Sante mwen
Sante mwen se richès mwen
23/06/2025
23/06/2025
🚨🌡️ ALÈT KOUT CHALÈ – SA OU PA DWE NEGLIJE! 🔥
Chalè a ka touye! Wi, ou byen li l! Kout chalè ka frape nenpòt moun, nenpòt kote. Men siy ki di w fò w REAJI VIT:
❗ Siy danjere yo:
▫️Tèt vire, mal tèt, swaf anpil 🥵
▫️Po cho, sèk, ak wouj
▫️Vomisman, feblès, pa ka kenbe ekilib
▫️Twoub konsyans oswa konfizyon 😵
⛑️ Kisa pou w fè:
✔ Mete moun nan kote fre
✔ Rafrechi l ak dlo sou po
✔ Bay l dlo bwè si li kapab
✔ RELE DOKTÈ imedyatman si li pa santi l miyò!
👶👵 Moun ki pi vilnerab se timoun, granmoun aje, fanm ansent, ak moun malad.
👉 PA NEGLIJE SA!
Tanpri LIKE pou sansibilize, PATAJE pou sove lavi, epi KÒMANTE si ou te deja santi youn nan siy sa yo.
06/06/2025
Danje solèy cho sou po w
06/06/2025
🌞 DANJE SOLÈY CHO SOU PO W – PWOTEJE TÈT OU AVAN LI TWÒ TA! 🧴🔥
Èske w te konnen solèy la ka domaje po w, fè li vyeyi vit, e menm lakòz kansè po?
🛡️ Men kijan pou w pwoteje tèt ou chak jou:
1️⃣ Mete krèm pwotèksyon solèy (SPF 30+)
2️⃣ Mete rad ki kouvri po w: manch long, chapo, linèt
3️⃣ Rete nan lonbraj ant 10 zè nan maten ak 2 zè nan aprèmidi
4️⃣ Bwè dlo regilyèman – li ede po w rete imid
5️⃣ Siveye tach oswa bouton ki pa nòmal sou po w – konsilte yon doktè si sa rive w
👉 PA PANSE SE POU BLAN SELMAN NON! Po nwa bezwen pwoteksyon tou.
💬 Di m: èske w konn itilize krèm solèy? Kisa w fè pou w pwoteje po w?
📲 LIKE | PATAJE | KÒMANTE pou n sove plis lavi ak bèl po!
06/06/2025
Pa kite chalè a bat ou
03/06/2025
💧 KÒMAN POU W RETE IDRATE NAN MOMAN CHALÈ A – 5 ASTIS SENP OU DWE KONNEN! ☀️
Chalè a ap monte, men ou ka evite santi w fatige oswa gen tèt fè mal! Men sa w dwe fè:
1️⃣ Bwè dlo regilyèman – Pa tann ou swaf! 💧
2️⃣ Manje fwi ki gen anpil dlo tankou melon, zoranj, konkonm 🍉🍊
3️⃣ Evite bwason ki gen kafeyin oswa alkòl – Yo fè kò a pèdi plis dlo!
4️⃣ Kenbe yon boutèy dlo avè w kote ou ye a (lakay, travay, nan lari!)
5️⃣ Pran ti douch fre pou refwadi kò w epi ranfòse idratasyon
👀Toujou gade koulè p**i w, si w wè l jòn anpil se siy ke w manke bwè dlo oubyen ou pa bwè dlo ase
🔥 Pa kite chalè bat ou! Pataje konsèy sa yo ak zanmi w pou tout moun rete idrate e an sante.
👇 Di m nan kòmantè ki lòt konsèy ou genyen pou rete idrate!
03/06/2025
Kijan pou w rete idrate pandan chalè a 💧🌞
Èske w te konnen? Pandan sezon chalè, kò nou pèdi plis dlo ke dabitid. Se poutèt sa li trè enpòtan pou w bwè dlo regilyèman, menm si w pa swaf.
💡 Kèk konsèy senp pou rete idrate:
1️⃣Bwè plizyè vè dlo pandan jounen an, pa tann ou swaf.
2️⃣Evite bwason ki gen alkòl oswa kafeyin, yo ka fè w pèdi plis dlo.
3️⃣Pran fwi ak legim ki gen anpil dlo tankou melon, konkonm, zoranj.
4️⃣Kenbe yon boutèy dlo sou ou tout tan, sitou si w sòti deyò.
👉 Rete idrate = Kenbe tèt ou an sante!
Nan moman chalè sa yo, toujou bwè anpil dlo pou nou pa dezidrate e sa ap pèmèt ren nou netware san nou pi byen.
Si w gen yon moun nan antouraj ou ki blese pa zam blanch tankou kouto, p*k, ponya, evite retire zam nan nan blese a pou moun nan pa pèdi twòp san.
Eske w te konnen lè ou retire yon kouto, yon p*k, oubyen nenpòt lot zam blanch nan kò yon moun yo ponyade, ou ka koz moun sa mouri pi vit paske li pral pèdi twòp san?
Se nan moman fèt sèvis ijans nan lopital resevwa plis moun ki blese pa zam blanch tankou kouto, p*k, elatriye...
Toujou rete vijilan pandan wap pran ti plezi w!
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Cap-Haïtien