Kelisa's beautiful

Kelisa's beautiful

Partager

Vous trouvez de bonne chose pour votre cerveau

16/09/2023

Beautiful house

C'est pour les célibataires 😂

16/09/2023

Plongez dans l'univers envoûtant de Bedjine et Kadilak, un duo musical dont la créativité est à son comble ces dernières semaines. Leurs mélodies captivantes ont su capter l'essence de l'actualité, nous emmenant dans un voyage sonore inoubliable. 🎶✨ De l'harmonie à l'état pur qui résonne en nous, nous rappelant que la musique transcende le temps et l'espace. Laissez-vous emporter par leur talent et découvrez le son de l'avenir. 🚀🔥

03/10/2021

ayisyèn yo pran plezi bwè te jenjanm lè yo pral akouche pou bebe an ka sòti pi rapid, metòd sa touye anpil bebe ,pete matris fanm ansent, pataje tèks sa pouw alète fanm ansent nou yo, paskem wè fanm kap akouche ki konplike e ki avwe se te jenjanm yo sot bwè

Lè yon moun bwè te jenjanm avanl al akouche sa ogmante fòs kontraksyon matris e rit matris la ap kontwakte , poukisa matris la kontrakte lè fanm ap akouche , rezon an se pou ka dilate kòl matris la, poul ouvri pou bebe an pase, wap konnen ke matris la ap kontrakte se lèw manyen vant fanm ansent lan ou remakel di e se nan moman sa wap wèl ap rele doulè..

se kontraksyon matris la ki koze doulè kay fanm ansent, tout pandan gwosès la fanm ansent ap santi ti kontraksyon sa yo men yo pap fè anpil tan ,ni yo pap apwoche ,si yon fanm ansent ta remake mwal pako rive epi kontraksyon sa yo fò e yo apwoche konnenl sou wout pou avòte se kouri al kay doktè

Eben pou matris fi an ka ouvri kòl matris rapid li poul ka akouche pi rapid paskem di nou te di nou ke te jenjanb ogmante entansite a rit kontraksyon matris la ki pral ouvri kòl li ,fanm ansent yo bwè te jenjanb yo di yo fè matris yo chomen se byen konte mal kalkile kontraksyon sa yo pa dwe twò dire ni twò apwoche , a chak kontraksyon ki fèt bebe an antre an soufrans paskel anpechel jwenn oksijèn nan san manman

e sak fèw wè lèw pral akouche yo toujou ap tande bri kè bebe an se pou gade sil pa antre an soufrans paske nan faz sa bebe an strese anpil e lè l dire twòp bebe an konn twalèt sou li andan vant manman a koz de ogmantasyon aktivite trip li sa vin fè twalèt melanje a likid ki nan vant manman e bebe an konn vale l li konn desann nan poumoul e anpechel respire e sak fèw yo konn ap retire sekresyon nan bouch a nan nen bebe an lèl fin fèt,lè bebe an pa jwenn ase oksijèn li konn antre an asidoz e sa se youn nan rezon nou wè bebe yo fèt tou mouri

youn nan konsekans ankò , lè kontraksyon matris twò fò a twò pwolonje, matris fi an konn pete e koze l pedi anpil san sak konn touyel , nou jwenn sa anpil lakay fanm ki te fè sezaryèn kal fòse sou matris la , a koz de sikatris ki gen sou matris la li kreye yon pwen feblès ki ka pete matris la

Kidonk medam atansyon an koze te jenjanb pou akouche rapid sa

Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans

Idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

27/09/2021

Men kèk kesyon tout fi ta dwe jwenn repons sou koze sezaryèn tankou konbyen sezaryèn yon fi ka fè? Aprè konbyen tan yon fi fin fè sezaryèn dwe fè sèks? Prensip yon fi ki fin fè sezaryèn dwe respekte poul pa enfekte, pataje tèks sa pou plis ka jwenn konesans

Pataje tèks sa pou plis ayisyèn gen konesans sou sa paske anpil fi fè sezaryèn anpil pa gen konesans sou li em konnen fi ki mouri nan bagay sa aprè yon nonb de sezaryèn matris li pete nan pwochen gwosès la nan al eseye akouche pa vwa nòmal

👌Maksimòm sezaryèn ke pi fo Doktè rekòmande se 3 sezaryèn, men pa gen okenn konsantman definitif sou kesyon sa a.

