dekouvri Saw pat konnen

dekouvri Saw pat konnen

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de dekouvri Saw pat konnen, Santé/beauté, Port-au-Prince, Delmas.

11/08/2024

Votre succès dépend en grande partie de vos actions. Vos actions dépendent de vos sentiments.vos sentiments dépendent de vos pensées. Vos pensées dépendent de vos paradigmes. Alors si vous voulez apporter des changements réels dans votre vie, vous devez contrôler votre entourage et prendre de bonnes décisions.

17/07/2024

Tant que vous n'essayez pas vous ne savez pas si vous êtes capable ou pas!

17/07/2024

En choisissant de ne pas donner ce que vous devez vous vous appauvrissez

24/05/2024

Si'w gen yon mantal ki ase fò, l ap rive mennenw kote kò w pa kab mennenw.

16/05/2024

Li trè difisil e menm enposib pou sak soti anndan w lan diferan de moun ou ye an.

09/05/2024

Kamarad
Ou mete bèl Mas
Wap mandem felisitew pou bèl rad?
Èske mas ka rad?
Antouka se ou ki dim maskarad.
Mw m konnen Mas pa rad. Si'w vle ou kab tounen chaloska, mete Mas al sou Channmas bay bèl parad
Men toujou mete nan tèt ou Mas pa rad

22/04/2024

Bonjour !
Non mwen se *Pierre Lauders*. Mwen se yon *Distributeur produits AMWAY*

Pwodui sa yo regwoupe yo nan 4 domèn tankou:
1) *sante*
2) *swen kòporèl*
3) *bote*
4) *netwayaj*

Men kèk pwodwi nou genyen:

*Garlic* pou stabilize tansyon

*Glucose healph* pou moun ki diabetik

*Cal mag D + Joint healph* pou moun ki fè atwoz

*Omega* pou sante kè, zye ak sèvo

*Iron folic* pou moun ki anemi

*Prostate Healph* pou gason ki depase 35 an fè prevansyon kont pwostat

*Double X* pou nou mete ekilib nan kò nou, konble tout karans nitrisyonel, anpil enèji

*Body Key* pou moun ki bezwen boule grès nan kò yo, kase vant

*Chewable* pou moun ki gen pwoblèm kis nan kò yo

*Vitamine C* pou nou ranfòse sistèm iminitè nou

*Clear guard* pou moun ki gen pwoblèm respiratwa, pou chase *rhume*

*Fiber powder* pou moun ki bezwen netwaye estoma yo, entesten yo.

*Liverpool support* pou moun ki bezwen netwaye *foie* yo.

*Savon miel, savon blanc, krèm, deyodoran dantifris, ben de bouch, rafrechisè alèn, chanpou, luil pou cheve, etc.*

Yon pakèt pwodui ekstraòdinè kap edew rezoud anpil pwoblèm.

Si sa enteresew pa ezite kontaktem. Ou kapab ajoutem nan lis kontak ou tou pou kapab wè imaj pwodui yo sou pwofil mwen.

Mèsi pou konpreyansyon w!

06/04/2024

Pa bay frè w oubyen sè w yon tretman ou pa tap swete yo ba ou. Se sa la sajès.

04/04/2024

Èske se lekòl ki fòme moun ki rele tèt yo jounalis yo ki pa bon oubyen se mechanste yo. Nan chèche pou yo gen plis ekout yap kraze brize ak bouch yo. Jounalis peyi Dayiti pa respekte pouvwa pawòl ditou. Anpil bagay ki rive la a se swadizan jounalis yo ki mete nou la. Se nouvèl yap bay kite yo bay nouvèl.

09/03/2024

*Mwen fè yon gwo rèv*

Mwen reve yon peyi kote ke tout moun dakò mete tèt yo ansanm pou yo fè yon *rekonsilyasyon nasyonal*. Toupatou kotem pase m tande tout moun tap pale yon sèl koze: *Ann sove sa ki rete yo*.

Mwen paka konn konbyen tan rèv la te dire. Menm te wè anpil bagay. Mwen te wè yo fè enstriksyon sivik ak moral tounen yon priyorite nan tout lekòl. Tout chèf fanmi yo te tonbe enstui pitit yo sou valè ak diyite moun genyen nan yon peyi. Lamenm tout timoun yo te gentan tounen filozòf angaje. Yo tout tap repete yon sèl bagay, yo tap di: *Ayiti pa sa yo dil ye a vre, men li se sa noumen nou vle fè avèk li a.*

M pa konn konbyen tan sa te pran pou fèt. Menm wè tout moun te gentan konprann yon bagay. Yo te di: *nou sispann eskòpyon kap pike pwòp tèt li, kounye a annou fè yon chèn solidarite pou nou sove peyi nou*.

Se konsa m te wè tout chèf baz yo pran konsyans. Yo chèche yon gwo kamyon epi yo pwonmennen chèche tout zam nan tout ti kwen yo fè yon gwo koli, yo kondui l bay lapolis. Chèf prensipal yo menm te mande lapolis pou fè yo peye tout krim yo te fè. Men olye lapolis te arete yo se te gwo akolad ki tap tonbe. Moun sa yo pat tonbe anba men ministè lajistis men pito sou kontwòl ministè edikasyon nasyonal ak ministè zafè sosyal ak travay, m pa ka di pouki rezon sa te fèt konsa. Sèlman m te wè anpil moun ap chante yon bèl kantik: timoun kòm granmoun tap di: *gwo van an sispann soufle sou Ayiti, kounye a se lè pou lapli delivrans lan tonbe poul pote ale tout san inosan ki te koule yo, poul pirifye tè a, pou bon grenn jèmen epi pote bon fui pou yon lòt Ayiti.*

Mw tap chèche yon ti sachè plastik nan lari m pat jwenn. Paske tout moun te mete men, tankou te gen yon *konbit nasyonal*, yo netwaye peyi a nan yon batje. Anpil moun te kòmanse desann kloti lakay yo paske yo tap viv san kè sote. Mw te wè yon pakèt tab ranje nan tout lari. Se tankou ta pral gen yon *selebrasyon nasyonal* nan tout peyi a. Anpil moun nan lòt nasyon tap chèche mwayen pou antre nan péyi a pou te kapab viv gwo evènman sa a. Se toupatou nan lemonn antye yo tap bat bravo pou Ayiti yo tap di: *men kisa moun nwa yo ka fè.*

*Pataje mesaj la bay tout moun ki nan kontak ou jiskaskel retounen vin jwenn mw lè sa a map voye 2e epizòd la pou ou*

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Port-au-Prince
Delmas