Entretien et pousse du cheveu crépu
Coaching pour les femmes et filles afin de les aider à entretenir leurs cheveux crépus pour une pousse saine et efficace
14/06/2022
Hello kominote pam.
A chak sezon nan ane a cheve w mande on atansyon diferan paske yo pa gen menm bezwen en été, printemps automne ou hiver.
Cheve nou renmen sezon sa anpil ki se été paske majorité medam nappy yo soti nan zone twopikal. Ann ale pou konsey yo sou koman pou pran swen cheve w en été.
1- fok ou idrate w byen pa anndan. Sa vle di fok ou bwè anpil dlo, li kapab ji tou oubyen lèt. De tout fason en été nou konsome anpil bwason koz li fè cho.
2- kontreman ak nan sezon hivernal la kote ke li rekomande pou fè swen souvan, an été nou ka espase swen nou yo, sa vle di nou ka fè yo chak 2 ou 3 semèn. Akoz solèy lan, donk chalè a koz s*kilasyon san an vin fèt pi byen sa ki pèmet sébum nan byen koule nan cheve a pou l ka nouri yo. Pa enkyete nou, òganis nou rekonet sezon sa e lap ede n pran swen yo tou.
3- nan krèm idratan, leaving conditionner ou lait capillaire nap sèvi pou idrate cheve nou yo nou dwe ajoute bè cacao ladan yo paske li se yon ekselan pwotekte chalè. Poukisa se paske fok nou pwoteje cheve nou kont solèy la tou paske lew ekspoze cheve w twop nan solèy la lap nui yo. Pou pwoteje yo kont chalè a, fè sa.
4- été se moman vakans, gen nan nou ki pral nan plaj ou pisin, pou evite ke chlore ki nan dlo a aseche cheve nou, aplike bè cacao a ladan yo epi lew sot nan pisin ou plaj la fè on swen idratan pou revitalize yo, sinon yo riske kase.
5- ou kapab fè on coiffure protectrice, si w vle avek extension, lè map pale de extension la m pa fè referans ak gref, map pale de alonj ke w ka pote pandan 2 a 3 semèn siw ka sipote yo. Siw vle ou ka kite cheve w lib tou, poutan en hiver li pa rekomande paske yap gen tandans pi sek nan sezon sa. Fok ou fè coiffure protectrice.
Wi nou ka kite cheve nou pwofite de solèy la nan été dayè se moman yo. Men lè nou konnen nap fè pil tan ekspoze nan solèy, pou pwoteje yo nou ka mete chapo, on foula ou on perik, pou mw se li ki pi rezonab. Se te konsey mw pou nou sou koman pou jere cheve w en été. A byenyo pou on lot sijè.
09/06/2022
Hello kominote pam.
Toujou nan sousi pou nou evite engredyan toks*k nan pwodui nap sevi pou cheve nou e ki ka gen konsekans sou sante cheve nou ak sante kò nou, jodi a m vin pwopoze nou kek mak ki dispo Haïti e konpozisyon yo kòrèk ak yon gro pousantaj.
Fòn konnen depi se nan komes nap achte on pwodui li pap janm clean a 100%. Ou ka jwenn konpozisyon li bon ou natirel a 98%, 99% men pa a 100% .
Sa pa vle di kel pa bon pou sa. Men si nap achte on produi kosmetik nou wè ke pwodui ki konpoze l yo fet a baz de silicone, parabènes, polyethylènes sulfates e yo prezan nan tet lis engrendyan pwodui an pa pranl. Bgy sa yo pa bon pou sante cheve ak kò nou. Yo itilize yo nan pwodui chimik tankou détergent yo epi yo itilize yo kòm konsèvatè anti microbien nan kosmetik kòm makiyaj, dezodoran etc. Malgré sa si n ta wè nan produi sa yo tou évite yo.
Men kèk mak pwodui cheve nap jwenn ayiti ki pa mal :
Wap jwenn gam mak KeraCare. Yo gen gam pou cheve pemanante e gam pou cheve ki pa gen pemanant.
