2ML Lineda fans
amusante�
23/07/2023
Joyeux anniversaire mom Bianou 🥰
21/04/2023
De la haine à l'amour 05
Ekri pa : Lineda smart girl
Sponsò:Dieu
*Cayoo te rele manmanl bien fò pandan lap fè memwal travay poul bay yon manti
Yolt : Cayoo poukisa ou relem fò konsa 🤨
Cayoo: euuuuh padon mom se se apwopo Ander🥶
Paul : Ma fille sa Ander genyen 😟
Cayoo :😫se pa anyenl genyen non papa men talè an mwen tal kotel nan chanm li an , mwen te Mandel poul verifye expose an pou mwen li te dim li pa santil bien li pral repozel piga moun level
Yolt : 😞oufff telman pitit la konsantrel sou université an vire tounen li pa bien
Paul : nan ka sa kitel repozel non chéri
Yolt : oui bon mw nan salon an
*😄Cayoo sa gen may mesye li bon sou manmanl , nou tounen kote Aly an li fin pran modèl lan epi Nadjoo ap esplikel kèk bagay pou manmanl ajoute ladanl se menm moman an baryè an frape kòm Jess te sou lakou an li tou al ouvri
Jess : oh Ander
Ander:bonswa Jess ou anfòm
Jess : oui mwen anfòm ki mirak ou vin la lèsa
*menm kote an telefòn Ander sone
Ander:dezole Jess se Cayoo mwen dwe reponn (dekroche ) sak genyen
Cayoo: dat sa ou poko fin lanmoure toujou men yap mande pou ou la tankou grenn lapli
Ander: oke map vini( epil rakwoche) pouff Jess mpap two rete non rele Taki pou mw svp
*Jess deplase al di Taki sa
Jess: Taki men mennaj ou ap mande pou ou deyò a
Taki : 😳Ander sal vin fè la lèsa ( sonje) woyy pou pyem nan (epil komanse bwate ) Aly an ale non map tou metew devan baryè an
*Aly pran devan epi Taki ap bwate dèyèl la yon bagay Aly paka konprann , pandan Aly ap ouvri baryè an pyel chape epil al frape ak Ander flè an sot tonbe epi pyel pran sou li , Ander sezi lèl wè se Aly
Ander:😳toi, ici
Aly:euhhh🥶dezole mesye se pa fòt mwen mpa fè exprè
Ander:(rele sou li )🗣ou genlè pa konprann saw fè an ou pilonnen Fleur mwen pote pou mennaj mwen
Aly : dezole mesye se pa fòt mwen 😪Taki mwen vreman dezole si sa pap deranjew map achte fleur lan remet ou
Ander:😡janm wèw lan ou gen kob pouw achte Jan de fleur sa yo
Taki :oh oh sa kap pranw la Ander ou wè se pa fòt li , Aly ou mèt ale cher pa enkyetew se pa fòt ou
Aly: mèsi pou konpreyansyonw Taki , dezole mesye
*Aly deplase tou wont li ale
Ander:(bo Taki) ouff dezole bb tifi an gate sanm
Taki : 🤨mpa konprann ou se konsaw ka pale ak moun menm
Ander: sam fè bb ou pawè se nan pwen fanm nan ki antò
Taki :(fâché) mkomanse paka tandew la al lakay ou Ander
Ander:😳oh Taki poukisa sam fèw
Taki : ou san langaj ou pa konn kijan pouw pale ak moun gad koman ou sot fè tifi an wont esi se te yon manb nan fanmim konsaw tap fè tou 😡mèsi pou vizit lan ( epil femen baryè an NN figi Ander)
*Ander remake li fenk sot fè yon betiz
Ander: ouff 😖tifi sa ap peyem sa trè chè épi tou sal te vin chache la (epil retounen lakay li )
*6h30 Aly nan wout lan tou dezole , li pa santil nan li menm , nan yon sèl jounen menm moun nan fèl wont de fwa , dlo ap ponpe nan yeux Aly tankou lapli
*Ander pat pati ak machin pou moun pat remakel li pran yon taki metel devan lakay li an epil antre , pandanl ap antre nan salon an ak vitès pou moun pa gentan wèl li tande yon moun relel lèl vire li wè se manmanl li friz
Ander:euhhh mom 😫
Yolt: tekwè Cayoo te dim ou pa santiw bien ou kouche NN chanm ou 🤔
Ander:(soulaje)🤥euh oui man mte jis soti sou lakou an al pran yon ti l'air
Yolt : an OK mkonprann ou anfom kounya
Ander: oui mom un peu
Yolt : oke al repozew non
*Ander tou deplase direksyon chanm Cayoo an
Cayoo :saw genyen ou sou Presyon konsa 🙄
Ander: nou dwe pale😠
*,Aly rive lakay li tou debousole mom li gentan remake sa , men Aly ap eseye kache tristes lan pou mom li pa kesyonel
Fafoue: 😟Aly chéri saw genyen
Aly :(fòse souri ) mpagen anyen mom pa enkyetew
Fafoue : pa fèm sa Aly se mwen ki fèw mkonn tout atitid ou dim saw genyen😡
*Aly pa konn sa poul fè si poul di manmanl sak rive an oubyen si poul bay manti
Aly :(nan pansel) 🥶sim di mom sa jeune homme nan sot fèm nan lap tou fèm pa zanmi ak Cayoo🤔pufff épi MPa konn abitye bay mom manti oh jezu edem svp
Fafoue:🧐Aly se ou map tann oui
Cayoo:😫euhhhh oui mom se pandan ……
A suivre ……
1)kisa Ander pral pale avek Cayoo?
