Pylove la courageuse

Pylove la courageuse

Partager

actrice

22/03/2026

Tit :::::::::: seconde chance

Feyton par ‘: varye

Épisode :12

Paj Facebook : varye

Dedye par Rode-Junior Bien-aime

Feyton sa “ ekri pas Varye “ attention ak moun kap pan l retiré non Varye ajouté non pa yo

Déjà bon lekti mes mours 🥰

Nou sonje Jan tout bagay te fini “ nap kontinye swiv

Jessica :::::::::::::::: M pap pase pa kat chemen ! Depi jodia , se mwen menm k'ap bay Mathis dwa pou l pase moman avè w.

Juliana::::::::::::::: Ou fou? Oswa ou jis pa gen wont

Jessica :::::::::: gen ase kouraj pou m di sa ou pa ka di a , mwen pa deside levé m'en sou ou , map pini w lòt fason

Juliana:::::::::::: pa bezwen di anyen. Mwen deja gen plas mwen ! Mwen vire , m tounen m pa wèw

Jessica panche devan, li frape dwèt li sou tab la.

Jessica:::::::::::: Plas? Ki plas? Plas kote nèg ou pa menm ka defann ou

Juliana vire gade Mathis vit.

Juliana:::::::::::: Mathis, tande jan li ap pale la ? Ou tèlman pa konn ki tip de fanm pou kouche 😡😡😡

Mathis rete an silans sou tab la “ Sa fè Jessica ri yon ti kras

Jessica:::::::::::: Gade l byen , m'en repons ou an." Epuis se premye fwa , ou jwenn yon bon matlòt

Juliana :::::::::::::: (kòlè monte) Non! Repons mwen se pa li ! Se ou! Paske se ou ki antre nan relasyon moun

Jessica :::::::::::::::: Relasyon? Si relasyon an te solid, mwen pa tap menm ka rantre ladan l

Juliana::::::::::::: Ou gen odas pale konsa devan m

Jessica ::::::::::::: m gen plis pase odas ! M gen rezon."

Juliana :::::::::::::: Rezon? Rezon pou w pran nèg moun? Se sa ou rele rezon?

Jessica :::::::::::: pa pran anyen , frekansite w ki banm li

Juliana :::::::::::::::: frekansite m pa vre ?

Mathis fè yon ti mouvman “ li pa di anyen.

Jessica ::::::::::::: oui ! Sou w kontinye , map fèw pèdi l nèt

Juliana ::::::::::::::: Waouh , nèg sa menm se pa ti bagay

Jessica:::::::::::::: Ou ka rele l jan à vle , verite a rete menm bagay

Juliana :::::::::::::: Verite a? Ann pale de verite a ( Li frape men li sou tab la ) Verite a se ke mwen te la avan w ! Verite a se mwen ki bati tout bagay sa yo! Se kouche Mathis ap kouche w

Jessica ::::::::::::: "E verite a se ke li pa vle rete ladan l ankò ; se dènye moun l'ap kouche , se Mwen kap dirigé le

Juliana::::::::::::: se li ki di w sa? OSWA SE OU KI FÈ L KWÈ SA?

Jessica pwoche “ figi yo prèske kole.

Jessica:::::::::: pa bezwen fè okenn nèg kwè anyen , yo toujou konnen kote yo pi byen

Juliana ::::::::::: (ak degoutans) pale tankou yon moun ki abitye viv sou rès lòt moun.

Jessica:::::::::::: (souri) E ou pale tankou yon moun ki pè pèdi

Juliana :::::: pa pè pèdi , jis pa tolere mank respè , pute😡😡😡😡

Jessica:::::::::::: Respè? Lè yon nèg pa menm ka di yon mo pou ou? Se sa ou rele respè

Juliana vire sou Mathis ankò

Juliana ::::::::::::::: MATHIS! Se dènye fwa map mande w , Pou déplase vit

Tout moun bò kote yo kòmanse gade ! Mathis leve tèt gade Juliana “ après sa Jessica li pa pale.

Juliana:::::::::::::: Trè byen." Ou sílans

Jessica ::::::::::::::: (pwovoke) Sa vle di ou kite l?

