Haïti Image Prodz
Pa panse ak pasew paskl c yon lanfè
Ak kies wap panse la?
08/07/2023
*Lanmou dròl
*Lanmou sitelman dròl
*Oui lanmou frenk dròl
*Shyeeet lanmou dròòl
*Woow ou pral trouve'm pale tankou yon moun ki pagen bon sens
*Men sim ta mandew ki vrai sens sens
*Wap dim ke sam di an sans sens
*Koz sens se yon mot ki pa gen sens
*Men ki chaje ak enpotans
*Brèf lanmou drol
*Lanmou tankou yon kleren ki pa gen alkòl
*Lanmou ka fèw kwè nan li lèl wèw pa sou bòl
*Men aprè sou li pral rale kòl
*Lanmou dròl, li alanvè
*Dèfwa moun kew konn ap fou pou li an pa renmenw
*Lanmou tankou yon humain ki san kè
*Lanmou ap itilizew menm sil pa bezwen'w
*Lanmou sitelman dròl
*Li tankou yon manman sòl
*Lap brize'w poul souri ak yon lòt
*Aprè yon titan lap sikattize youn ank poul souri ak yon lòt
*Lanmou sitelaman dròl
*Lap satiyèt ou, lap jwe avèw
*Men pff li pa avèw
*Lap baw blag men li pap souri avèw
*Oufff lanmou tankou yon forè ki san bra
*Yon lanmè ki san dlo
*Lanmou se yon kwa
*Oui oui oui lanmou s'on fado
*Lanmou dous kou yon siwo
*Poutan se konsa li anmè
*Li tankou yon sous dlo
*Men lika fw al nan lanfè
*Li se yon gro fado
*Men dèfwa God la konn fèl lejè
*Li c yon yon bèl kado
*Ou pap ka jerel siw pa gen kè
*Brèf Lanmou dròl
💫S-bin✨le Slameur💫
08/07/2023
*LE SAVOIR EST UN DEVOIR
*Se pa yon kesyon de chwa🫰🏿
*Men aprann pou'w ka pase swa🌝
*Menm siw ta nan yon fènwa🌚
*Aprann pouw konnen
*Aprann tout saw vle konnen
*Aprann demen
*Pouw konn kmn pouw jere degouden💰
*Aprann pou lavi pa fèw tounen yon enpav😎
*Aprann pou panse'w yo ka pase wo
*Aprann demen pou lavi pa mal tretew tankou yon esklav
*Aprann nan lavi pouw kapab yon héro
*Aprann pask nou c yon jenès sa enpòtans
*Aprann pouw pa marye ak soufrans
*Aprann pask pou nou politisyen yo pap janm pran konsyans
*Aprann la jenès pou nou ka bay vi nou yon vrè sans
*Aprann pou'w ka panse💭
*Aprann ak parès pouw divòse😶
*Men aprann ak profesyon pouw rekonsilye🫂
*Aprann lèw sot tonbe parese leve pou'w repanse🗯️
*Le savoir est un devoir
*Le vouloir est un pouvoir
💫S-bin✨⭐le✨Slameur💫
08/07/2023
*KÈ'M🥰AL'AK KÈ'L😘
*Nan yon mond🌍 k'amè kou fyèl🫥
*Li fm konn gou myèl🥰
*Li sèvi'm protektè💪🏿, nan yon mond kriyèl👹👺🤡
*Kè'm🥰 al'ak kè'l😘
*Nan yon mond🌍kote ke lanmou toujou brize'l💔
*Men'l pa pè ofri'm kèl🥰
*Se vre mw vle'l🤔
*Men mw pè'l😞
*Kè'm🥰 al'ak kè'l😘
*Mw vle ofril kè'm
*Li vle ofrim syèl☄️
*Mw vle ofisyèl💍
*Koz mw gentan konekte avèl👩🏾❤️👨🏼
*Kè'm🥰 al'ak kè'l😘
*Yon lanmou a lenfini🌹
*Yon lanmou natirèl🌺
*Yon lanmou menm pou blag ki pap mouri⚰️❌
*Wawww lanmou nou wan jis imòtèl💓❤️
*Kè'm🥰 al'ak kè'l😘
*Nan tè'l mpral fè yon plantasyon🎍🍀🌿☘️💦
*Menm sim brit👿men ak kèl map pran prekosyon😌
*Jis poum proteje yon relation😍
*Kè'm🥰 al'ak kè'l😘
*San li vi'm sa sans😞
*Nan manje'm li sèvi'm sèl🥰
*San li mtankou yon chofè ki san lisans📃
*Kè'm🥰 al'ak kè'l😘
💫S-bin le Slameur💫
28/02/2023
Mwen pa sonje sil te yon maten
Oubyen sil te après midi
Men kanmèm ou te aprann mwen sak renmen
Et koman poum etidye prezan poum konpoze fiti
Ou sel fi ki fè kèm bat fò
Koz tout kondisyon nou yo ini wi nou gen yon bèl akò
Si kòw te yon piano, nan ou mw tap konn anpil akò
Koz mw te tankou diaman ou transfòmem an lò
Ou fèm konprann ke lanmou se pasam di an
Men se aksyon mwen poze an
Men kitem diw pou ou mpral devni yon lion
Jis poum poteje yon reine ki se yon ti mouton
Oui ann chita poun bay lanmou yon lot definition
Ann pa di men ann poze aksyon
Ann bay soufrans yon gro pinisyon
Poul pa sèvi nou miray, men poul sèvi nou yon pon
Brèf:yon pon pou nou pase
Pase san nou pa vire gade dèyè
Oui poun travay pou al jwenn Bondye
Paske lanmou nou pa pèmèt nou travay pou lanfè
S-bin le Slameur
Siw c fanatik Brésil, siw pa chanje kan, siw pap trayil, siw ap kontinye sipòtel, sil ap toujou sou kèw, siw pat fanatik selan pou mondial la menm jan avm,
Mete dife nan kòmantè a
10/11/2022
Joyeux anniversaire Mr. Lionel benjamen
Kisa nou panse de Malia ak Judé? Antooka all vin dim si plan Judê ap mache
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Pétionville