Gen gam Shea Moisture. Li gen gam produi ki koresponn ak selon porozite chevew.
Nou gen savon noir se pa yon mak men savon noir 100% natirel. Pou moun ti bidjè yo fè tèt nou kado yon savon noir kom chanpou ke w ka peye anviwon 120 dola ayisyen, Omwen sa ap koute nou sante cheve nou. Savon noir Haïti yo wap jwenn yo nan market olympique, compas market oubyn nan famasi. Li kouvri ak yon ti plastik blan e nan surfas lan li gen on ti etiket jon ki make 100% natural TAHA.
Apresa nou gen poud yo nou ka itilize kom chanpou tou ki 100% natirel tankou Shikakai.
Lè nap achte on produi komès map envite nou li lis engrendyan yo byen pou n detekte pwodui toks*k sa yo ladanl ke m te site nan pos m te fè fwa pase a. Li valab pou ni lè wap achte on chanpou, on rens, on krèm idratan on lait capillaire tou. Gen mak blofè ki di yo natirel poutan yo boure ak pwodui chimik. Moun ayiti ki di yo fè pwodui natirel pou vann yo, gad lis engrendyan yo tou e si tout fwa yo pa metel mande yo a kisa yo fel.
06/06/2022
Hello kominote pam.
Jodia m pote on lot sijè pou nou ki gen rapò ak chanpou toujou. Pifò Chanpou nap lave tèt nou avek yo telman byen mouse cheve nou ke sa fè nou kalifye yo de bon chanpou. Kite m diw pifo ladan yo konpoze de sibstans ki pa bon pou cheven e kap rann yo pi sèk toujou. Yo konn fòme on kouch sou cheve nou ki vizib selman ak mikroskòp. Kouch sa li menm li koz pwodui yo pa penetre byen nan chevew poul fè efel dwe fè a. Men pwodui nefas sa yo:
1- Sulfates
Yo itilize yo anpil nan chanpou dayè se ajan mousan yo ye ki koz chanpou an paret kimen konsa. Yo agrese po tèt ou anpil, iritel e pwoveke alèji. Wap rekonet chanpou an gen sulfate le w wèl gen engredyan sa yo: Sodium Laureth Sulfate ou Ammonium Lauryl Sulfate.
2- Parabènes
Yo itilize yo kom konsèvatè nan chanpou e yo soti nan pétrochimie, sa fè de yo des pwodui ki ka rann po tet ou sansib e ka kreye alèji tou. Yo gen kapasite Pou penetre òganis ou e nui sante w. Yo menm sispèk ke yo ka pwovoke kansè tankou kansè tete. Koman w ka rekonet Parabènes nan chanpou? Siw remake nan lis engredyan yo gen: Benzylparaben, calcium paraben ou isopropylparaben, ethylparaben, ou met konnen ou annafè ak Parabène.
3- Polyéthylènes de glycol
Yo trè pwoch de sulfates yo e yo rekonet Pou abime cheve moun tou kom lòt yo. Yo rele yo PEG e se on seri de solvant yo itilize nan koze enprimant. C gelifiants (gel) yo ye ki la pou bay chanpou an on aspè spesyal. Koman w ka rekonet yo? Tout prolyéthylène reprezante pa PEG ki suivi de on chif. Konsa ou ka jwenn ki pot non ki fini pa "eth"
4- silicones
Yo soti Nan endistri petwochimik tou e yo itilize pou demele cheve e ba Yon aspè fen e briyan. Epoutan! Yo rete poze sou cheve a la epi yo kouvri l sa ki anpeche swen yo penetre cheve w. Yo aseche chevew e yo souvan koz chevew tounen gra nan mwens ke 48h malgrew fin lave yo e yo prale nan tèt ou aprè anpil lavaj. Wap rekonèt yo nan on pwodui lè engredyan an fini pa cone ou xane tankou cyclopentasiloxane, cyclomethicone etc.
