Flōhta by Lennie Miranda
Flōhta se consacre à fournir des accessoires élégants pour cheveux et d'autres produits de soins personnels. Made in Haïti.
01/05/2023
Joyeux anniversaire à notre fondatrice Lennie Miranda (.miranda)🤍🦋🥂
Ke Granmèt la kontinye beni bèl nanm sa !
12/02/2023
MAS IDRATAN POU CHEVE AFRO👩🏽🦱🌿👑
💁🏽♀️Men yon ide de mas kapiyè nou pote pou nou !
💦Se yon mas idratan, men si nou vle nou kapab fè l pwoteyine tou !
🧖🏽♀️Ale teste l, nou ret kwè ke cheve nou ap renmen l !
🦋Like, kòmante, anrejistre pou pita e pataje bay yon zanmi k ap gen bezwen👑
Swiv sou Facebook ak Instagram pou plis pòs konsa♥️
10/01/2023
Flōhta by LM is back!🦋👑
🦋Pou nouvèl ane sa, m swete cheve nou rete an sante, byen djanm, byen bèl.
🦋M swete lanmou nou pou yo devlope chak jou pi plis. Pa pè tonbe damou cheve nou mesyedam, se pou nou yo ye.
🦋M swete n anpil fòs ak kouraj pou nou kontinye pran swen kouròn sa, paske pa bliye, li fè pati de idantite nou.
🦋Angwo, m swete nou menm ak cheve nou pase yon bòn ane 2023 !
2023 vini ak anpil bon enèji, m pap kache nou ! Nou konte pote kèk nouvote byento. Annatandan, yon ti pasyans. Se kalm pou nou kalm mezami😌
N ap pran kòmand wi ! Pa ezite kontakte nou sou WhatsApp sou +509 39 97 5363.
Bon lajounen☀️
25/12/2022
Manke 3 jou pou konkou an fini ! W ap tante chans ou ? 🥳🦋
GIVEAWAY | KONKOU🥳🦋👑
Pou nou eksprime gratitid nou e fini ane a ak kè kontan, Flōhta deside reyalize yon konkou kote 2 moun ap gen chans seleksyone.
🎁 Pri yo :
• Premye pri : 1 bonè saten doub fas + 5 chouchou saten + 1 pè pens cheve + 1 glòs transparan.
• Dezyèm pri : 1 bon kado 650 goud nan boutik Flōhta.
🎀 Kòman nou ka patisipe :
• Swiv paj sa yo : + + .miranda +
• Tag 5 zanmi ki damou cheve yo nan kòmantè yo
• Pataje pòs sa nan story w e tag nou pou plis chans
Konkou sa ap pran fen 29 desanm a 11:59 AM. N ap chwazi moun ki genyen yo nan jou k ap 30 desanm lan.
❗️Remak :
• Konkou sa sèlman konsène moun ki Ayiti.
• Konkou sa ap fèt sèlman sou Instagram.
• Instagram pa sponsorize konkou sa.
• Frè livrezon an ap sou responsablite moun ki genyen yo.
Deja bòn chans a tout patisipan yo ! 🥰🦋
Ladies and gentlemen, FLŌHTA🦋👑
🌺Flōhta by Lennie Miranda se yon antrepriz baze ann Ayiti ki konfeksyone e founi akseswa pou cheve.
☀️Objektif nou se valorize cheve krepi ak kilti nwa.
🌊Misyon nou se pwopoze akseswa pou cheve k ap alafwa pwoteje yo e anpeche yo kase, men tou k ap rann yo pi bèl toujou !
Flōhta, wear it proudly.
06/12/2022
GIVEAWAY | KONKOU🥳🦋👑
Pou nou eksprime gratitid nou e fini ane a ak kè kontan, Flōhta deside reyalize yon konkou kote 2 moun ap gen chans seleksyone.
🎁 Pri yo :
• Premye pri : 1 bonè saten doub fas + 5 chouchou saten + 1 pè pens cheve + 1 glòs transparan.
• Dezyèm pri : 1 bon kado 650 goud nan boutik Flōhta.
🎀 Kòman nou ka patisipe :
• Swiv paj sa yo : + + .miranda +
• Tag 5 zanmi ki damou cheve yo nan kòmantè yo
• Pataje pòs sa nan story w e tag nou pou plis chans
Konkou sa ap pran fen 29 desanm a 11:59 AM. N ap chwazi moun ki genyen yo nan jou k ap 30 desanm lan.
❗️Remak :
• Konkou sa sèlman konsène moun ki Ayiti.
• Konkou sa ap fèt sèlman sou Instagram.
• Instagram pa sponsorize konkou sa.
• Frè livrezon an ap sou responsablite moun ki genyen yo.
Deja bòn chans a tout patisipan yo ! 🥰🦋
04/12/2022
Semèn pase gen yon kliyan Flōhta ki di m li vole ponpe lè l tande kòmand li an pare, franchman m fè yon sèl kout ri ! 😩
Li menm ak plizyè lòt kliyan konfye m ke yo pran feeling lè m ap ekri ti mo pou yo e ke yo toujou enpasyan pou yo jwenn kòmand yo jis pou ti detay sa. 🥺🦋
Sensèman sa touche m ! ☺️
Mèsi paske n sakaje tèt nou pou sa. 😂♥️
Ps : M ap toujou ekri ti mo pou nou, pa enkyete nou ! 😌
24/11/2022
Avèk yon kè rekonesan, m ap di Bondje mèsi pou benediksyon l. M ap remèsye ekip Flōhta tou pou envestisman. E m pap bliye remèsye nou pou sipò, konfyans ak lanmou nou bay Flōhta. Nou pou bokou nan reyisit Flōhta. M ap voye anpil benediksyon ak lanmou pou nou🦋👑
Swiv paj Flōhta yo, paske nou rezève sipriz pou nou🤫
08/11/2022
4 MIT SOU CHEVE AFRO👩🏽🦱👑
🙉M fè tout vi m m ap tande manti sa yo, e konnen verite a te chanje tout bagay. Non sèlman m te aprann konnen e apresye cheve m, e yo pa t manke an sante.
🦋M espere pòs sa pote limyè pou nou. Like li epi pataje l ak yon moun ou konnen k ap bezwen l.
Lanmè🌊, solèy☀️, kokoye🥥 ak chanpay🥂. Se vayb sa bwat 24 chouchou sa ban m.
E pou nou, ki vayb bwat la ba nou ?
Bwat sa disponib nan Boutik Flōhta. Ou kapab pèsonalize l si ou vle🦋👑
13/10/2022
Mèsi💗
Ti mesaj sa yo montre nou a ki pwen nou renmen travay Flōhta e sa bouste nou davantaj pou nou amelyore l chak jou pi plis✊🏽👑🦋
Satisfaksyon nou se priyorite nou !
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Cap-Haïtien
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 22:00 |
| Mardi | 09:00 - 22:00 |
| Mercredi | 09:00 - 22:00 |
| Jeudi | 09:00 - 22:00 |
| Vendredi | 09:00 - 19:00 |
| Samedi | 19:00 - 23:00 |
| Dimanche | 09:00 - 22:00 |