👉An jeneral, doktè di ke yon fanm pa ta dwe akouche plis pase 3 fwa par sezaryèn, katriyèm lan gen risk pou gen pwoblèm nan manman ak ti bebe -risk yo wo anpil. Sepandan, avèk perfeksyon nan teknik pou entèvansyon sa, te pèmèt anpil manman fè 4 oswa plis sezaryèn.

👉Atik sa a eksplike ki risk ki ogmante ak chak Cesarean ak konsekans ak ki chans ki genyen pou Akouchman vaginal apre yon sezaryèn.

🤔3 SEZARYÈN, SE MAKSIMÒM SEZARYÈN REKÒMANDE

👉Pa gen okenn repons egzak ak pou kisa ekziste total sa, nan kesyon sou konbyen sezaryèn yon fanm ka fè. Doktè jeneralman deklare ke kantite maksimòm ki rekòmande a se 3. Men, gen konsiderasyon ki dwe pran an kont.

👌Kounye a, yo konsidere ke kalite ki pi an sekirite nan sezaryèn segman transverse la, ki gen ladann yon koupe orizontal anwo p***s la. Nan fason sa a, kantite fib ki domaje yo mwens ak mak la se pi rezistan pase paske lè yo koupel vètikal.

👉An teyori, si sezaryèn anvan te fèt ak menm teknik lan epi yo pa te gen okenn konplikasyon, ou ka fè plis. "Nan yon epok yo di ke 2 se te maksimòm lan, apre sa a, 3, e kounye a, li sanble ke pa gen okenn limit pase ekspètiz chirijyen an," eksplike Juan Acosta Díez, yon ekspè nan jinekoloji ak Obstetrik nan Lopital Jeneral nan Cataluña.

👉Sepandan, li pa dwe konsa. Nan Yon etid ki te pibliye nan wayòm unis an 2013 te konkli ke sezaryèn repete gen anpil risk. Travay la te konpare ka manman yo nan 2 zyèm, 3 zyèm oswa 4 yèm yo ,avèk moun lòt moun ki te fèt nan fason sa a pou 5 kyèm fwa a oswa plis.

Rezilta yo endike ke fanm yo nan dezyèm gwoup sa a te soufri "siyifikativman pi gwo" emoraji obstetrik, domaj viseral ak admisyon nan inite a swen entansif pase sa ki nan premye gwoup la. Anplis de sa, timoun ki fèt nan manman ki gen 5 oswa plis seksyon sezaryèn yo te gen plis chans fèt anvan 37 semèn jestasyon, ak pwoblèm yo ki konsekan ki prematire .

🤔RISK KI OGMANTE AK CHAK SEKSYON SEZARYÈN

👉Risk prensipal la nan sezaryèn konsekitif nan yon fanm ,se lefèt ke mak yo nan chak operasyon koz tisi yo febli , ak nan chak gwosès chans pou yo soufri yon ripti matris. Sa a se yon konplikasyon ki grav anpil, ki met an danje lavi yo nan manman an ak ti bebe an.

👌Gen lòt faktè risk. Gen sa yo rele "aderans ", ki rive lè, apre yon operasyon, mak entèn nan sezaryèn moun nan ka lakòz yon ògàn tache nan yon lòt ,sa se pawòl Acosta Díez, epi li di ke sa "ka jenere doulè epi fè lot entèvansyon yo pi difisil, ogmante risk pou gen blesi nan blad p**i a oswa trip la, se sa li pran kòm egzanp."

👉E gen tou posibilite pou plasenta a antre nan zòn mak la ak anvayi kouch yo fon nan matris la." Kòm yon rezilta, ka gen emoraji entèn.

🤔APRE YON SEZARYÈN, YON FI KA GEN YON AKOUCHMAN NOMAL OU VAJINAL?

👉Yon kwayans ki lajman ekziste depi lontan sè ke yon manman ki te fè yon pa kapab fè yon akouchman vajinal anko. Men, li se yon fo kwayans. Pwotokòl Sosyete Espayòl Jinekoloji ak Obstetrik (SEGO) eksplike ke, "byen ke matris la gen yon risk ki pi wo pou yon ripti nan yon fanm ki te fè yon Sezaryèn, Akouchman vajinal lan posib nan pi fò ka yo, yo san danje pou tou 2. manman an pou fetis la ”.