Juliana:::::::::::::: pa kite pèsonn ( pwoche sou Jessica ) Mwen chwazi pa desann nan nivo e

Jessica ::::::::::::::Nivo mwen? Se pá mwen li fè Mathis sílans

Juliana ::::::::::::::: Kenbe l Jessica , pou m wè sou gen fanm nan ou

Jessica) souri ) Map fè sa

Juliana ::::::::::::::: Ou ka kenbe kò a , se pa kè à , Li déjà pou mwen , m konn sa Mathis ap defann

Jessica :::::::::::::: Mwen pa bezwen fòse anyen

Juliana::::::::::::::: (fè yon ti ri ) N'a wè (
Li vire sou Mathis yon dènye fwa) pa t bezwen pale , slans ou a di tout bagay , m'enm konnen saw bezwen yo

Li pran direksyon pòt la pou l sorti

Juliana::::::::::::::: Epi Jéssica , sonje gen diferans ant chwazi , ak pèdi

Jessica ::::::::::::: Al di , baz ou yo Mathis nan m'enm

Kensia ak Youse tap pâle

Youse ::::::::::::: gen lè w sot nan yon ti teyat🤣 kisa k pase e

Kensia ::::::::::::::: (ti souri, chita) juliana vin jwe gwo chèf sou mwen ! Li vin ban m presyon pou m efase vidéo Stéphanie yo

Youse ::::::::::::: Epi? Li fè w pè

Kensia :::::::::::::: Pè ! li twò piti pou sa , Li tap pale fò, men mwen kite l fini tankou li enpòtan

Youse :::::::::: (enterese) Ou pa di anyen

Kensia ::::::::::::: pa bezwen pale anpil pou fè moun konprann ! Silans mwen te deja bay repons lan

Youse ::::::::::::::: ou konnen sal vle di

Kensia :::::::::::::: Sa vle di “ yo panike ; Paske li konnen trè byen sa ki nan vidéo sa yo , pou Stéphanie pa tombé

Youse :::::::::::::::: bon ! ou sou menm longè avè m! Paske san vidéo sa yo, nou pap janm jwenn bout Stéphanie

Kensia :::::::::::::::: Egzak ! E mwen pa moun pou m detwi avantaj mwen pou fè lòt moun plezi.

Youse::::::::::::::: Donk ?

Kensia :::::::::::::::: (koupe l ) Pa gen vidéo kap efase! Okontrè mwen pral sere yo pi byen toujou

Youse :::::::::::::: (satisfè) Se konsa mwen renmen w !Ou pa janm pèdi tèt ou

Kensia::::::::::::: (leve, pran telefòn li) Juliana ka kontinye fè bri l , jwèt la deja nan men mwen

Youse :::::::::::: se ak jwèt sa a , nou pral fini ak Stéphanie.

Kensia :::::::::::::::: Non ! se pa fini sèlman ,
Se fè l konprann li pa t janm nan nivo nou.

Nap tive kote Peter ak Stephanie

pòt la fèmen ! Stéphanie chita, bra l kwaze. Peter kanpe ap mache ale vini strese anpil.

Stéphanie :::::::::::::::: Peter , fòk ou esplike m sa byen , Kijan vidéo sa yo fè rive nan lari

Peter::::::::::::: m pa menm konprann li non.! Mwen te panse yo te an sekirite

Stéphanie :::::::::::::::: (leve vwa li yon ti jan) ou te panse ? Se pa repons sa m bezwen! Se lavi m ki andanje

Peter:::::::::::::::: (vin pi nève) Bese vwa w Stéphanie! Ou pa wè sitiyasyon an deja grav? Si madanm mwen wè sa , m fini

Stéphanie :::::::::::: Ah bon? Kounya ou sonje w gen fwaye ? Lè w t ap fè bagay ou pat dwe fè yo, ou pat panse ak sa

Peter ::::::::::::::: pa fè bagay la vin pi mal , deja anba presyon, se ou m'enm Kite Cho pou m kouchr w

Stéphanie :::::::::::::::::: Se pa mwen ki mete w nan pwoblèm lan Peter , mwen bezwen verite a !
Èske gen lòt moun ki te gen vidéo sa yo?

Peter ::::::::::::: gen yon moun , men m pa sèten si se li

Stéphanie::::::::::::::::: (koupe l rapid) Pa gen "m pa sèten"! Di m kiyès!

Peter :::::::::::::::: yon zanmi , kite ede m kenbe yo , m pat panse li tap fè sa

Stéphanie :::::::::::::::: Ou jwe ak lavi moun konsa? Ou bay lòt moun bagay konsa pou kenbe?

