KWEN 100% SANTE

KWEN 100% SANTE

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de KWEN 100% SANTE, Santé/beauté, Acacia, Pignon.

30/11/2024

Kominote medikal nou an
Ki sijè medikal ou tap renmen Kwen100%Sante trete pou denye jou mwa novanm nan la?
Pale ak nou.

25/07/2024

Maladi Chabon: Yon Danje Pou Lasante Piblik ki atake moun Tigwav

Maladi chabon se yon enfeksyon bakteri ki koze pa yon bakteri ki rele Bacillus anthracis,lè sitiyasyon yo pa bon pou bakteri sa ,li transfòme tèt li an spò, ki konn kache atè, ou ka respire yo, oubyen spò sa yo konn kache nan plim bèt li ka viv kosna pantan plizyè ane
Maladi sa a ka afekte moun ak bèt, e li gen yon istwa long kòm yon maladi ki reprezante yon danje pou lasante piblik.

Ki sa ki Maladi Chabon?

Bakteri Bacillus anthracis ka antre nan kò a atravè po nou, nan aparèy respiratwa a, oswa nan sistèm dijestif la. Selon chemen enfeksyon an, maladi chabon ka divize an twa fòm prensipal: kitane(po) ,entesten(trip), ak respiratwa. Fòm kitane a se pi komen, pandan fòm respiratwa a se pi grav la.

Transmisyon
Maladi chabon pa transmèt de moun a moun. Olye de sa, li se yon maladi zoonotik, sa vle di li se transmèt nan bèt oswa pwodwi bèt yo. Moun yo ka enfekte lè yo manyen bèt ki malad oswa pwodwi bèt ki kontamine, tankou lenn oswa po.

Ann wè sa moun ki fè maladi chabon ap santi ,Sentòm yo varye

- Kitane: Fòm sa a parèt lè bakteri a antre nan po a atravè yon blesi. Li kòmanse ak yon boul oswa yon bouton ki ap vin pi gwo ak pi douloure, ki souvan gen yon sansasyon boule. Bouton an ka devlope nan po an , li tou wouj pi nan mitan bouton sa yo ou ka wè l nwa, pi po an ap pouri e yo rele sa "ulcère charbonneux".

- Entesten: Fòm entesten an rive lè yon moun manje vyann bèt (bèf, mouton,cheval,kabrit etc...) ki kontamine. Sentòm yo enkli doulè nan vant, vomisman, dyare ki ka gen san ladan l, ak lafyèv. Li ka koze trip moun nan pouri

- Respiratwa: Fòm respiratwa a se pi danjere a. Li kòmanse ak sentòm ki sanble ak grip, tankou lafyèv, tous, ak fatig, men li ka rapidman deteryore ak difikilte respire ak chòk septik e ka koze lanmò.

Prevansyon ak Tretman
- Vaksinasyon
Gen vaksen ki disponib pou moun ki nan risk wo pou maladi chabon, tankou travayè laboratwa oswa moun ki travay ak bèt.
Norbrun Kerry Care-ry

17/07/2024

Joyeux anniversaire à mes super followers ! Merci pour tout votre soutien ! Achimede Dorcine

Photos from KWEN 100% SANTE's post 03/07/2024

🔥Samedi 29 juin 2024 s'est introduit parmi les dates historiques de la FONDEKIF.*

En effet, pour le dernier samedi de ce moi de juin, l'équipe médicale, FONDEKIF, s'est rendue du côté de Cap Haïtien à l'Église Évangélique Libre fondée par le regretté Pasteur Henoc LUCIEN pour effectuer une distribution pluviale de chaises roulantes pour ceux qui étaient dans le grand besoin.
Cette activité socio-sanitaire était soutenue par l'une des plus grandes personnalités évangéliques pourquoi pas publiques, l'éminent Pasteur Caleb Édouard LUCIEN qui a implanté une satisfaction au sein de l'équipe qu'ils ne sont pas encore prêts d'oublier tout en rendant hommage à son frère qu'il aimait tant.
Avec une programmation surchargée, l'équipe a su faire la différence malgré nombreuses difficultés rencontrées. Cette population a bénéficié de plusieures séances d'éducation sanitaire par différents étudiants, brillants évidemment. Parmi les grands citoyens présents, la présence de l'ancien sénateur du département du Nord, Dr Kelly BASTIEN n'était pas passée inaperçue puisqu'il en avait profité pour faire un rappel sur " _la socialisation des handicapés dans la vie courante en Haïti"_ par la suite intervenait avec passion, l'une des infirmières remarquables, Miss Christina ALFRED pour rappeler aux bénéficiaires " _L'importance capitale des chaises roulantes et comment s'en servir"_

Pendant cette journée qui restera sans doute dans les annales, l'équipe a pu servir des centaines de personnes et a cette occasion le fondateur de la FONDEKIF, Dr Kinsly FIDÈLE n'a pas su cacher sa joie et sa satisfaction envers son équipe solide. Dire que ce n'est que le début d'une grande aventure qui s'annonce grandiose.

FONDEKIF, Sante w Se zafè pa n !