04/06/2022
Hello kominote pa m.
Nap eskize le fè ke nou te pase des semenn san piblikasyon fot de tan. Men nou tounen pou nou rebalanse anko e jodi a nou vin avek on nouvo sijè kote nou pral palew de chanpou.
Nou konnen fonksyon prensipal chanpou se pou lave cheve. Men gen diferan tip chanpou pou diferan tip cheve. Gen chanpou ki se tretman, gen chanpou pou cheve nòmal ki pa gen okenn problèm patikilye, pou cheve ki sèk, abime e ki gra.
Gen chanpou likid ou solid (savon).
Knya nou pral gade diferan tip chanpou ki genyen.
-Gen chanpou klas*k ki pa gen lot fonksyon ke lave cheve a. Se li nou pifo itilize.
-Gen chanpou swen ki adapte ak pwoblem estetik cheve an. Tankou cheve moun ki lis, ki manke volim etc.
-chanpou tretan ki reponn ak on bezwen patikilye cheve an, tankou pa egzanp gen chanpou kap edew konbat kap, kap nouri yo ki ap regile sébum cheve w si po tet ou ta pwodui plis sébum ke sal bezwen an.
Epi gen chanpou pou cheve sek.
Gen lot chanpou ansestral ke zansèt afriken yo te konn itilize ke moun yo vle tounen ak yo anko tankou chanpou luil kote w melanje 2 ou 3 luil ansanm epi aplike de rasin a pwent tankou se on chanpou nomal.
Gen chanpou a baz ze tou paske ze gen propriete lavan.
Bon mw pesonelman m pa teste yo e m pa kwè map fèl tou.
Epi gen chanpou a baz de poud ki efikas tou tankou Shikakai Bhringaraj.
Pou moun ki gen cheve nomal yo nou ka opte pou on chanpou ki pa agresif ki dou san pwodui sentetik pou n pa twouble ekilib cheve a.
Pou moun cheve sèk yo nou ka privilejye chanpou ki nourisan yo ki fet a baz luil vejetal, swa oliv amande dous ou bè karite.
Pou cheve gra yo opte pou on chanpou sebroregulateur sa vle di ki limite pwodiksyon sébum nan e kap pirifye po tèt ou ki a baz de zinc, menthe oubyen ortie.
Frekans pou lave cheve w depann de ou. Men li rekomande pou lave cheve w chak fen semenn, a la rigueur chak 2 semenn. Si w ap met pwodui souvan nan cheve w wap wè li plis ke nomal pou w lave yo pi souvan pou w pa toufe po tèt ou twop ak pwodui yo.
17/05/2022
Hello ma communauté !
Ou poko an mezi pou w achte on leaving conditionner ? On crème hydratante oubyen on lait capillaire pou w idrate chevew? M vle féw konnen ke w ka realize on losyon ou on krèm idratan poukow. Gen on pos nou te fè sou idratasyon deja. Siw pot ko li l nap envite w fè sa.
Nou sonje m te pale nou de plant lalwa deja. M te di nou ke l se on plant idratan pa ekselans paske li gen 98% dlo ladanl. E dlo se ajan idratan pa ekselans. Donk map montre nou koman pou n prépare on losyon idratan a baz de lalwa.
Pran on pat lalwa lavel byen lave, gen on likid jon lalwa a konn bay bat pou n retire l pou l pa pran nan melanj lan paske l pa bon. Koupe lalwa a e pran jel lan, pati blan. Nan on blenndè melanje chè lalwa a ak yon ti kantite dlo ki pa anpil. Mikse yo ansanm apresa filtre l pou rekipere ji an. Ansuit selon kantite an ajoute youn ou 2 kiyè gliserin vejetal ki se yon lot aktif kap ede cheve w ret idrate. Konsève l nan frigo pou l ka fèw on ti tan. Le wap itilize l mete l nan vapo e pa bliye le w fin aplike l sekirize l ak on ti kantite bè.