2) pks lè Taki tande Ander vin wèl lan li pran bwate pandan se tan li patap bwate ?
3) eske Aly ap di manmanl sak pase a ?
26/03/2023
De la haine à l'amour 04
Ekri pa :Lineda smart girl
Sponsò:Dieu
*Chofè an te kouri desann al gade si Aly frape fò , men bon chans pou Aly machin nan pat gentan frapel li te gentan voye kòl nan mi an
Chofè: lè wap mâche nan lari an fòw fè pridan demwazel
Aly: oui mèsi mesye pa enkyetew map jere sa
Chofè: mwen rele Norly
Aly:mwen se Aly , dezole pou deranjman an
Norly : ou pa gen pouw eskizew Aly , kibòw prale mwen ka al depozew
Aly : non mesye Norly pa enkyetew se pa two lwen mw prale a pye
Norly : mwen ensiste svp ,mwen pa yon move moun mpap fèw mal
Aly:😶bon oke mèsi mesye Norly
*Norly fè Aly moute machin nan epi li derape , Ander li menm an mòd gentlemen pase achte fleur poul pote pou Taki
*aprè 5minit Aly rive , li remèsye Norly epi li ale , Aly frape baryè an
Nadjoo: Taki🗣
Taki : oui mom
Nadjoo: mwen tande baryè an ap frape al ouvri pou mw
Taki: men manman se pa sel mwen ki la non
Nadjoo: e do prensès ou ye isi a , pa nèvèm non
Taki :(ap bougonnen ) granmoun sa pa janm pa bezwen tchoul (epil al ouvri baryè a ) oh Aly ki bon van ki mennenw la
Aly: Bonsoir Taki sa fè lontan vre oui
Taki : msezi oui antre non kot manmanm ou vini
Aly: oui manmanm ki voyem kotel
Taki :an oke li la oui ou vin nan bon moman (épi yo antre ) manman se Aly oui
Nadjoo: oh gade wotè tifi a vin ye , sa fè lontan mpa wew oui
Aly :(salyel) Bonsoir mant Nadjoo , bon ou konnen pagen tan se sak fè nou pa wè
Nadjoo : epouw di tou ou pap vin la mkonnen ou pa renmen mâche
Aly : 😀ah sa ladann tou oui , tande non mpap twò rete non se mom ki voyem kotew la oui
Nadjoo: oui mgentan konnen , nan yon maryaj mprale mbezwen yon bel wòb mkonn manmanw ap banm sa sou de ti chèz , hier lajounen mte bal twal lan mpat gentan bal modèl la epil te dim lap voyel vin pranl
Aly :an oke
Nadjoo:Taki rive pran modèl la nan chanm nan pou Aly ka ale
Taki :🗣Jess mom diw pran modèl rad li an nan chanm NN pou li
Nadjoo: wè yon koze ou voyel li voye kel ☹️
Aly : 😄se konsa oui lew gen ti sœur
Taki : tout bagay se mwen oui Aly paske Jess denye an li paka fè anyen
*Jess pote model lan vini li salye Taki epil tou fè sou lakou an
*pandan Cayoo nan chanm nan avek papal lap moutrel yon expose ki te la deja paske li pagen expoze vre se te yon preteks
Paul : men se bien ma fille ,li normal li pagen aucun erreur ladanl
Cayoo: a vrai dire papa se yon zanmim nan lekol lan ki moutrem fèl
Paul :oh vraiment kijan de zanmi li ye
Cayoo : yon fille papa li rele Aly Diamond
Paul:😳Diamond
Cayoo : oui papa ou rekonèt li
Paul : non non ma fille men mgen yon bon patnèm ki siyen Diamond men mgen lontan mpa wèl
Cayoo :an oke mkonprann papa
Paul : mennen zanmiw lan vin dine avek nou dimanche
Cayoo:😯(kontan) oh waw merci papa 😘map anonsel sa Weeee
*menm kote an men manman Cayoo ki antre nan chanm nan
Yolt:papa ak pitit sa yo pa janm pap bouyi zen 🥴
Paul:🤪ou rayi nou la
Cayoo:😀mom ap fè jajaja
Yolt : mpa menm sou bò nou menm Bondye ki fè mgen Ander poum bouyi zen
Paul : an pasan kot Ander vre mpa wèl depi lèm antre a
Yolt : ban mal gad kotem wèl
*😧Cayoo sou presyon , lap kalkile ki manti li ta bay pou manmanl pa al chache Ander , pandan manmanl pral ouvri pòt lan
Cayoo :🥶(byen fò ) euuuh manmiiiii
A suivre……..