Peter::::::::::::::: M te fè l konfyans

Stéphanie :::::::::::::::: Ebyen konfyans sa kraze nou tout

Peter ::::::::::::: Kisa nap fè kounya? Si sa kontinye m ka pèdi fanmi m

Stéphanie:::::::::::::::: (retounen chita, kalm men detèmine) Ou deja nan pwoblèm Peter , men map jwenn solisyon an

Peter ::::::::::::::::::: Ki solisyon?

Stéphanie :::::::::::: Kite sa pou mwen, men fòk ou fè egzakteman sa m di w

Peter::::::::::::: Nenpòt sa , m pare

Stéphanie ::::::::::::::: Trè byen! paske si w pa jwe jwèt la byen , se pa sèlman fwaye w wap pèdi

Peter :::::::::::::: pâle

Stéphanie :::::::::::: wap defann mwen juste mwen marye ak kaïro , epuis map kouche avèw tout lèm vle

Peter ::::::::::::( pa réfléchir ) San problème

Kote Mélissa li desann machine li pou l vérifié Yon batay “ lal frape ak Yon moun

X :::::::::::: désolé manmi ! Se pa espre mwen fè

Mélissa ::::::::::::: t'inquiète pas ma chérie ( sezi ) ou se Daniela

Daniela:::::::::::( étonné ) oui ! Oui

Mélissa ::::::::::::: ohhh ! M te byen bezwen w ! Akonpanye m svp pou al lskay mwen

Daniela ::::::::::: pourtant mwen pat gen plan sa madam

Mélissa ::::::::::: juste fèl pou mwen !

Daniela souri lal monte machines nan “ Stéphanie tap Vini Li wè aksyon an sezi

Stéphanie :::::::::: ebyenm saloperie sa yo Vini pou tout bon😡😡 Jessica atake Juliana , Men San fanmi sa atake m ( réfléchi ) bon fòk mwen rive Kay kaïro avant !

Stéphanie pran wout Kay kaïro pandan Mélissa nan wout pou lakay li

À suivre!

10/03/2026

ITit :::::::::: seconde chance

Feyton par ‘: varye

Épisode : 7

Paj Facebook : varye


Dedye par Rosana Gassant

Feyton sa “ ekri pas Varye “ attention ak moun kap pan l retiré non Varye ajouté non pa yo

Déjà bon lekti mes mours 🥰

Nous sonje Jessica te frappé ak Mathis “ Li te sezi wè kiyès ki kanpe a

Mathis:::::::::::::: Oups! Eskize m ankò mademoiselle

Jessica::::::::::::: : Oh, pa gen pwoblèm. Se mwen menm ki pa tap gade devan m, pa enkyete e

Yo gade youn lòt kèk segond “ yo rekonèt youn lòt

Mathis:::::::::::::: Tann Mwen;
S ou pa elèv nan lekòl Peter a ?

Jessica::::::::::: Wi! Ou menm tou( ti ) ou se Youn nan baz kap bat medam yo problèmes

Mathis: Wi, nou nan menm klas, pas vraiment

Jessica:::::::::::: (sezi) étonné kontre w

Mathis:::::::::::::::( gadel ) mwen se Mathis

Jessica::::::::::::::::: Oh! Ou se Mathis? Mwen se Jessica

Mathis :::::::::::::::: mwen wè w souvan nan klas la ( souri ) map rele w Jess

Jessica: (ri dousman) Se komik nou nan menm klas la, men nou pa janm pale! Merci pour non an

Mathis::::::::::::::: nous pat Jann jwenn chans l'an

Jessica::::::::::::: chans l'an te toujours la , Menn Mennaj ou pat bòw li

Mathis ri “ m'en se pa ak tout kèl

Mathis:::::’ccccccc::::::::( chanjel sujets à ) Ou vin achte bagay pou lakay ou?

Jessica::::::::::::: oui monsieur Mathis !Ou menm?

Mathis:::::::::::::::: : Mwen vini ak frè m, men li ale nan lòt ranje a

Jessica::::::::::::::::::::: Ah ok.