2ème opsyon.
Reyalize on krèm idratan a baz de bè karite e gel lalwa.
Pran on kantite bè, chofel au bain mari pou l fonn. Lel fin fonn ajoute jel lalwa a ladanl epi 2 a 3 kiyè luil preferew. Fwa sa wap mikse chè lalwa a san dlo, filtre l nan paswa ou on tisi ki fen lèfini jèl li bay la melanje l ak bè a ki fin chofe an. Ajoute on kiye gliserin vegetal e kek gout vitamin E pou l konsève lontan. Byen melanje yo. Si w pa gen vitamine E Konsève l nan yon kote ki sèk e fre.
Si w ap achte on crème ou leaving conditionner pou idrate cheve w asire w kel fet a baz de miel, lalwa, gliserin vejetal paske yo se aktif ki la pou idrate cheve. Fok omwen ou jwenn youn ladan yo ki fè pati de premye engredyan ki konpoze pwodui an.
Li enpotan pou n konnen ke pou cheve w byen idrate fòk ou bwè anpillll dlo paske idratasyon komanse anndan avan li fèt deyò. De tanzantan nan on jounen bwè on kantite dlo. Sin gen kesyon poze yo.
13/05/2022
Hello ma communauté !😊
Pou n fè suit ak seri de swen san rensaj yo jodia nou vle pale w de idratasyon.
Poukisa ou bezwen idrate chevew ?
Nou konnen deja ke cheve nou diferan de cheve lis yo. Natirelman cheve nou sèk paske li pa pwodui anpil sébum ki la pou nouri e pwoteje cheve a. Akoz fòm S cheve nou genyen an ti kantite sébum li pwodui a difisil pou l koule nan tout kò cheve an. Donk pou konpanse mank sa nou oblije idrate yo souvan e gras ak nitrisyon idratasyon an ap pote pou yo a yo pap sèk anko.
Koman pou idrate chevew?
Fè swen sa chak lèw fin lave chevew epi chak lè w santi yo sèk. Pou idrate cheve w wap bezwen Likid(dlo), Oil pou luil ou bè ki ka bè karité, mangue, cacao epi yon Crème ou lait capillaire.
Gen 4 metòd ou ka itilize pou w idrate chevew.
1-LCO metòd: (liquide, crème, Oil ki se luil). Nan on boutèy ki ka flite nap ajoute dlo, apresa divize cheve yo pa ti sekyon, seksyon nou pran an nap imidifye cheve a ak yon ti dlo, apresa pran yon ti kantite krèm byen pase nan posyon cheve an epi masel poul ka byen penetre, apresa pou sekirize idratasyon an pou l pa ale pran yon ti kantite luil pase nan kò cheve a epi trese yo.
2- LOC metòd: ( liquide, Oil, Crème). Pou metod sa wap fè menm Bgay la men a lenvès, wap met dlo avan, luil apresa epi krèm an dènye.
3-LB: (liquide,beurre) pou metod sa wap aplike dlo avan epi bè an dènye. Byen mase cheve a pou produi yo penetre.
4-LO: (liquide,oil). Pou metod sa aplike dlo avan epi luil aprè.
Eseye 4 metod sa yo pou n wè ki metòd ki fè cheve n kenbe idratasyon pi byen.
Idrate chevew ap pemet yo nouri, yo pap sèk, donk yo pap kase, e ki di cheve ki pap kase di cheve kap pouse, yap toujou bel e an sante.
Lè w fin idrate cheve w pa bliye, fok ou toujou domi ak yon bonè an saten paske zorye yo fèt ak twal koton e siw pa domi ak on bonè an saten koton an ap rale idratasyon an nan chevew, donk yap tounen sèk anko. Dayè ou dwe toujou dòmi ak yon bonè saten oubyen sou yon tèt zorye an saten pou evite chevew sèk.
12/05/2022
Hello ma communauté ! 😊.
