ChoKreyòl
ChoKreyòl la pou fè pwomosyon pou kilti ayisyèn ak Pwodiksyon lokal ankadre ak ankouraje peyizan
18/06/2026
18/06/2026
40 59 2901
18/06/2026
Ret branche
18/04/2026
Vin konsome lokal
14/04/2026
Bonsole pèp kreyòl la 🇭🇹
Ann viv kèk bèl imaj Festi Kodonè ke estrikti Chokreyòl te òganize 18 Me pou selebre fèt drapo nou. Se te yon gwo moman kote 3 vil te reyini pou mete kilti nou an an valè, chante, danse epi sonje richès tradisyon nou.
Anpil moun ap mande:
Èske lap fèt ankò ane sa a?
Kijan lap fèt?
Wi, mouvman an la toujou! Men yon aktivite konsa pa ka fèt san sipò tout moun: lidè kominotè yo, otorite yo, biznis yo, ak tout moun ki renmen kilti peyi a.
Nou mande lameri, enstitisyon yo, ak tout bon sitwayen ki vle wè vil la avanse, pou mete men ak nou. Paske Chokreyòl deja kòmanse travay la, men fòk nou kenbe flanm nan ansanm.
Ann leve kanpe pou aktivite kiltirèl vil la pa mouri.
Ann ankouraje jèn yo, ann pwoteje tradisyon nou, ann fè kilti nou briye.
Kilti se rasin nou. Si nou pwoteje l, nou pwoteje lavni nou.
Si ou kwè nan mouvman sa a, pataje mesaj la, sipòte l, epi vin patisipe.
Ansanm nou ka fè Festi Kodonè vin pi gwo chak ane.
Chokreyòl frape tanbou a… ann reponn prezan! 🔥🥁
14/03/2026
🎉 Bon Rekòt Kafe pou ou, Valdy Pierre-Paul! ☕🌿
Jodi a se yon jou espesyal paske se anivèsè nesans yon fanm vanyan, yon jèn fanm angaje ki toujou kanpe bò kote Chokreyòl. Nou vle di Bon Rekòt Kafe ak anpil rekonesans pou Valdy Pierre-Paul, anbasadris konkou Chokreyòl la.
Valdy, ou se yon bèl egzanp kouraj, detèminasyon ak lanmou pou kilti ak travay n ap fè pou mete an valè pwodiksyon lokal ak talan jèn yo. Tout ekip Chokreyòl fyè de ou anpil e nou swete w anpil benediksyon, plis fòs, plis siksè ak anpil lòt viktwa nan lavi w. 🌟
Ann ede mwen swete Valdy Pierre-Paul yon Bon Rekòt Kafe!
Kite yon mesaj pou li nan kòmantè yo pou montre jan nou apresye travay li ak prezans li nan fanmi Chokreyòl la. ❤️
Valdy, kontinye briye, kontinye vanyan. Chokreyòl renmen ou anpil!
08/03/2026
🌸 8 Mas – Jounen Entènasyonal Dwa Fanm 🌸
Nan Chokreyòl, nou fyè dèske nou se yon estrikti ki rasanble plis pase 300 fanm. Depi plizyè lane, anpil nan pi bèl aktivite ak reyalizasyon nou yo fèt gras ak angajman ak kouraj plis pase 90% fanm ki patisipe ladan yo. Sa montre aklè plas ak valè fanm genyen nan devlopman ak misyon Chokreyòl.
Nan okazyon selebrasyon 8 lane Chokreyòl, nou pran moman espesyal sa a pou nou onore, felisite ak salye tout medam ki fè pati estrikti a. Nou remèsye nou pou fòs nou, detèminasyon nou, ak kontribisyon nou nan mete kilti ayisyèn ak pwodiksyon lokal an valè.
Jodi 8 Mas, nou voye yon gwo salitasyon espesyal pou tout fanm vanyan Ayiti yo. Fanm ki leve chak jou ak kouraj pou bati fanmi yo, soutni kominote yo, epi pote espwa pou peyi a.
🌺 Nou di nou mèsi paske nou se poto mitan sosyete a.
🌺 Nou se fòs, nou se lavi, nou se avni.
Bòn Jounen Entènasyonal Dwa Fanm pou tout fanm Chokreyòl yo ak tout fanm vanyan Ayiti.
Ann kontinye mache ansanm pou n mete kilti nou ak valè nou toujou pi wo.
04/03/2026
🎉🇭🇹 8 LANE CHOKREYÒL – 4 MAS 2018 / 4 MAS 2026 🇭🇹🎉
Depi 4 mas 2018, nou te pran angajman pou nou travay san pran souf pou mete kilti ayisyèn nan ak pwodiksyon lokal an valè. Jodi a fè egzakteman 8 lane depi nap mache nan menm objektif la:
✔️ Ankouraje jèn yo
✔️ Ankadre jèn yo
✔️ Sipòte peyizan yo
✔️ Vann richès kiltirèl peyi nou
Nou remèsye chak moun ki pote kole avèk nou pandan tout wout sa a. San nou, Chokreyòl pa tap rive kote li ye jodi a. 💛
Se ansanm nap kontinye fè kilti nou briye, se ansanm nap kontinye leve drapo kreyativite ak pwodiksyon lokal.
🔥 Rete branche!
Nou pral selebre 8 lane sa yo jan sa dwe fèt. Rete konekte avèk nou pou nou ka vini fete gran moman sa a ansanm ak Chokreyòl!
Chokreyòl ap vanse… e se ansanm avè n! 🇭🇹✨
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Petit Goâve