Sosyete soley leve nan ginen
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Sosyete soley leve nan ginen, Santé/beauté, Route nationale #1 Sarthe 41 ruelle Dessaline#37/88, Port-au-Prince.
13/07/2026
DELPHIN W. JUNIOR MANDE MODÈNIZASYON AK RANFÒSMAN ENSTITISYON VODOU AN AYITI
Site Solèy, Ayiti
Nan yon entèvyou li te bay ak yon jounalis nan medya Créole Promo SPS, Ougan ak lidè kominotè Delphin W. Junior, ki anpil moun konnen tou kòm Gwètòde, lanse yon apèl pou lapè, devlopman ak rekonesans pi solid pou Vodou kòm yon patrimwàn nasyonal.
Dapre Delphin W. Junior, li lè pou Leta ayisyen pran dispozisyon konkrè pou ranfòse estrikti Vodou a atravè tout peyi a. Li pwopoze pou konstwi 10 gwo tanp Vodou, youn nan chak depatman, epi pou gen omwen yon tanp Vodou nan chak komin. Dapre li, sa ap pèmèt fanmi yo batize timoun yo, selebre maryaj yo epi òganize antèman yo nan yon espas ki fèt espesyalman pou pratik relijyon an.
Gwètòde a ale pi lwen toujou. Li estime ke, menm jan ak lòt konfesyon relijye yo, Vodou ta dwe genyen lekòl pa li, pou transmèt konesans, istwa, kilti ak valè espirityèl yo bay nouvo jenerasyon yo. Pou li, sa ta reprezante yon etap enpòtan nan prezèvasyon eritaj kiltirèl peyi a.
Li lanse tou yon apèl bay Ministè Kilti ak enstitisyon k ap jere patrimwàn nasyonal la pou yo mete kesyon sa a nan mitan priyorite yo, paske, selon li, Vodou se youn nan poto mitan idantite ayisyen an e li merite menm konsiderasyon ak lòt relijyon yo.
Anplis kestyon relijyon ak kilti, Delphin W. Junior pote vwa popilasyon an sou kestyon sosyal yo. Li mande pou Leta konstwi de sant sante, youn nan zòn SAT ak yon lòt nan Tè Nwa, pou amelyore aksè popilasyon an ak swen medikal.
Pou fini, lidè vodou a voye yon mesaj klè bay tout aktè nan kominote yo. Li mande pou lapè retounen nan geto yo, pandan li kwè se sèlman nan dyalòg, respè ak solidarite kominotè Ayiti kapab reprann chemen estabilite ak devlopman.
Pa : Jaunas François
Jounalis, Repòtè ak Relasyonis Piblik
Créole Promo SPS
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Port-au-Prince