*daprè nou ki manti Cayoo pral bay manmanl ?
*èske Aly ap kontre ak Ander?
Nb: Timoun si nou bezwen epizod yo pi long , mobilize poul rive 50like🥰😘
22/03/2023
De la haine à l'amour 03
Ekri la:Lineda smart girl
Sponsò :Dieu
*Ander sezi wè Taki chita lap kriye li kouri apwochel
Ander:😨Taki mon amour saw genyen bb wap kriye
Taki: (pantan) euhh Ander 🥶pyem ki vire (lap manyen pyel ) li fèm mal 😪
Ander: 😞koman pyew fè vire Taki kotew ta prale epi bò vizaj ou wouj (li mete pye taki sou li lap masel )
Taki : ou konn depim ap kriye vizaj mwen konsa , nan direksyon an msoti
Ander:bon ok boo se pa grav bb ou pa bezwen ap kriye lap bon (epil bol sou fwon )
Taki :ou toujou la pou pwotejem 😌love you beb
Ander: 🥰an ale ou ka gen pwof nan moman an
*Ander deplase avek Taki pandanl ap soutnil pou mennenl NN klas li , aprè li tounen kot mesye yo
*nan pita pot chanm Cayoo frape
Cayoo: kiyès🗣
Ander: fè rapid vin ouvri
Cayoo : oh oh Ander🙄la police ou ye (ouvri pòt la )
Ander:(antre li chita sou kabann nan ) Pye Taki vire
Cayoo: 😂ay fout mèsi Bondye
Ander: oh 🧐sakap pranw la
Cayoo: lap jwenn toujou oui sa se twokèt la epi poukisa ou vin dim sa🥴
Ander: mbezwen al wèl mw bezwen aide ou
Cayoo: 🙄ou fou nan ki sam pral edew la épi se pat menm kote avèl ou te ye
Ander:😟😟se sam rayi ak maskwali sa oui li pa janm pap pran pòz li , ou pa konnen mrenmenl , msansib pou li
Cayoo: (tire yon zòrye dèyèl) tanw frekan kiyes ki maskwali a 🥵monsieur amoureux
Ander : ah mpa sou jwe wap edem ou pa
Cayoo: mla poum suivre rès istwa couple sa , sa poum fè pou ou la menm
Ander: nan lèsa papam pap kitem soti ou pral fè yon jan ou kenbel NN pale poum ka ale
Cayoo :ak yon kondisyon 🥴
Ander: mrddd encore une condition 😑et c'est quoi
Cayoo: wap mande Aly padon pou saw te fèl maten an
Ander: oh denm🧐fok nou pale sou bagay Aly sa oui bon ok marche conclus jwèt pou ou kounya
Cayoo: selman pa rete non 🙄
Ander:😝promis zetèm😘
Cayoo: miann😌
*cayoo déplase pou lal kote papal nan salon an
Cayoo: Dad😊
Paul :ma fille ou bien
Cayoo:euh oui Dad mbezwenw oui
Paul :men mw chéri pale ak papaw
Cayoo: yon expoze map remet demen lekol la mta renmenw vin gadel pou mw🥶
Paul : avec plaisir ma fille kotel
Cayoo : li nan chanm mwen an oui wap moute avèm
Paul : bon oke an ale
*Ander ki te kache ap tande ,cayoo touye je bâ li épi Ander tou pwofite sove pou lal wè Taki
*mom Aly relel vin kotel
Fafoue: vinim voyew kote Nadjoo an pou mw
Aly : sam pral fè pou ou la man
Fafoue : depiw rive lap konn saw vin fè épi pridan oui pa ret nan wout li fin ta
Aly : humm oke mom pa enkyetew
*Aly deplase pou lal kote moun manmanl voyel lan pandanl sou wout lan l'ap mache li distrè epi yon machin tekel li voyel al rebondi NN yon mi
Chofè:😳woy pigal mouri non apal pa reaji 🙆♂️oh lord banm desann
A suivre……..