Byenvini nan on nouvo sijè kote ke nou pral pwopoze w on seri de swen san rensaj. Sa vle di on ansanm swen ou ka fè aprè ou fin lave cheve w. Jodi a nap prezante w eau de rinçage. Kisa l ye?
Eau de rinçage la se yon swen apre lavaj chevew ki pèmèt yo kenbe idratasyon, pa minimize l kom yon jès senp paske li ede cheve w grandi e li edew restore ph cheve an selon pwodui wap itilize pou fèl lan.
Ph cheve an se on sot de asid natirel ke cheve w pwodui, li tankou on sot de manto ki pwoteje po tèt ou kont bakteri. Ph nòmal cheve an gen on valè de 5,5. Li konn dezekilibre akoz de pwodui chimik, sèche cheveux, produi lisaj, le cheve w ekspoze twop nan solèy epi lè w itilize pwodui kote ph yo pi piti ke 4,5 ou plis ke 7.
Mèyè pwodui ki rekonèt pou ekilibre ph cheve an se vinèg de cidre lan. Ph li inferyè a 7. Nap jwenn lot tankou sitwon tou, aloe vera ( lalwa).
Nan pwodui pou cheve nap achte yo, nap rekonèt ke yo gen on ph acide ki proche ph cheve an lè li gen konpozan sa yo: sodium hydroxyde, triethanalomine, behentrimonium chloride, amine oxydes, cetrimunium chloride, citric acide, ascorbates, citrus extracts etc.. Knya nap prezante w koman w ka prepare on eau de rinçage.
Eau de rinçage pou nouri cheve : 1 vè diri, 6 vè dlo cho, kouvri l, kitel tranpe pandan 15 a 20 mn. Aplike l depi nan rasin cheve jiska nan pwent.
Eau de rinçage pou briyans:
3 a 4 kiyè vinegre de cidre nan 1,5 ml dlo frèt. Melanje epi aplike l de rasin jiska pwent.
Infusion aux fleurs d'hibiscus: m panse nou konn flè choublak, wi ou ka entegre l nan swen w. Pran on kantite flè choublak mete l nan on 500 ml dlo, ou ka bouyi l oubyen mete l nan dlo e kitel poze pandan 1h de tan apresa aplike l sou tèt ou.
Ji sitron: pran on kiyè ji sitron melanje l nan 250 ml dlo, aplike l de rasin a pwent.
Nou ka fè eau de rinçage ak infusion klou jirof epi pèsi. Bouyi yo ansanm kite l frèt epi aplike l.
Tout swen sa yo pa merite rense ak dlo klè anko. Sof dlo diri a. Idratasyon se ap pwochen sijè nou.
08/05/2022
Hello ma communauté !😊
Pou nou fèmen sijè kote n tap prezante w byenfè kèk engredyan natirèl pou cheve nou, jodi a nou pral palew de poudres indiennes yo ou poudres ayurvédiques yo.
Poud sa yo se rezilta plant ki soti nan ayurvéda ki se yon sòt de medsin tradisyonel endyen yo itilize. Donk jan non yo endike l la poud sa yo soti nan peyi Inde. Yo itlize yo kòm remèd e kòm swen pou cheve tou.
Gen on varyete poud. Yo tout efikas e yo rekonèt pou pouse cheve moun. Yo gen kapasite pou netwaye chevew e pirifye yo, sa ki fè ke gen ladan yo ou ka itilize kòm chanpou tankou Shikakai ak Bringaraj. Yo bay cheve an volim e ba yo fòs.Yo konbat chit cheve, lite kont po tèt kap grate. Ba yo briyans e repare cheve.
Pami poud sa yo nou jwenn: Amla, Shikakai, Moringa, henné, bhringaraj, Brahmi, Harad, Neem,kapoor kachli etc..jodia nap prezantew 3 ki fè pale de yo plis paske sim ta pran pale de tout fòm ta detaye yo an plizyè lot pati anko e sa pap enteresan. An premye pozisyon nou jwenn:
1-Amla: li ogmante volim cheve an, li fè yo pouse e li rann yo rezistan. Li gen anpil vitamin C. Li pwoteje cheve w kont sechrès e kont polisyon ki nan anvironman nou. Li konbat chit cheve tou.
