Nati-Rèl Ayiti

Nati-Rèl Ayiti

Partager

Ak Nati-Rèl Ayiti, ochan pou lanati! Ochan pou cheve natirèl ou!

Photos from Haitianlocksfestival's post 12/06/2026

Kontakte nou pou tikè pa w la!!!

Photos from Haitianlocksfestival's post 12/06/2026

Nati-Rèl Ayiti ak Wozo Mapou ap prezan pou penyen lòks ou epi fè w jwenn pwodui natirèl adapte pou ou pran swen yo!!!

Photos from Haitianlocksfestival's post 28/04/2026

Haitian Locks Festival, 4 jiyè 2026, ou pare??!

Photos from Nati-Rèl Ayiti's post 11/03/2026

DIFERAN FÒM LÒKS AK METÒD YO (Dezyèm pati)

Mikwolòks yo se tout fòm lòks ki fen yo. Yo itilize metòd entèlòks pou reyalize yo.
Sistèlòks yo se yon fòm mikwolòks ki regilarize ak konpayi "Sisterlocks" la. Konpayi sa gen alatèt li JoAnne Cornwell. Pou w penyen sistèlòks fòk ou jwenn yon konsiltan sètifye, ki pran fòmasyon nan konpayi "Sisterlocks "la.
Bongo lòks yo se de lòks ki gwo anpil, ki gen fòm awondi. Yo itilize egui kwochè (pike) pou bay mèch yo fòm sa. An Ayiti, yo rele yo Baka djwed tou an rapò ak yon kominote ki espesyalize l nan enstalasyon fòm lòks sa.
Flats lòks yo se yon fòm lòks ki gwo anpil, kote chak mèch yo plat.
Chak fòm lòks gen patikilarite l ak metòd espesifik yo. Ki fòm ou pi pito?

Malaïka Lamarre

Photos from Nati-Rèl Ayiti's post 08/03/2026

DIFERAN FÒM LÒKS AK METÒD YO (Premye pati)

An reyalite, lòks yo se yon pwosesis natirèl cheve yo, ki reyalize san entèvansyon men moun. Men, gen plizyè fason ou kapab kòmanse lòks ou tou depan de fason w ta swete yo ye, e chak metòd bay yon rezilta espesifik.
Nati djwed la oswa "Freeform", se fason ou kite cheve yo mare ansanm, san touche yo. Se fòm ki pi natirèl la.
Lòks tradisyonèl yo se lòks ki pa ni twò gwo, ni twò piti. Yo tout prèske gen menm tay. Metòd manipilasyon ki souvan itilize pou reyalize yo se : très de dwèt oswa twa dwèt, woule (twist), entèlòks, kwochè (pike).
Lòks "Semi-form" yo se lòks tradisyonèl, ki te gen manipilasyon nan kòmansman men ki vin pa manipile ankò, jiskaske yo tounen nati.

Malaïka Lamarre

Photos from Nati-Rèl Ayiti's post 06/02/2026

BOB MARLEY AK LÒKS LI: Yon pakou nati ak libète

Bob Marley se yon ikōn rege ki te chwazi kite lòks li pouse. Dat 6 fevriye sa, ki se yon komemorasyon nesans li an 1945, se yon okazyon pou yon ti rale fèt sou pakou cheve li.
Bob Marley kòmanse lòks li vè 1963-64, ak yon afwo li kite pouse lib, ki t apral pouse e fòme mèch yo natirèlman. Dimansyon yo se mwayen ale nan gwo. Cheve yo vin mele youn ak lòt, y ap kole nan rasin epi pwent yo rete separe. Pwosesis se rele "free form" e rezilta a gen plizyè non yo ba li: "Nati", "Nati Djwed", "Kongo", "Djwed pat"...
Dapre yon entèvyou Bob Marley te bay .fr nan lane 1978, lòks li se yon senbòl respè pou lanati. Li pa manipile yo, li kite yo fè chemen yo e lave yo regilyèman.
Lòks li se rezilta libète e se pa yon senp kwafi.
Pou li ki se yon rasta, kenbe cheve yo e kite yo pouse lib e libè se respè youn nan prensip ve Nazireya a (Nonb 6:1-21), ki se yon konsekrasyon pou Jah.

KF : heartafact.com
reddit.com

04/12/2025

OCHAN POU KOUWÒN NATIRÈL NOU

Jessica Martinez, yon jèn amerikèn, avokat ak fondatris "Somebody's Auntie", kouwone nan mwa novanm sila pou afwo ki pi laj nan mond lan.

*Guinness World Records* nome Jessica pou cheve natirèl li ki depase dènye rekò a nan longè, lajè ak sikonferans. Dimansyon li se 29 santimèt wotè, 30 santimèt lajè ak 1mèt 90 sikonferans!

"Cheve natirèl merite ochan." Se mesaj senp e pwofon sa Jessica fè pase atravè tit li genyen an. Pou li, bat rekò cheve afwo ki pi laj la se yon konfimasyon enpòtans pou selebre tout sa ki rann nou orijinal ak diferan. Li kontinye pou l di, cheve natirèl pa yon senp tandans, men se tout yon mòd lavi.

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Coiffure la plus cotée à Pétionville ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


Pétionville

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:30
Samedi 09:00 - 17:30
Dimanche 10:00 - 17:00