe yon bèl souri
✔️ Gen plis konfyans lè w ap pale
✔️ Pwoteje sante w an jeneral
📍 Pou plis konsèy ak swen pwofesyonèl, pase nan
👉 Polyclinique Dr. Joe
📍 Adrès: Rte N°3 Carrefour la chaux (an fas Paryaj Pam nan aletaj)
📞 Kontak: +509 3493-5714 / 4077-8527
Ekri nou kounye a pou plis enfòmasyon!
Follow paj la pou plis konsèy sou sante bouch ou
😊 Yon bon bwose chak jou = yon souri ki pa janm pèdi briyans li!
20/03/2026
Bridge Dentaire : Retrouve souri ou san konplèks !
Ou pèdi youn oswa plizyè dan? Sa ka afekte fason ou pale, manje… menm konfyans ou 😔
Men gen yon solisyon efikas: Bridge dentaire!
👉 Kisa yon bridge dentaire ye?
Se yon aparèy ki ranplase dan ki manke yo, li repoze sou dan ki bò kote yo pou bay ou yon souri natirèl ankò.
✅ Avantaj yo :
✔️ Retabli souri ou rapidman
✔️ Amelyore fason ou manje ak pale
✔️ Evite lòt dan yo deplase
✔️ Bay yon aparans natirèl ak solid
⚠️ Pa tann twò lontan !
Plis ou ret tann, se plis pwoblèm nan ka vin pi grav (zo ka diminye, dan yo deplase, elatriye).
Bon nouvèl la:
Ou ka evite tout sa fasil si ou aji bonè!
📲 Klike sou bouton WhatsApp la kounye a pou pale ak ekip Pollyclinique Dr Joe a epi pran yon randevou rapid.
Nou la pou ede w reprann bèl souri ou
01/03/2026
🦷 Souri ou se premye enpresyon ou!
Ou pa bezwen tann dan ou fè w mal pou w pran swen li.
Fè PROFILAKSI jodi a pou:
✅ Evite maladi dan
✅ Retire tach epi fè dan pi blan
✅ Kenbe dan ou solid pou plis ane
Pa kite plak ak bakteri gate souri ou! Yon ti swen regilye ka sove w gwo depans pita.
📍Nou Okap, kafou Lacho, anfas paryay pa m lan.
📩 Ekri nou an prive oswa rele kounye a pou pran randevou!
C'est quoi exactement la restauration dentaire ?
Les réponses sont dans le premier commentaire.
08/06/2025
Rezilta Ki Pale Pou nou!
Gade transfòmasyon sa! 😮🦷
Si ou gen dan ki pa byen aliyen oswa ou bezwen aparèy dantè, Polyclinique Dr. Joe la pou ou!
📆 Espesyal rabè sou sèvis sayo:
✔️ Braces (Aparèy dantè)
✔️ Prophylaxie (Netwayaj pwofesyonèl)
✔️ Extraction
✔️ Restauration
✔️ Strass
✔️ Konsiltasyon GRATIS!
📍 Nou chita Cap-Haïtien, Carrefour La Chaux, anfas Pariage Pam, anlè a.
📞 Kontakte nou jodi a pou pran randevou:
📱 509 3493-5714
📱 509 4077-8527
📣 Pa rate of sa ki dire 27 Me pou rive 30 Jen!
🦷 Polyclinique Dr. Joe – Souri ou se priyorite nou!
31/05/2025
🦷✨ Espesyal Rabè 20% nan Polyclinique Dr. Joe! ✨🦷
Se moman an pou w pran swen bèl souri w!
Soti 27 Me pou rive 30 Jen, pwofite sèvis dantè nou yo ak yon rabè 20% sou:
✅ Pwotèz dantè
✅ Bridges dantè
✅ Kouwòn dantè
✅ Trete andodonti
✅ Trete amidalit
Nou ofri tou:
🔹 Konsiltasyon GRATIS
🔹 Prophylaxie: 3000 GDS
🔹 Restauration: 1500 GDS
🔹 Extraction: 1500 GDS
🔹 Braces + prophylaxie: 100 USD
🔹 Strass (bijou sou dan): 4000 GDS
📍Nou lokalize Cap-Haïtien, Carrefour la Chaux, an fas pariage Pam, anlè a.
📞 Rezève randevou w kounye a:
👉 509 3493-5714
👉 509 4077-8527
📲 Swiv nou sou rezo sosyal yo: Facebook, Instagram, TikTok, WhatsApp
Polyclinique Dr. Joe – Sourire ou se priyorite nou!
Une de mes publications a obtenu plus de 10 réactions la semaine dernière. Merci à tout le monde pour votre soutien ! 🎉
16/05/2025
Byenvini sou paj Polyclinique Dr. Joe & Pharma
Nou kontan anonse ou ouvèti ofisyèl paj nou sou Facebook!
Nou se yon sant sante ki espesyalize nan:
• Swen dan (blanchiman, ekstraksyon, netwayaj)
• Konsiltasyon medikal
• Famasi ak medikaman otorize
Vini jwenn nou pou yon sèvis rapid, pwofesyonèl epi san doulè.
Orè: Lendi rive Samdi — 8am a 4pm
Adrès: Cap-Haïtien (Carrefour Lachaux)
Ouanaminthe (H. Sonolab)
Téls :(509) 3493-5714 /4077-8527
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.