Mathis:::::::::::::: Se premye fwa mwen rankontre yon moun nan klas mwen isit la

Jessica:::::::::::::::: Mwen menm tou

Mathis::::::::::::::: se vre

Jessica: ::::::::::::: Bon , omwen jodi a nou pale finalman

Mathis::::::::::::::::::: (souri) Wi, finalman

Yo rive bò kote kachye a

Mathis::::::::::::::::: mwen panse mwen pral peye bagay mwen yo

Jessica::::::::::::: Mwen menm tou.

Mathis ::::::::::::: se Mwen kap peye pou ou ,pou m ta Kite w peye m'enm

Jessica :::::::::::: non ! Non

Mathis :::::::::::: juste banm Yon ti chans , Pou m fèl

Jessica ::::::::::::: d'accord

Mathis:::::::::::::::( pandan l'ap peur ) Jess si ou pap gen pwoblèm , petèt nou ka echanje nimewo?

Jessica:::::::::::::: (souri) Wi, pa gen pwoblèm ! Sa ka itil poun pale sou devwa oswa bagay lekòl

Mathis:::::::::::: Bon lide

Yo pran telefòn yo epi yo echanje nimewo

Mathis:::::::::::::::: Men nimewo mwen

Jessica:::::::::::::: Ok, mwen sove li , m'en pa m nan

Mathis::::::::::::::: map ekri w pita pou w gen nimewo mwen byen

Jessica:::::::::::::::: d'accord

Mathis::::::::::::::: Jess mwen kontan nou te rankontre jodi a

Jessica:::::::::::::::: Mwen menm tou! Pafwa lavi fè nou pale ak moun nou wè chak jou san nou pa konnen yo

Mathis: ::::::::::::: wi ! Demen n ap wè nan klas la

Jessica:::::::::::: Wi, demen

Jessica déplase “ Mathis ap tann freo la

Stéphanie ak Kaïro chita sou kabann nan

Stéphanie::::::::: (gade Kaïro ) Kaïro mwen bezwen pale avè w

Kaïro:::::::::::::: (gade l ) saw gen ou serye konsa , kisa kap pase

Stéphanie:::::::::::::::: Pa gen anyen ki mal , se jis mwen vle di w yon bagay mwen kenbe nan kè m depi lontan

Kaïro:::::::::::::: (yon ti souri) Mwen ap koute w

Stéphanie::::::::::::: : Depi mwen rankontre w lavi m chanje anpil ! Ou fè m vin yon lòt moun ! Lè mwen avèw , mwen santi mwen an sekirite , mwen santi mwen kontan

Kaïro gade l san pale, l'ap swiv tout sa l'ap di yo

Stéphanie::::::::::::: Mwen konnen pafwa mwen gen move karaktè , pafwa mwen ka fache vit affiché move konpòtman men sa pa vle di mwen pa renmen à ! Okontrè …..

Kaïro::::::::::::::: (dousman) Stéphanie…

Stéphanie::::::::::::::: Non, kite m fini diw Sam bezwen di w la ( Li pran men Kaïro.) Kaïro , mwen renmen w anpil , Plis pase jan ou panse , mwen pa konn kijan pou m montre l men ou vrèman enpòtan pou mwen

Kaïro gade l ak yon ti dout nan je li pran souf

Kaïro:::::::::::: Stéphanie , mwen bezwen mande w yon bagay

Stéphanie::::::::::::: Mande m li

Kaïro:::::::::::: (serye) Èske ou pa janm tronpe mwen

Stéphanie sezi yon ti kras, men li rete kalm

Stéphanie::::::::::::::: Non Kaïro , mwen pa janm tronpe w

Kaïro:::::::::::: Ou serye ?

Stéphanie::::::::::::: (gade li dwat nan je) Mwen serye , si mwen pat renmen w, mwen pa tap chita la ap pale ak ou konsa

Kaïro:::::::::::: mwen espéré sa

Stéphanie::::::::::::: Moun toujou ap pale, yo Ka fèw rayi m “ kestyon an se “ ou menm, èske ou fè m konfyans?

