Queen C Studio De Beaute

Queen C Studio De Beaute

Partager

Queen C Studio

21/10/2024

Anpil ayisyen tansyon jete yo , pwòch konn pè manyen yo olye yo mennen yo lopital, yo panse yap paralize yo si yo manyen yon pati nan kò yi poutan pa gen okenn rapò o kontrè se tan yap pèdi an ki ka fè gen plis dega nan sèvo an ki konn fè yo paralize, pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans sou sa paske son bagay nou grandi ap tande

Avan nou ale pi lwen map di si ou menm oubyen paranw konn gen dèyè kou rèd se ka pwoblèm tansyon avanl pi mal chèche wè doktè
siw ta renmen konsilte yon medsen, fè ekzakmen e menm tretel, ou ka rantre an kontak avèk nou
siw gen whatsapp klike sou lyen sa
https://wa.me/+50942338125
Ou ka rele nou dirèk dirèk sou +50942338125

Lè tansyon jete yon moun se sak rele stwòk la oubyen AVC(Accident cerebral vasculaire) se lè veso kap pote san pou sevo an swa pete oubyen bouche ,tansyon an konn tèlman wo li pete veso kap pot san pou sèvo an, pati ki paka jwenn san nan sèvo an antre an soufrans

e ki pral gen anpil konsekans, tankou paralize moun nan ,fonn konnen sèvo an gen 2 pati si se bò goch la ki touche moun nan ap paralize nan pati dwat li. Si se dwat la ki touche se goch la ki prale, paske se bò dwat sèvo an ki kontwole bò goch nou. E bò goch la kontwole bò dwat la...stwòk ka moun nan antre an koma, oubyen konn touye moun nan

Gen moun ki konn gen tansyon 20/12 yo pa gen anyen paske pa gen okenn òga'n ki atenn se sa yo rele pouse ipètansiv, poutan gen moun ak yon tansyon 18/11 yo òga'n yo konn touche, yo konn gen tout pwoblèm la son ijans ipètansiv e se moun sa yo konn viktim de stwòk

Moun ki gen plis risk pou tansyon jete yo se:
-plis moun nan antre an laj plis risk la fò paske veso kap pote san vin rèd avèk laj
-moun ki te gen fanmi ki te viktim de tansyon
-yo plis jwenn li lakay nwa , blan yo yo menm tansyon plis fè yo fè kriz kadyak
-moun ki fè maladi s*k
-Moun ki bwè alkòl anpil
-moun ki fimen anpil
-moun ki gwo
-moun ki manje sèl anpil
-moun kap pran konprime planin san kontwòl

Moun tansyon jete an konn santi kèk siy a sentom oubyen kèk endis ki ka diw son tansyon ki jetel tankou:
-gwo tèt fè mal
-endispoze
-kriz
-li konn santi yon bòl ale
-li ka ajite
-li konn gen kè plen,oubyen vòmi
-li konn ap depale

Konsekans lan:
- li konn paralize yon bò moun nan lèl leve , se nan terapi yo konn voye moun sa yo pou rejwenn bò an
-moun sa yo konn paka pale lè yo leve,oubyen li paka pale klè
-moun nan konn vin pa wè nan yon je
-yo konn pèdi konesans e antre an koman
- li ka touye moun nan , anpil ayisyen mouri de sa

Yon moun tansyon jete ka rive li refè yon stwòk ankò sil pa veye e respekte mezi prevansyon m pral bay yo

Konplikasyon yo se ke :
-moun sa yo malnouri e dezidrate
-poumon yo konn enfekte paske yo konn pèdi kèk reflèks gen

map di si ou menm oubyen paranw konn gen dèyè kou rèd se ka pwoblèm tansyon avanl pi mal chèche wè doktè
siw ta renmen konsilte yon medsen, fè ekzakmen e menm tretel, ou ka rantre an kontak avèk nou
siw gen whatsapp klike sou lyen sa
https://wa.me/+50942338125
Ou ka rele nou dirèk dirèk sou 42 33 8125

17/10/2024
02/01/2023

tout moun ta dwe konn sa men malerezman... siw gen konesans sa yo wap demakew de anpil manti sou bouboun,pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans

yon vajen nòmal asid, odè nòmal vajen se asid, pa lapèn pouw ap plede fè twalét de baw plizyè fwa pa jou nan eseye pa kite bouboun ou gen sant o kontrè sa detwi jèm enpòtan pou pwoteksyon vajen an, pa fouye dwèt ou nan vajen lew ap fè twalèt de baw sa ap detwi mikwòb ki nan vajenw yo ki la pou pwoteje vajen an,ni pa itilize anyen ki gen alkòl ni santi bon pou siye bouboun ou

2-li nòmal kew gen yon tete ki pi gwo ke yon lòt

3-tout fi pa gen menm lèv (krèk) genyen ki piti genyen ki long, longè lèv yo pa gen okenn rapò a oryantasyon seksyèl moun

4-raze pwèl blanch pa vle diw pwòp ,pwèl yo jwe yon wòl nan defans bouboun, nan li anpeche mikwòb antre antre nan bouboun ou

5-tout fi gen sekresyon kap sot nan vajen yo , sekresyon lap bay yo dwe atire atansyonl, fi dwe toujou pran sant fouk kilòt li, sant sekresyon yo dwe atire atansyon nou, sekresyon yo pa dwe gen move sant nil pa dwe baw aspè jòn ,vèt ni aspè lèt kaye

6-santi doulè nan rapò seksyèl pa nòmal , fi pa poupe ti msye ,siw wèl gen doulè nan rapò seksyèl yo , se ka yon enfeksyon oubyen pozisyonw ap fè sèks avèl la jennenl,medam sin santi doulè nan rapò seksyèl la mande gason an poul kanpe, si sa kontinye al kay Dr

7-ou ka panse klitoris la kout,ti tèt won ou wè an pa anyen, an reyalite klitoris la mezire 9cm,menm jan a peni an lè fi eksite li gwosi, se akoz de san ki desann ladann ki koze sa

8-lew p**i aprew fin fè sèks ede pwoteje kont enfeksyon nan p**i ,paske lè w ap fè sèks mouvman va et vient an pote mikwòb nan kanal pou p**i an , lew p**i aprèw fin fè sèks ou voye jete mikwòb sa yo

9-fi dwe domi san kilòt, sa ap edel kont imidifikasyon vajen , paske lè vajen an twò imid sa bay mikwòb a chanpinyon yo yon teren pou miltipliye pi rapid , lè fi an domi san kilòt bouboun nan jwenn e sa anpechel ret imid

10-figi tout fi gen twou ,son bagay nòmal, yo rele yo"pore" lè fi renmen met makiyaj pou bouche twou nan vizaj li sa ka koze figil gen bouton
like & pataje pou ede plis moun jwenn konesans sa yo

idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

17/06/2021

Butterfly locks , vin fe tet ou bel pou vakans lan, rele ou ekri pou fe rezevasyn paw lan nan 36333289

01/06/2021

Rele 36333289 nou pou fe rezèvasyn pou vin penyen knsa

07/12/2020

Ou menm ki knn travay nan studio, penyen fè zong byen etc..kontakte Queen👸C kounya nan 36333289 oubyen nan 42200459..

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Coiffure la plus cotée à Carrefour ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


#28 Lamentin 54 Imp Raymond
Carrefour

Heures d'ouverture

Mardi 08:00 - 18:00
Mercredi 08:00 - 18:00
Jeudi 08:00 - 18:00
Vendredi 08:00 - 18:00
Samedi 08:00 - 18:00
Dimanche 10:00 - 17:00