18/03/2023
De la haine à l'amour 02
Ekri pa:Lineda smart girl
Sponsò:Dieu
*Aly sezi paske li pat remake si gen yon lot moun nan machin nan , li rete lap fixe Ander e Ander ap fixel tou
Cayoo: 😀on dirait nou chak wè yon fantom
Aly: ( bese tèt li ) mwen vraiment dezole Cayoo mw pat panse si ou te ak lòt moun
Cayoo: ne t'en fais pas Aly , Ander map prezantew Aly yon sœur God lan ban mwen 🥰et Aly map prezantew Ander mon grand frère sadik😂
Aly:😅ou pa janm pap ranse (lonje menl bay Ander) mwen kontan rekonèt ou
Ander: 🤨oke ( epil demare machin nan )
*Aly santil wont koz Ander pa pran lamen an epil reponn li bien rèd , Cayoo gade Aly ak yon lè dezole
Cayoo: 😥dezole Aly , se janm te diw lan , se yon sadik pa pran sa mal svp
Aly: je comprends Cayoo laisse tomber 😊
Ander: nou ka silans kounya🧐
Cayoo: 🙁sakap pran misye la se sak fe mpat vle vin avew la oui
Ander: blablabla🥴
*nan machin nan Ander pa janm sispann gade Aly nan retwovizè an , aprè plizyè pakou yo rive lekòl la
Cayoo: au revoir Ander merci 🥴
Ander: 🤨lèm antre pita nou dwe pale
Cayoo : humm
*Aly desann san di yon mo , Cayoo pran menl epi yo rantre, Ander annik fin tann yo antre epil deplase pou lal nan université
*rive sou lakou lekòl la Cayoo remake Aly lwen nan pansel epil tekel
Cayoo: pa dim se sa Ander fèw lan kap dominew 🥺mwen vreman dezole Aly mwen mandew padon pou li
Aly: on dirait frèw lan pa vlew zanmim Cayoo🥺
Cayoo: Ander granmoun , mgranmoun Aly donk li paka fè chwa pou mwen kit li te vle ou pa pagen anyen kap fèm pa zanmiw 🤗
Aly : 😊mèsi pou lanmouw Cayoo 👭
Cayoo: 😉epi komanse pa ri ban mwen madan jan wobè
Aly:😅letènèl menm nan monw
Cayoo:😀men monmonw NN menm tou , ann antre tande
*medam yo déplase an souriyan yo antre nan klas yo . Pandan manman Aly ap fè travay li tande baryè an frape li kite sal tap fè an poul al ouvri
Christela : kounya Fafoue mderanjew granm maten an la oui
Fafoue : 🙄se kòmsi se premye fwa antre pou mwen madanm
Christela:😀ah kòmè (yo antre) tande non ou poko fè kafe
Fafoue : 🙄eou menm mwen ye , mgen pitit map voye lekòl oui , bon ou menm kilè wap fè youn
Christela: 😫kounya pou ti kafe a mw mandew la ou oblije ap gate jounenm pou sa
Fafoue: 😄eeehh humm jou Peter fè goal map telman kontan
Christela : 🙄merd tande Fafoue banm kafe a
Fafoue:😀oh oh dabitid se mw ki konn ba ou
Christela :sim okipew lap midi mpap bwe kafe sa
*Fafoue ak Christela se deux sœur , christela se matant Aly , yo alèz anpil yo youn konn afè lòt
*nan université Ander lan li rive kote patnèl yo yap pale
Ander: mesye mpa prépare pou egzamen peryod sa non
Stanley : 🙄gadon nèg yo konte sou li fè kk tande
Jude :😀ou okipel nèg sa pa janm prépare non men lè yo bay rezilta ou tande monsieur Ander Duvivier premier
Ander: mpap okipew map vini mesye mpral gad kotem wè Taki
Stanley : humm tifi stupide sa map mande komanw fè ret avèl
Jude: nèg la renmen fanm li ou paka dil anyen non
Ander: 😎mban nou la tande
*Ander deplase poul al gad kotel wè Taki pandan lap pase nan yon koridò lekol la li tande yon moun kap rele lèl antre li sezi e moun nan sezi tou
A suivre…..