🤔Dokiman an endike ke pousantaj siksè nan Akouchman vajinal apre yon seksyon Sezaryèn se ant 72% ak 76% moute de 87-90% lè, anvan seksyon Sezaryèn, te gen deja yon lòt Akouchman vajinal. Pou rezon sa a, sosyete jenekolojik obstetrik espanyòl , mete aksan sou ke "ta dwe gen yon tantativ akouchman vaginal nan tout fanm ki gen yon sezaryèn anvan yo, yon fwa ke yo ekate kont-endikasyon yo regle ak enfòme fanm ansent sou risk ki genyen ak benefis nan Akouchman vajinal ."

Men kèk prensip yon fi ki fin fè sezaryèn dwe respekte:
-pa pran dlo cho poul pa pete fil la
-pran antibyotik yo nòmalman a medikaman sipleman yap baw yo sitou siw anemi
-pa leve bagay lou
-lew ap bouje kenbe plè an
-pa al eseye retire fil la respekte lè yo diw retire l la
-lèw ap touse peze plè an poul pa ouvè
-lew fenk fèl ou pa dwe manje touswit ,lèw fè pete ou ka komanse bwè detanzantan wap pran gwo manje pa komanse direkteman a gwo manje, pa bwè ji ki ka fèw konstipe tankou ji gwayav

Like & pataje pou plis fi ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
Dr Jean David Laurangilles & Kerry NORBRUN

Pa bliye abone a paj Dr jean David Laurangilles jis klike sou link ki anba 👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇

https://www.facebook.com/Dr-Jean-David-Laurangilles-officiel-109277947243455/

08/09/2021

🔴Prekosyon pa kapon❌

✅Sa tout Moun dwe konnen :

Si wap itilize GAZ PROPANE, tèks sa ap ede'w.

Lè'w fin li'l pa kenbe'l pou ou sèl

👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt moun e sove lavi on lòt moun

👉Jodia nap eksplike'w kòman pou pwoteje tank "Gaz Propane" ki lakay ou an, yon fason pou evite tout dega..

Gaz Propane, oubyen GPL (Gaz de Pétrole Liquéfié)
Se yom kabiran ki sòti nan petwòl, yo stoke li jeneralman nan yon tank ki gen fòm silend, e yo ajoute presyon ladan pou fasilite li sòti nan tank la, rive nan konbisyon li.

1. Èske se yon gaz ki frajil.?

👉Tout gaz frajil, men gaz trè frajil an rezon presyon an ki ap fasilite li pran espas, se ou menm ki pou pran prekosyon avèk li,yon fason pou li pa koze dega e pafwa lanmò😓.

2. Ki prekosyon ou dwe pran ak yon tank gaz propane ?

👉 Pa kite❌ tank lan kote timoun ka al jwe nan li.

👉 Mete tank la nan yon pozisyon ki favorize aerasyon ak aksè rapid nan ka aksidan (Deyò kay la, se pozisyon ideal)

👉 Si'w pran sant gaz andan kay la, fèmen recho oubyen fou a, kite tank la ouvri pran yon ti kim fab mete tt kote gen jonksyon yo, tt kote ki fè boul se tt kote ki fen fwit gaz.
Oubyen fèmen tank la, rele yon Pwofesyonèl GPL.

👉 Se pa sèlman alimèt ki ka mete dife🤷‍♀️
Fè a repase chabon, recho chabon, fil elektrik kap fè mas pa dwe itilize nan zòn ki gen recho pwopan kap sèvi.

👉 Itilizasyon telefòn pa gen okenn danje a kote yn sistèm pwopan senp.
(Recho, fou, bonbòn)
Men pou tout Fou oubyen Recho ki gen yn sistèm elektrik konplèks sou li
(Fou boulanjri, Fou Pizza), Itilizasyon telefòn ka favorize yn deregleman nan sistèm elektirik la.
Tout kote ki gen gaz ak sistèm elektrik an plas, ou pa dwe itilize telefòn. Paske sa ka andomaj sistèm elektrik la, ki ka vin pwovoke dife.

