Ann grandi cheve'n ansanm
Paj lan kreye nan objektif pou nou ede chak grenn moun nan fason pou yo pran swen cheve yo.
Lwil Jiwof pou Cheve w
Jiwòf genyen Vitamin A, Vitamin B6, Vitamin B-1, Vitamin C, Vitamin E, Vitamin K, Potasyom, Kalsyom, Fè, Zenk, Magnezyom
-Pataje! Pataje l pou lot moun ka konnen koman pou yo pran swen Cheve yo!
-Peze ti pous la pou w Abone ak paj la si w poko fè sa, pou w jwenn plis konsey ak resèt natirèl toujou.
Benefis Jiwòf pou Cheve w:
1. Ede w trete Kap
2. Ede Cheve w grandi pi byen, an Sante
3, Fè Cheve w founi
4. Ede w trete Alopesi (chit, Bo tèt Kale)
5. Bay cheve w fos pou yo pa kase.
6. Ede cheve w pa blanchi bone
7. Bay cheve w bèl ekla
Prepare Lwil Jiwof pou swen Cheve w,
Sa wap bezwen:
½ tas lwil oliv
½ kiyè Jiwof (cuillère à café)
Yon Bokal kristal
Mete Jiwof yo nan Bokal la.
Vide Lwil Oliv la sou Jiwof yo.
Byen fèmen bokal la, epi souke l 3 a 4 fwa pou lwil la ak jiwof yo byen melanje.
Kite bokal la yon kote ki fè nwa pou 14 jou.
Apre 14 jou a, koule lwil la pou w retire jiwof yo.
Itilize lwil Jiwof la pou swen cheve w. Toujou melanje l ak yon lot lwil, tankou oliv, kokoye, zaboka lè w ap sevi avè l. Ou ka mete l nan krèm idratan, shampoo, leave-in conditioner, lwil ou fe masaj pou tèt ou, "bain d'huile", swen pwofon.
Si w konsève lwil jiwof la yo kote pou l pa pran limyè, li ap rete pou anviwon 4 mwa.
, ,
Merci déjà😘
12/05/2023
TÈS POROZITÉ
- Ou vle konnen ki tip cheve'w genyen?
- Kijan pouw trete'l poul pouse pi rapid?
Vin li sa👇🏼.
Tès porozité son tès ki pèmèt ou konnen ki tip cheve ou gen nan tèt ou, sa kap ede'w pran soin yo pi bien pou yo pousé pi rapid e en santé.
PA BLIYE GEN 3 TIP DE POROZITÉ:
1- Fèb
2- Nòmal
3- Fò
KIJAN WAP FÈ TÈS SA?
Wap pran on vè dlo pròp ak on ti kantité cheve paw (li ka cheve ki te soti nan tèt ou leu wap penyen) men fòk cheve a pròp, san grès e fòl sèch.
Wap mete cheve a nan vè dlo a epi wap kitel ladann pandan 10 a 15 minut (ou ka al regle afèw pandan sa).
KISA RESULTA YO VLE DI?
1- Si cheve a rete anlè dlo a, POROZITE'W FÈB.
Sa vle di po tèt moun sa rebèl nan kesyon absòbe dlo avèk lwil.
Ou dwé toujou chofé lwil wap met nan tras tèt ou epi lavé cheve'w ak dlo tyèd pou rasin nan ka prè poul resevwa sa wap bal yo (lè sa, pò yo ap vin ouvè). Siw mete lwil frèt, lap toujou rete anlè po tèt la, li pap antré poul fè efè yo, sa kap koz chevew toujou gra, yap kase.
- Priorizé lwil d'OLIVE, ARGAN, ZABOKA, KARÒT avek JOJOBA.
- Evité utilisé soin protéiné trò souvan.
- Evité lwil ki lou yo tankou RICIN, KOKOYÉ, LWIL KARAPAT.
2 - Si cheve a rete nan mitan vè a, ou gon POROZITÉ NÒMAL.
Cheve sa idraté facil e li pa séché rapid. Ou ka utilisé preské tout lwil men avèk moderation.
Ou ka lave cheve'w a dlo tyèd oubyen dlo frèt.
Ou ka fè soin ou vle suivan jan ou wè cheve a te ye pandan semèn nan.
Cheve sa fasil poul pousé si ou pa maltréte'l.
3- Si cheve a desann anba vè a nèt, ou gen POROZITÉ FÒ.
Ou dwe toujou lave cheve'w a dlo frèt, toujou pasé lwil nan tras tèt ou paske cheve sa bwè lwil rapid.
Avan'w penyen, fè ti mouyé cheve a tou piti poul ka toujou baw bon randman.
- Grès ki ideal pou ou se LWIL RICIN, KARAPAT, LWIL KOKOYÉ.
- Evité bay cheve'w chalè paske lap sèch rapid.
- Cheve sa renmen soin protéiné men fèl a moderation.
Gen moun ki gen tou les 3 tip cheve sa yo nan tèt yo. Moun sa yo dwe altèné soin yap bay cheve yo sa vle di chak semèn ou dwé trete cheve'w on fason diferan suivan saw wèl bezwen. Wap fini par abitué.
PS: Konsèy sa yo valab pou NI CHEVE NATURÈL, NI CHEVE ki gen PÈMANANT, NI MOUN KI DREAD.
Mwen Saluer chak grenn moun ki sou paj lan
Jodia nou vinn Fon ti pale de porozité.
Kisa porozité an ye?
Porozité se yon bagay Ki vrèman enpòtan
Ki ap edew bati yon bon woutin kapiyè
Porozité se kapasité ke chevea genyen pou li ka absòbé E kenbe imidité.
*Gen 3 tip porozité*
1)porozité fèb:li difisil pou chevea absòbe idratation,ekay cheve sa yo fèmen Ki vinn fè pwodwi yo mal pou penetre,tip de cheve sa yo bezwen plus Mask idratan ke pwoteyin.
2)porozité normal:se yon cheve an santé,cheve yo absòbe byen fasil ,E kenbe idratatyon.
3)porozité fòt:ekay cheve yo ouvri,yo absòbe idratatyon rapid,men li difisil pou yo kenbe idratatyon(sa vle di ou t mèt ba yo dlo kounya,nan on ti tan ou wè chevea gentan sèk.
Pouw ka konn Ki pwodwi E Ki mask kap fè chevew byen,fòw konn tip porozitéw.
Gen plizyè tès ou ka fè pouw ka konn tip porozité kew genyen
Nan yon prochenn post map esplike nou.
Map envite nou #, #, # E kite yon konmantè map reponn ou😘
Bonne semaine 🙏
#
Catégorie
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Notifications
Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ann grandi cheve'n ansanm publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.