Djwehmie cheve pam pi bel pi long
Djwehmie la pou akonpli rèv milatrès ou trètman pou cheve
Gwo salitasyon pou nouvo fanatik mwen yo! Goumen Pou Saw Kwè merci pou sipòw
15/07/2025
Toujou idrate cheve nou ,pou yo k byen grandi
12/07/2025
Chevew se botew zanmim
Pran swenl
12/07/2025
Bonswa zanmim yo nou va ekskizem pou moman mw pase nan silans yo , men mw pa bliye nou zanmim yo mw pote yon losyon pou nou toujou idrate cheve nou
Challenge mwen an pral gen 1 mwa la mezanmi bbm yo mpaka tann pou mw wè rezilta cheve nou ak pam yo tou paske mw te itilize tout trètman mw yo à tan ebyen prepare yo
Ok zanmim yo Nap bezwen yon sèl Engredyen
Engredyen
Jiwòf
Préparation
Wap mete yon kantite jiwòf nan yon veso
wap mete 6 tas dlo
Wap metel sou dife poul bouyi byen bouyi
Poul redwi a yon tas
Wap metel nan yon ti boutèy kika flite
Me kijan wap itilizel wap flitel nan rasin chevew jis rive nan pwent chevew
wap mase po tèt ou byen mase wap fèsa chak jou zanmim , wa banm rezilta
Si ou gen alonj Lap bon anpil pou itilizel
Si ou mete grèf lap bon tjr
Mw pa bliye nou zanmim yo mw renmen ns anpil
Chevew fè pati de botew pran swenl zanmim
Svp al abòne à paj sa pou mw Djwehmie hair , studio beauté
kote nap jwenn bel peruk natirel pou tèt nou
Chevew fè pati de botew
Hello
04/07/2022
Yon losyon extrapous pou cheve kap ede chevew pouse 3xplus
Engredyen jenjanb
Pòm de tè
Zonyon
Préparation
Graje pòmdetè à
Graje zonyon an
Graje jenjanb lan
Wap koulel nan paswa , wap pran ju a ou metel nan yon ti boutèy kika flite
Aplikasyon
Wap itilizel nan rasin chevew wap mase po tèt ou
Wap aplikel aprè chanpou , epi wap kitel fè 1h tan epi ou bal anpil dlo , ou bal rens ajoute 2 kapsil vitamin E nan rens lan kitel fè 15 minutes epi rense chevew
Stp pa itilizel sou chevew se nan po tèt ou ,nan rasin chevew pou itilizel byen mase po tèt ou
Byen fè zonyon nan cheve
Fè chevew pouse anpil
Fè chevew founi
Fè chevew klere
Byen fè Jenjanb nan cheve
Fè chevew nwa
Fèl pouse 2×plus
Li réparé chevew
Trete alopesi
Trete kap
Byen fè pòmdetè
Fè chevew soup
Trete chut
Li ede chevew pa rache nan peny
Trete alopesi
Djwehmie la pou reyalize rèv milatrès ou zanmim
Abòne
Pataje
j'aime
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Site Web
Adresse
Cap-Haïtien