👉 Chanje tiyo ak regilatè gaz la chak 2 - 3 ans. Pa tann se lè rat🐀 manje tiyo a pou'w chanje'l.

👉 Itilize yon tib nan longè 7 - 10 pye, konsa li pap two pre recho a, ni li pap twò lwen paske lè li lwen, ou pèdi kontwòl sou tib la.
Sa ki ka lakòz li koupe san w pa konnen.

👉 Si w vle mete tank la lwen, kontakte yon Pwofesyonèl pou fè enstalsyon kondwi ak tiyo galvanize pou ou, jamè ak tib.

👉 Mezanmi,tanpri souple🙏 Pa pote🚫 tank lan nan pozisyon Horizontale (kouche), Se verticale ou dwe pote tank lan (kanpe).
Panse ak yon galon dlo, ou pote kouche, nan balanse dlo a ap rive pouse bouchon an soti.
Se menm risk la, pou tank gaz pwopan lè w pote l kouche.

Sa vle di pa mete tank lan kouche🤷‍♀️ se gwo danje❌sa ye

👉 Toujou itilize yon Extincteur, pou si'w ta fè neglijans,e yon dife ta eklate nan kay la,pouw ka gentan etèn dife sa, avan menm ou rele Ponpye.

👉 Tank pwopan yo, fèt an asye yo gen yn dire Itilizasyon de 10 a 12 ane a pati dat li fabrike a. Aprè dat sa, se sèlman yn Sant sèvis Gaz pwopan ki dwe verifyel pou ou, fikse l si nesesè, e otorize w sèvi avèk li.
(Dat fabrikasyon an make sou tt Bonbòn, nan pati manch pou leve Bonbòn nan)

👉 Revize tank ou avan menm yo mete gaz ladann

👉 Asire w ke sil ki nan Regilatè a ti kaoutchou a, rete nan Regilatè a chak fwa wap konekte ou dekonekte li.
Si ti kaoutchou pa nan Regilatè a se yn gwo fwit gaz wap jwenn, gwo risk dife.

Patajel pou sove lavi fanmiy ou zanmi ou e moun ou pa konnen

Kredi Tèks:
Gaüs Jules, Teknisyen GPL
Alpha Enèji

14/08/2021

😊Bonjou 🍪☕


Antouraj ou pap toujou kanpe avè w nan tout siskonstans. Men travay pou yo toujou bezwen w, pou w toujou itil nan je yo. Moun ki lage w jodya yo, ap tounen vinn jwen ou demen lè w gen bagay nan men w. Souvan moun ki te lage w yo se yo kap anvayi w lè sa vinn ap mache. Anpil moun gen pou ba w do, sitou nan move moman yo, men pa bay vag, kontinye avanse. Travay pou w eklate yon jou, travay jouk rezilta travay ou fè yo retounen sou ou.

_Klike sou lyen sila pou w jwenn nou sou tout platfòm !_
*Lyen:* https://linktr.ee/MaxMotivation

*MAX.MOTIVATION*
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳

14/08/2021

😊Bonjou 🍪☕


Anpil moun toujou ap repete vye pawòl sou avni moun. Sitou kèk paran, pwofesè, lòt zanmi ak fanmi kap di w pap janm anyen nan vi w. Pa koute move pawòl dekourajman sa yo. Toujou rete soude ak vizyon w, ak rèv ou, ak pwojè w. Olye yo dekouraje w, kite pawòl sa yo bouste w pito, pou w travay plis pou yo pa janm gen rezon. Sitou paran yo, sispann repete timoun nou yo vye pawòl sa kap fè yo pa kwè nan tèt yo. Move lang pèsòn pa gen pouvwa sou avni w, mennen bak ou byen, travay pou avni w ka bèl.

_Klike sou lyen sila pou w jwenn nou sou tout platfòm !_
*Lyen:* https://linktr.ee/MaxMotivation

*MAX.MOTIVATION*
_"motivasyon w chak jou"_ 🌳

11/08/2021

Emy Dany Official 😍😍😍😍🙌🏾

Téléphone

Adresse

Rue Villate
Pétionville
HTTPS579

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Kelisa's beautiful publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Souscrire

Nous vous informerons quand tout se passe à Pétionville.