2- Shikakai: li gen anpil saponines végétales.Yo rekonèt li kòm yon trè bon swen netwayan e pou wòl li jwe nan pouse cheve. Li konbat kap tou.Li itilize kòm mas e chanpou.
3-Moringa: li konpoze de vitamin A ki kontribye nan fòmasyon sébum nan ki pèmet cheve a nouri e rete an sante. Zinc ki ladanl lan ede cheve a pouse e devlope kératine nan ki proteje cheve an. Epi li gen fer ladan l ki ralanti chit cheve an.
Pou prepare on swen a baz de poud wap chofe dlo epi w mete kantite poud wap mete an ladanl. Bol ak kiyè wap itilize yo dwe an bwa ou an plastik pou poud yo pa pèdi pwopriyete yo. Ou kapab ajoute nan preparasyon an lòt engrendyan w vle. M wè yo vann yo sou marketplace. Eseye mande.
Nan pwochen pòs nou gen poun fè nap palew de swen san rensaj yo, donk swen pouw fè pou chevew lèw fin lave yo.
04/05/2022
Hello ma communauté !😊
Byenvini nan 3ème pati sijè nou kote nou pral prezantew lot engredyan natirèl e ki byenfè yo pou cheve n. Jodia nap prezante ou 4 engredyan anko.
1- flocon avoine. Li se yon swen idratan, nourisan a la fwa. Donk pwopriyete sa li genyen yo rann cheve a dou briyan soup. Li se yon ekselan swen demelan tou, moun cheve rèd epi sèk yo, eseyel na di nou. Li gen anpil Pwoteyin ak fib ladanl ki rann cheve a fò. Li konpoze tou de calcium, phosphore, sélénium. Li rekomande pou moun ki gen cheve fen san volim yo paske li repite pou bay cheve volim.
2- pat rakèt. Yo konn konfonn li ak lalwa men li pa lalwa. Li soti nan menm fanmi avek lalwa, yo fè pati de plantes succulentes. Yo sanble sou kek pwen men yo pa menm. Plant sa ke nou souvan neglije e ki konn pouse nenpot koman nan tout raje a se yon package vitamin! A li menm sel li genyen vitamin B1 B3, B9, manganèse, magnésium, zinc, beta-carotène, vitamine E, oméga 3 ki ede cheve w rete elastik etc. Se yon ekselan swen idratan e demelan tou. Lew fin fè swen avèl li ede boukl cheve w kenbe fòm yo, li fè yo soup. Eseyel.
3- papaye. Wi nou ka fè swen ak papay. Li gen anpil beta-carotène ki lite kont cheve sèk,ede cheve w grandi epi limite kas chevew. Fwi sa konbat alopesi ki se chit cheve w ka gen nan diferan pati nan tèt ou. Li se yon bon swen idratan e nourisan. Li bay cheve a ekla, vi.
4- miel. nenpot tip cheve w genyen ou sipoze mete myèl nan swen wap fè. Li se yon imektan natirèl ki atire dlo nan lè a nan cheve w.Gras a travay sa l fè a cheve w kenbe idratasyon pi lontan, donk mwens sechrès e lap edew demele chevew fasil.lap rann yo briye gras ak enzyme dous li yo. Li gen antioxydant ki ranfòse follicule pileux an e se nan follicule pileux an cheve an ye,donk cheve an vin fò, mwen kasan.Li gen vitamin, acides aminés esansyèl ki ede chevew grandi.Li gen kapasite pou l pirifye po tèt gra yo.Myèl la konn eklèsi cheve.Li konn bal on ti koulè dore gras ak yon enzyme li genyen ki rele oxydase de glucose.
03/05/2022
Hello ma communauté !