17/03/2023
De la haine à l'amour 01
Ekri pa: lineda smart girl
Sponsò:Dieu
Korije:Lineda
**Aly se yon bèl demwazel , li gen 18ans li nan klas tèminal , lap viv ak manmanl , li pa rekonèt papal e chak fwa li abòde sijè sa ak manmanl fason mom li reaji tou fèl pa janm pale de sa avèl ankò men sa pa anpechel soufri de àbsans papal .
**Aly ak manmanl alèz anpil yo pataje tout ti sekrè yo ansanm malgré yo pa gen anpil mwayen men manman Aly pa janm kite wadèvè ranse avek pitit li.
*yon maten pandan Aly ap preparel poul al lekol manmanl parèt kotel
Mom: Aly depechew pouw pa anreta
Aly:mpap anreta mom Cayoo ap pase chachem oui
Mom: selman Aly pridan oui sonje moun sa yo pa menm ran avèw
Aly:😉ah mom ou toujou ap enkyetew pou rien , ou konn pitit ou deja
Mom: se normal poum enkyetem oui se sèl ou mgenyen
Aly : 😘oke mom kounya ban mal fin preparem
*Cayoo se zanmi Aly , yo pa gen amitye an twò lontan men se kòmsi yo te gen plizyè ane zanmi telman yo antann yo bien , Cayoo gen yon gran frèl ki rele Ander maten an li pwopoze Cayoo poul pase depozel .
Ander: saw di sim pase mennenw lekol maten an
Cayoo:🤨oh ou anfòm Ander
Ander:🙄saw wèm genyen
Cayoo: mwen oblije mande siw anfom paske gen lontan ou pa mandem sa , antouka mil mèsi mpral poukont mw
Ander:🤨pks refus sa
Cayoo: 1)map pase chache Aly
2) mpa anvi ale avèw 😎
Ander:🥴kiyès ki Aly a ou nan fè zanmitay kounya sa poum bay papam
*menm kote a men papa Cayoo kitap vini tande sa Ander di a
Paul:menm la oui tou banm sa wap banm nan
Cayoo: (kouri reponn)se pa anyen papa , se just pou okazsyon fèt ou Ander di li poko wè sa poul ba ou(epil touye jel bay Ander)😉
Paul:Ah bon se sak fè mpaka pa renmen nou , nou toujou ap panse pou papa nou
Ander: eeeeeh oui oui papa
Paul : oke pitit mwen yo map tou kite nou oui pase yon bon jounen
Cayoo: ou menm tou Dad bisous😘
*épi Paul tou deplase kite yo
Ander:🙄lè wap bay manti menm moun fou sezi
Cayoo: 🤪epouw te di sa makak
Ander:(rale zòrèy li) tanw soumoun an ale pouw pa anreta menteuse
Cayoo :ah mioud li fèm mal oui , ak kondisyon wap pase chache zanmim nan avèm🥺
Ander:aucun problèmes
*Ander avèk Cayoo deplase , aprè yon bon moman yo rive devan kay Aly an Ander klaksone
Mom: Aly mwen tande yon machin klaksone surman se Cayoo
Aly: oui man mfini , bisous 😘bonne journée mom manje oui
Mom: map manje chéri ou menm tou fow fesa
*epi Aly tou deplase al jwenn Cayoo devan baryè an , lel rive li annik ouvri pot machin nan li chita san rann kont si gen lòt moun nan machin nan
Aly: Bonjour sista
Cayoo: Bonjour b , euhhhhh 🤭
*epi se menm moman an Aly leve yeuxl epi li wè moun nan sou volan an li sezi ou pata di se yon moun li konn wè déjà
À suivre……
Siw renmen travay lan pa neglije pataje ,komante epi like 🥰mwen renmen nou
Ti rat pa janm fèt san ke 👾👾(pwovèb granmoun)
Vin lage youn ou konnen anba post la🥳🥳🥳🥳
Joyeuse saint Valentin mes bbys🥰😘
Je vous aime❤🤍
Mezanmi genlè sim di bonswa nou pap reponn mw😫
Antouka vin dim yon bagay ou te vle dim men ou potko jwenn okazyon🥰😘
Wap kite PSG an 14 février pou ou al bay chokola oubyen sa pa gadem😉
medam yo sa nap fè nan ka sa🤣🤣
Konbyen fwa kouvèti chodyè vyann manmanw lan tonbe nan menw🤣🤣🤣🤣🤣😋😋
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Miragoâne