*Par Colas Guensly Sarkozy*
*Vice-Redacteur PYMedia*
*Présentateur Radio*
*Commentateur sportif

Kinsly Fidele
Fondation Dr Kinsly Fidèle

01/05/2024

Un grand merci à mes nouveaux followers ! Maxo Monbayard, Rozata Elvinorde, Jacques Birdwoodglove

19/04/2024
14/02/2024

Un grand merci à mes nouveaux followers ! Garry Eugene, Lumane Joseph

31/01/2024

🔥🔥🔥

Dr Colas Guensly Sarkozy Avèk 𝗙𝗼𝗻𝗱𝗮𝘁𝗶𝗼𝗻 𝗗𝗿 𝗞𝗶𝗻𝘀𝗹𝘆 𝗙𝗶𝗱è𝗹𝗲 #𝗙𝗢𝗡𝗗𝗘𝗞𝗜𝗙 𝗦𝗮𝗻𝘁𝗲𝘄 𝗦𝗲 𝗭𝗮𝗳è 𝗣𝗮 𝗡𝗼𝘂 ♿⚕️💉 𝗔𝗻𝗻 𝗣𝗼𝘁𝗲 𝘀𝗶𝗽ò 𝗡𝗼𝘂 𝗔𝗞 𝗠𝗼𝘂𝗻 𝗸𝗶 𝗔𝗻𝗱𝗶𝗸𝗮𝗽𝗲 𝘆𝗼 ❟ 𝗽𝗮 𝗱𝗶𝘀𝗸𝗿𝗶𝗺𝗶𝗻𝗲 𝘆𝗼 𝗽𝗮𝘀𝗸𝗲 𝘆𝗼 𝗳è 𝗽𝗮𝘁𝗶 𝗱𝗲 𝘀𝗼𝘀𝘆𝗲𝘁𝗲 𝗮 𝘁𝗼𝘂 𝗷𝗼𝗱𝗶𝘆𝗮 𝘀𝗲 𝘆𝗼 𝗱𝗲𝗺𝗲𝗻 𝘀𝗲 𝗸𝗮 𝗼𝘂𝗺𝗲𝗻𝗺。

Photos from KWEN 100% SANTE's post 29/01/2024

♡ ⚕️ KWEN 100% SANTE ⚕️ ♡ 👨🏽‍⚕️🩺..💯
✍️ Yon ti pale sou sante bouch la..👄🧫

Eske w te konnen ki kantite jèm (germes) ak maladi ou kapab pran jis paske w pataje saliv🤤 ou ak yon lot moun?

Gen sa nou rele “ mikwobyot oral “ (Microbiote buccal).
Ki se ansanm de tout mikwo-òganis (microorganismes) ki prezan nan bouch la , ki la depi lè ou fèt e kap devlope tout otan ke wap grandi.
Mikwobyot oral la patisipe nan pwoteksyon kolonizasyon kont lòt jèm patojèn, li kontribye nan devlopman sistèm iminitè bouch la.

Yo estime ke nan bouch la anmwayèn gen 100 milyon bakteri pou chak mililit saliv🤤🤏🏾😳.Gen plis pase 700 espès diferan ki varye de yon moun a yon lòt.
👌🏾Nan yon bo plis pase 80 milyon bakteri echanje.

Chak moun gen yon mikrobyot oral inik, ki enfliyanse swa pa jenetik, rejim alimantè, ijyèn oubyen fason ke lap viv.
Men afòs ke de moun ap bo ase souvan, yo ap fini pa pataje preske menm mikwobyot oral.

Bakteri sa yo ki twouve yo nan bouch la pa nesesèman danjere, osi lontan ke yo nan yon balans pafè, sa vle di gen yon bon ekilib ki etabli. Pami bakteri sa yo gen ki "bon" kon sa gen ki “move" tou.

Imedyatman vin gen yon dezekilib nan mikwobyot oral la, sa vle di si balans sa a ta deranje, sa nou rele yon , ebyen sa pral fasilite miltiplikasyon move bakteri yo nan bouch la, yo pral repwodui epi kolonize tout bouch la, sa ki kapab lakòz tout kalite patoloji oral tankou: ; ; ; pa selman batkeri, plizyè lòt kapab koze pa yon viris ke nou atrape nan saliv la tou tankou : (maladie du ba**er) ; ; ; ; . Eks.

Tout patolije sa yo kapab evite. Li enpòtan pou nou kenbe bon ijyèn oral pou evite pwopagasyon mikwo-òganis patojèn yo, e pran tout lòt prekosyon ki nesesè pou sa tankou :
- Pa pataje manje ak nepot moun;
- Byen chwazi patnè ou, pa bo ak nenpòt moun sitou si ou pa konnen l ;
- Toujou byen lave men w avan ou manje;
- Pa bwè nan menm bagay a nenpot ki moun…

Nap pote plis detay pou ou sou kèk nan patoloji sa yo ke ou kapab atrape atravè saliv ke ou pataje ak yon lot moun, nan pwochen ribrik nou yo.
Mèsi !

nou




%SANTE .. 💫🩺 ✍🏽

Photos from KWEN 100% SANTE's post 26/01/2024

KWEN 100% SANTE te kontan prezan ak Fondation Dr Kinsly Fidèle (FONDEKIF) pandan nou tap remet kek chez woulant ak moun ki nan bezwen epi tou pwofite pale ak moun yo sou maladi KOLERA ki kontinye ap bay pwoblem nan rejyon an.

Photos from KWEN 100% SANTE's post 02/01/2024

Bòn ane ak tout fidèl paj KWEN 100% SANTE

Ane 2023 a fini, nou toujou ap batay pou n pote bon jan enfòmasyon sou sante pou piblik nou an. Rete pozitif 🔥💯. E n'ap tou pwofite di nou yon gran mèsi paske se gras nou ki fe paj la kontinye ap travay di pandan n'ap ede l avanse.
Love and peace 💯.

Si w gen yon kesyon, suggestion oubyen yon konsey pou paj lan, pa ezite.

2024_🔥

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Pignon ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


Acacia
Pignon