Byenvini nan pati 2 sijè nou te devlope fwa pase a kote nou te prezante w kek engredyan natirèl e ki byenfè yo pou cheve n.
Jodi a nap prezante w 4 engredyan:
1- lalwa. Li gen vitamin A B6 B9. Li konpoze de 98% dlo, sa fè de li yon plant ki ekselan pou idrate chevew e ranfòse yo, sa ki rann yo kase mwens. Li gen kapasite pou l pirifye chevew gras ak vitamin ki konpoze l yo. Li kontwole sekresyon sébum nan ki nap raplew se yon grès natirel ke kòw pwodui e pafwa an kantite. Ou ka entegre l nan swen w siw rmen gen po tèt grate paske li bon pou sa.
2- kalalou. Li gen vitamin B2 B9 ak vitamin C a ki bay cheve a briyans. Li pèmèt chevew asoupli e ede w demele yo fasil si yo sèk epi mele, sa ki rann li konbat sechrès ke cheve w ap konfronte a e ede yo jwenn idratasyon nesesè a. Li fè boukl cheve w yo byen parèt e li ralanti chit cheve. Gras ak vitamin B2 ki ladanl lan, li patisipe nan pwodiksyon keratine nan ki se yon pwoteyin natirel ke kòw pwodui e ki enpotan pou sante chevew. Li jwe tou yon wòl enpotan nan kwasans chevew e ranfòse yo. Li ede cheve w konsève koulè natirèl yo e ede yo jwenn ekla yo.
3- mango. Li konpoze de vitamin ak minéraux ki nouri cheve w e ede yo grandi tankou vitamin E ki amelyore s*kilasyon san an, sa ki ap ede cheve w pouse. Li repare fibre capillaire la ki se yon ansanm de selil ki konpoze cheve w epi li lite kont kap tou. Se yon swen asouplisan e idratan ki konbat cheve sèk e ki manke vi.
4- yaourt nature. Li konpoze de vitamin ak asid gra ki nesesè pou kwasans cheve w e pote ba yo nitriman ke yo bezwen an. Li ede ekay cheve w fèmen, donk moun ki gen porozite ki fò yo ka entegre l nan swen yo. Li gen anpil pwoteyin ladan l ki bay cheve a fòs e fè yo pouse. Li redui chit cheve e ede w pran swen pwent cheve w pou yo pa abime. Li edew debarase po tèt ou de kap e idrate chevew byen, li ba yo souplès. Donk nap konprann ke li se yon swen pwoteyine e idratan a la fwa. Li kontrole PH cheve w e pwodiksyon sébum nan.
01/05/2022
Hello ma communauté !😊
Byenvini pou yon nouvo sijè kote ke nou pral pale w de kèk engredyan natirèl e ki byenfè yo pou cheve n ( pati 1).
A pati de konpozan engredyan sa yo e byenfè yo wap an mezi pou w konpoze yon mas mezon poukow an fonksyon de bezwen chevew.
Sijè sa ap devlope an plizyè pati. Jodia nap prezante w 5 engredyan natirèl .
1-fig🍌. Li konpoze de vitamin A B C E, magnésium, manganèse. Li pwoteje elastisite cheve w e li akselere pous chevew. Li nouri yo, anpeche kap fòme sou po tèt ou e li gen kapasite pou restore cheve w. Li rann cheve w dou briyan e gras a vitamin A ki ladanl lan li kontwole sébum ke kow pwodui sou fòm grès la e ki konn rann po tèt ou two gra pafwa.Li bon pou cheve sèk, frajil e abime.
2- zaboka🥑. Li gen vitamin A E B6 C epi Asid gra ki esansyèl yo kap pèmèt cheve w byen nouri.Li gen anpil pwoteyin. Li rann cheve w dou,fò briyan.Li ap bay chevew ekla e li bon pou cheve abime.