Kaïro rete an silans kèk segond

Kaïro::::::::::::::: Mwen vle fè w konfyans , m gen dout

Stéphanie::::::::::::::: (dousman) Kaïro , renmen pa mache san konfyans(Li pwoche yon ti kras.) pa pafè , mwen sensè lè li rive sou ou, se sèl moun ki fè kè m bat konsa

Kaïro:::::::::::::: Lè w pale konsa , mwen santi ou vrèman sensè

Stéphanie:::::::::::: Paske mwen renmen w

Kaïro:::::::::::::: (souri yon ti jan) Ou konn fè mwen pè pafwa , men ou fè mwen kontan tou

Stéphanie::::::::::::::: Mwen pa vle ou viv ak dout sou lanmou mwen gen pou ou papi

Kaïro:::::::::::: Ok , mwen pral eseye mete dout la sou kote

Stéphanie souri “ li mete tèt li sou zepòl Kaïro

Stéphanie::::::::::: Se sa mwen vle!
Jis fè m konfyans

Kaïro::::::::::::: (dousman) Mwen renmen w tou Stéphanie !

Stéphanie pat reponn Li poussé kaïro sou kabann nan

Jessica, Christoo ak Daniela chita nan salon an ap pale après sa ki rive nan makèt la

Jessica::::::::::: yè m te al nan makèt pou m achte kèk bagay , la m rankontre Mathis

Christoo:::::::::::Epi? Kisa ki pase?

Jessica::::::::::: Lè m rive pou m peye, Mathis di m li deja peye pou mwen

Christoo:::::::::: Ohoo! Jès lanmou

Jessica:::::::::::: pat menm mande l sa

Daniela::::::::::::: (serye) Jessica, ou te dwe refize sa

Jessica:::::::::::: Poukisa Dani

Daniela:::::::::: Paske mwen pa vle mesye yo panse yo ka pwofite nou ak lajan yo

Christoo:::::::::::::::: mwen apiye si

Daniela::::::::::: Gen gason ki konn peye pou ou jodi a, epi demen yo al di yo ap pran swen w ak lajan yo , tou panse ou dwe yo

Jessica::::::::::: mwen pat mande l anyen , se égaré ki jwenn , ki pa pran timoun

Daniela::::::::::::: Mwen konnen tou , si w aksepte, li ka panse li gen dwa sou ou oswa sou ekip mwen an , yo Ka jwenn konfyans Yap kouche nous Yon jour , M pa vle okenn gason panse li ka achte respè medam yo ak lajan li

Christoo::::::::::::::: Se vre ! Fòk yo konprann nou pa moun ki ap vann tèt nou pou ti bagay Sa

Jessica::::::::::::::: (ak fyète):Pa enkyete w Daniela ! Mwen menm mwen gen konsyans mwen , pa yon fi ki ap kouri dèyè lajan gason , konsa tou mwen pap Kite l ale

Daniela:::::::::::: Se sa menm mwen vle ,
Mesye yo dwe konnen medam yo gen valè, yo pa ka pwofite yo ak lajan

Christoo:::::::::::::::: sa vle di , lèw wè Mathis , ou pral mete bagay yo klè

Jessica:::::::::::::: pozel l'esprit nous timoun ,nous konn map janm Kite nous wont

Daniela:::::::::::: Egzakteman ! M kwè nan sa

Twa medam yo kontinye pale pandan yo dakò sou prensip yo” m'en Jess pap Kite anyen ale

Nan demen sdv “ sezisman touye medam yo

Lè yo découvrir Daniela nan eleksyon

Jessica::::::::::::::: (ak sipriz):
Daniela , vini gade sa

Daniela::::::::::: Kisa ki genyen?

Christoo:::::::::: (ap montre papye a)Gade lis eleksyon elèv yo

Daniela :::::::::::::: (ap li , epi je l louvri)
Men, non mwen la!

Jessica:::::::::::::Wi! Se sa menm ki fè nou sezi.

Christoo:::::::::::::: Daniela , kandida pou reprezantan elèv yo

Daniela::::::::::::: (konfonn) kijan sa rive? Mwen pa janm konnen non mwen nan eleksyon

Jessica::::::::::::::: Nou menm tou nou pa konprann sa

Christoo::::::::::: kounye a non ou la, sa vle di moun yo vle wè ou ladan

Daniela:::::::::::: (toujou sezi) mwen pa menm konnen kiyès ki mete non mwen

Jessica:::::::::::::: (mete men sou zepòl li) Sa pa enpòtan twòp ! Sa ki enpòtan, ou ka fè bagay la byen

Christoo::::::::::: Wi Daniela , ou gen karaktè pou sa

Daniela:::::::::::: Nou kwè sa vre?se ap Yon wont , yo pap janm votem pou yo Kite kaïro

Jessica::::::::::::Ou toujou konn pale pou defann moun ! Eseye tout tanw vivant

Christoo::::::::::::::: Egzakteman ! Si yo mete non ou, petèt se paske yo wè kalite sa nan ou.

