Ak-Lavi PWÒP
Atelye Kolektif LAVI PWÒP
Fabrike detèjan ak fè pwomosyon ijyèn pou pote pwòpte ak diyite.
15/10/2025
🌍🖐🏾 JOUNEN MONDYAL LAVE MEN — ANSANM POU YON LAVI PWÒP ! 💧✨
Nan chak gout dlo, gen yon chans pou n pwoteje lavi nou 💦
Nan chak ti savon, gen yon jès ki sove yon timoun, ki pwoteje yon fanmi, ki kenbe yon kominote an sante 🫶🏾
Lave men se pa yon abitid se yon batay pou lavi.
Se yon jès senp, men ki ka fè gwo diferans ant maladi ak sante, ant neglijans ak pwogrè.
👉🏾 AK-LAVI PWÒP ap ankouraje w pou kontinye pratike bon abitid ijyèn chak jou :
🫧 Lave men anvan manje, aprè w sòti nan twalèt, avan ak aprè w fin netwaye ti bebe. epi lè w fin manyen objè piblik.
💙 Pwoteje tèt ou, pwoteje fanmi w, pwoteje kominote w.
Epi pa bliye, pou pi bon rezilta nan ijyèn ou,
🧴 Chwazi pwodui natif AK-LAVI PWÒP — lesiv, dezenfektan, savon likid ak klò ki fèt avèk lanmou ak respè pou sante w.
📞 +509 3504-9576 Fè kòmand ou jodi a epi kontinye viv yon LAVI PWÒP, LAVI AN SANTE ! 🌿
04/10/2025
Chak fwa ou lave men w ak savon, ou fè yon pa pou sove lavi w ak lavi lòt moun.
Choléra pa pran tan pwòpte se premye vaksen w !
Lave men w avan ou manje, apre ou sòti nan twalèt, epi avan e apre ou okipe timoun yo.
Rele pou pase kòmande pwodui AK-LAVI PWÒP ou, nan moman Choléra ap monte pa pè se pi Pwòp pou pi Pwòp
25/09/2025
Savon et liquide pour la lessive, désinfectant, solution chlore disponible à l'Atelye Kolektif Lavi Pwòp
Pa bliye, Pwòpte se lavi, AK-LAVI PWÒP se solution an.
Kay ou, biznis ou, lekòl ou… yo merite briye !
Avèk AK-LAVI PWÒP, ou mete respè sou tèt ou e sou kliyan ou yo. Chwazi sèvis pwofesyonèl ki bay rezilta.
Bay tèt ou diyite, se ak pwòpte li kòmanse.
Pou ouvèti lekòl la acheté pwodui AK-LAVI PWÒP pou ka gen yon biwo/timoun lekòl kap souri nan yon espas pwòp.
16/09/2025
Nou Kwè Nan Pwòpte, Nou Kwè Nan Lavi !!! Viv AK-LAVI PWÒP
10/09/2025
Pwòpte pa dwe yon liks.
Avèk AK-LAVI PWÒP, ou jwenn sèvis pwofesyonèl ak pri ki adapte ak pòch ou. 💲💧
Rele nou jodi a nan 3493-3488 / 3504-9576 pou yon ti chanjman ki pote gwo diferans."
Pwòpte pou tout moun, pa pou yon ti gwoup.
05/09/2025
✨🌍 AK-LAVI PWÒP, se solisyon pwòpte ak sante kominote w.
Nou ofri pwodwi pwòpte, fòmasyon, sèvis antretyen, ak aktivite sosyal pou fè kominote nou yo pi pwòp, pi an sante.
👉 Chak acha = yon pa pou yon kominote pi pwòp.
03/09/2025
🌿✨ Atelye Kolektif LAVI PWÒP (AK-LAVI PWÒP) ✨🌿
Chè zanmi / patnè,
Nou kontan anonse lansman yon antrepriz sosyal ki pa sèlman fabrike pwodwi pou pwòpte, men tou pote solisyon reyèl pou sante ak devlopman kominotè.
👉 AK-LAVI PWÒP ap travay nan 5 gwo aks :
1️⃣ Pwodiksyon & distribisyon savon likid, dezenfektan, klowòks, savon poud… pou kay, ti biznis, lekòl, lopital, legliz.
2️⃣ Fòmasyon pou jèn ak fanm sou fabrikasyon detèjan + sesyon sou ijyèn pèsonèl & kominotè.
3️⃣ Sèvis antretyen (netwayaj espas piblik, dlo plivye, twalèt piblik, sitèn).
4️⃣ Sèvis sosyal (ti job tanporè, boutik sosyal, klib LAVI PWÒP nan lekòl).
5️⃣ Edikasyon & sansibilizasyon (kanpay sou rezo sosyal, konkou kreyatif, jounen kominotè pwòpte).
🌍 AK-LAVI PWÒP vle vin yon modèl antrepriz sosyal kote chak pwodwi ou achte = yon pa pou yon kominote pi pwòp ak an sante.
🙏 Nou ouvè pou patnè teknik ak finansye.
📞 Kontakte nou :
📍 23B, Béthanie prolongée, Delmas 33
📱 3493-3488 / 3504-9576
📧 [email protected]
🌐 [Facebook, Twitter, Instagram, TikTok, YouTube]
"Soutni AK-LAVI PWÒP, se envesti nan sante kominote w."
30/08/2025
Nou pote yon nouvo vizyon nan kominote a : AK-LAVI PWÒP !
Se yon atelye kolektif antreprenarya sosyal ki mete aksan sou :
- Pwòpte ak ijyèn
- Pwodiksyon savon, dezenfektan, chlò, savon likid
- Kreye opòtinite pou jèn gason kou fanm
- Batay pou yon anviwònman pi pwòp 🌱
Nou kwè yon kominote pwòp se yon kominote ki gen diyite.
Swiv nou, soutni nou, epi vin fè pati mouvman
Chak kòmand ou pase nan ou soutni yon projè kominotè
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Port-au-Prince
HT6120