3- ze🥚. Li gen anpil biotine ladan l ki pèmèt li diminye chit cheve a. Li gen anpil pwoteyin tou ki pèmèt li nouri chevew. li rann yo fò e ede chevew jwenn keratin ki manke an. Keratin nan se on pwoteyin natirel ke cheve w pwodui ki protejel. Li detwi lew rmen pase cheve w e met pemanant e lot bgy anko. Ze a kontribye nan kwasans chevew. Li gen on sibstans ki rele luteine ladanl ki bay cheve w plis ekla, diminye kas chevew e ba yo plis briyans.
4- lèt kokoye🥥🥛. Li gen acide folique ladanl ki ede s*kilasyon san an fèt byen, se sa ki pral aktive kwasans cheve w e rann yo pi rezistan. Li rich an pwoteyin. Li adousi cheve w e ede yo démêle fasil. Li bon pou cheve ki sèk, abime.
5- mayonèz. Li konpoze de vinèg, ze epi luil vejetal. Gras a vinèg ki ladanl lan li redui kap epi gras a jon ze a li aktive kwasans chevew. Li repare pwent cheve ki abime. li adousi cheve w gras ak grès ki ladan l lan e rann yo briyan. Li bay cheve w volim tou e diminye chit cheve tou.
Se te la 5 engredyan natirèl ke nou te vle prezante w. Rete branche pou yon pati 2 anko.
25/04/2022
Hello ma communauté ! 😊
Byenvini nan dènye pati swen ak rensaj yo ke n vin oblije prezante an 4 pati. Byen ke nou te déjà pale de li nou vle prezante w li anko men nou pap rete sou li. Nap jis fè kèk ti presizyon sou li. Nou vle pale ou de masque capillaire.
Nou te fè on pòs sou li 16 avril pase ke nap envite w al li siw potko fè sa e on lot anko ke n te fè sa ka gen 5 jou. Menmsi mas se yon swen ak rensaj, gen de mas ou ka fè apre lavaj tou tankou mas idratan yo. Pou cheve a pa pedi souplès ou fin ba li aprè mas idratan an, nap envite w selman rense cheve w le w fin fè mas sa e lave yo avan w fè mas idratan an.
Epi fè mas ki adapte ak bezwen chevew. Pa fè erè fè tout mas ou jwenn sou entènèt san w pa konn si cheve w bezwen tip de mas sa vre. Se sak konn koz gen de mas ou fin fè olye li fè efè moun nan di lap fè nan tèt ou a ou wè l fè on lòt efè nan tèt ou ki pa satisfè w menm. Byento nap fè on pòs kote ke nou pral prezante w ki byenfè ki gen nan chak engredyan ki ka konpoze on mas mezon. Konsa wap ka konpoze on mas mezon poukont ou byen fasil epi konnen pi byenfè lap pote pou cheve w lew fin gen info sa yo.
On ti rapel sou 4 swen ak rensaj nou te prezante n yo.
-Bain d'huile la ou ka fè l chak avan w lave cheve w. Sitou pou moun cheve sèk yo. Fèl avek luil ki fè cheve w byen.
-Gommage la ou ka fel youn a 2 fois pa mwa. Siw pa gen s*k ou kafe a sou plas, ou ka ranplase yo pa sèl fen tou.
-Soin detox capillaire la ou ka fèl chak 3 mwa siw santi po tet ou bezwen respire pi souvan, sitou siw itilize anpil pwodui sou tèt ou, ou chak 6 mwa tou.
-Mas lan ou ta dwe fèl chak avan w lave cheve w. Si se on mas idratan li ta bon pou fel apre w fin lave cheve w.
M pa voye nou al fè 4 swen sa yo youn dèyè lot.
Jou wap fè gomaj ak swen detox la ou pa bezwen fè bain d'huile. Men ou ka fè on bain d'huile chak avan w fè mas ou. Lè w fin fè gomaj wap rensel pou fè mas ou, apresa wap lave yo. Lèw fin fè swen detox la fè on mas idratan lew fin lave cheve w epi jis rense yo.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.