Daniela:::::::::::: (respire fon) Hmm ! mwen toujou santi sa gwo pou mwen

Jessica::::::::::::: Pa pè ! Nou la poun sipòte w

Christoo:::::::::::::: Ale Daniela , fèl ak kouraj

Daniela:::::::::::::::: (ti souri) Bon , si nou avè m konsa, mwen ka eseye

Jessica::::::::::::: Se sa nou vle tande!

Christoo::::::::::::Ann wè kijan eleksyon sa pral ye.

Yon gwo estrad devan tout elèv yo “ Daniela ak Kaïro kanpe anfas youn lòt! Direktè a bay Daniela mikwo a

Daniela :::::::::::::::: Bonjour ! Aujourd’hui, c’est une grande fierté pour moi de me tenir devant vous 🥰 sans oublier que je me trouve face à un grand gaillard : Kaïro.😊
Je ne sais pas vraiment qui m’a inscrite dans cette élection😌
Mais je ne pourrais pas continuer sans envoyer un grand salut à cette personne.
Parce que si elle l’a fait, c’est sûrement parce qu’elle a vu quelque chose en moi! Peut-être du courage.! Peut-être de la détermination (Elle sourit légèrement.) Et aujourd’hui, je suis ici pour une seule raison “ vous” Je vous demande de voter pour moi ! et oui, je vous demande aussi de voter pour Kaïro , Parce qu’une vraie élection n’est pas une guerre.
C’est une preuve que notre école possède des élèves capables de diriger, de penser et d’agir.
Mais laissez-moi vous dire une chose ( gardé)
Si je suis élue, je ne serai pas seulement Daniela ! Je serai la voix de chaque élève qui n’ose pas parler.
La force de ceux qu’on n’écoute pas.
Et le courage de ceux qui pensent que rien ne peut changer.

Foul la bat bravo fò “ Medam Steph yo fâché pou fason Daniela pâle à

Kaïro:::::::::: Daniela fè yon diskou ki fò anpil.
(Foul la ri ak bat bravo.) jodi a, kestyon an pa sèlman kiyès ki pale pi byen “ Kestyon an se”
kiyès ki la pou nou tout bon?Mwen se Kaïro, Anpil nan nou konnen mwen deja , lè gen pwoblèm nan lekòl sa a,lè yon elèv santi li pou kont li , mwen pa konn vire do(Elèv yo rele non li.) toujou kanpe. , mwen toujou pale , Si nou vote pou mwen jodi a , se pa sèlman yon elèv nou chwazi ! Se yon lidè nou chwazi

Daniela reprann mikwo à

Daniela::::::::::::::: Kaïro a raison sur une chose “ un représentant doit être un leader.
Mais un vrai leader ne parle pas seulement fort ; Un vrai leader écoute, comprend et agit.
Je ne suis pas ici pour être la plus populaire.
Je suis ici pour être la plus utile,Si vous me choisissez 🥰je me battrai pour que chaque élève compte ; Que chaque problème soit entendu! Et que personne dans cette école ne se sente invisible ; Parce qu’une école forte
c’est une école où les élèves ont du pouvoir

Kaïro reprann mikwo a ak fòs

Kaïro ::::::::::::: Daniela pale de pouvwa elèv yo , mwen dakò ak sa “ mwen gen yon kestyon pou nou tout “ (Li gade foul la.)
Si demen gen yon enjistis nan lekòl la ,
Kiyès ki pral leve kanpe san pè?

Tour Elèv yo rele “Kaïro!”

Kaïro ::::::::::::::: Mwen pap fè gwo pwomès.
Men mwen pwomèt nou yon sèl bagay”
Mwen pap janm rete an silans pou nou ! Votem depi Kat ane se mwen ki toujours prezidan

Foul la vin cho anpil tout ap rele kaïro

Jessica ak Christoo ap bat bravo “ pou Jan Daniela pâle à “ medam yo site non l

Jessica::::::::::::: Daniela fè m kontan

Christoo:::::::::::: Kaïro pa fè bak non! Nous pran nan konplo wi

Jessica ::::::::::::: si yo pa ti sou sou , yo dwe vote le

Christoo :::::::::::: hmmmmm

Direktè a pran mikwo a pandan bri a ap ogmante

Direktè:::::::::::::::: Mèsi pou de kandida yo.
Kounye a, elèv yo pral vote.

Daniela ak Kaïro gade youn lòt! Konpetisyon an vrèman kòmanse

Kiyès kap genyen ?

À suivre!

28/02/2026

Tit :::::::::: seconde chance

Feyton par ‘: varye

Épisode :1

Paj Facebook : varye

Tiktok : Nyny bonel

Feyton sa “ ekri pas Varye “ attention ak moun kap pan l retiré non Varye ajouté non pa yo

Déjà bon lekti mes mours 🥰

Mwen te renmen w ak tout sa mwen te ye! Mwen pat janm jwe ak santiman mwen lè li te rive sou ou 🥰Mwen te mete konfyans mwen nan men ou tankou yon timoun ki mete lavi l nan men manman l 🥰Kite kapab fèmen zyel 👀Mwen te kwè nan pawòl ou yo, nan pwomès ou yo, nan tout rèv nou te konn konstwi ansanm lè lannwit te vinn dous pandan bon van pat sispann flote nan vizaj nou😌
Men mwen pat janm konnen dèyè souri w la te gen manti kap grandi an silans😥😩
Ou te fè m kwè mwen te sèl moun nan kè w, pandan menm kè sa a te deja ap bat pou yon lòt 💔Ou te konn gade m nan je m👀 di m ou renmen m, pandan w tap kraze m piti piti san m pa menm remake sa 😭Sak pi fè m mal la, se pa lefèt ou ale 😭 se lefèt ou te fè m viv nan yon ilizyon ! Mwen te defann ou devan moun kite avèti m😰 Mwen te chwazi kwè nan ou olye m te kwè nan dout mwen yo 😔Mwen te chwazi lanmou, pandan ou menm ou te chwazi trayizon😓
Kounye a mwen rete ak souvni ki tounen chay. Chak kote fè m sonje w 💔Chak mizik fè m sonje moman nou yo akonpanye gwo doulè ki nan ❤️ m te konnen tout sa w mwen te santi a te reyèl , men pou ou, petèt se te jis yon jwèt👌
Ou pa sèlman kraze kè m, ou kraze fason mwen te konn fè konfyans🤌 ou fè m pè renmen ankò 😌 fè m mande tèt mwen si vrè lanmou egziste vre ? Mwen pa rayi ou , menm tris ! Tris paske mwen te ba w yon lanmou kite sensè, ou reponn mwen ak manti 😡tris paske mwen te wè yon avni avèw pandan ou menm ou te deja ap prepare sòti w 💔malgre tout sa , mwen konnen yon jou mwen pral geri ! Oui map geri , Paske menm si ou te trayi mwen, sa pap janm retire kapasite mwen pou m renmen vrèman 📌Sa sèlman montre diferans ki genyen ant yon moun ki renmen ak yon moun ki jis fè sanblan💫
E petèt yon jou, lè w réside sonje mwen, ou pral reyalize ou te pèdi yon moun kite pare pou bòw tout bagay , pou anyen an retou 🌙💔( soupir) m konnen nap mande kiyès Mwen ye ? Se Varye kap gen poul kontinye ak nou

Daniela te finn ekri dòmi pote l ale

Daniela laj de 19 ans “ ane sa li pral fè filo “ li ta sipoze fini lekòl déjà ; malheureusement se sof manman l kap goumen avèl “ Daniela te rive boule yon ane lekòl

Daniela kwè nan tête li , toujours ap souri malgré tout sa lavi pote pour li , Daniela toujours fè tout moun kwè tout va bien! Cependant se toujours calamité l'ap viv ak mom li

Daniela ::::::::::::::” mwen pa vle ret nan lekòl sa ankò , yo toujou ap pase m nan rizib 😡 Chak jou se imilyasyon pour mwen mom ! Tanpri chanje m lekòl

Marie-Thérèse ::::::::::::” Daniela mwen tande w , nan lavi a ou pap toujou jwenn kote ki konfòtab ! Gen kèk etap ou oblije pase pou w vinn pi fò , mwen pa vle w kouri pou pwoblèm yo.

Daniela :::::::::::::::::” Men manman, se pa ti pwoblèm non yo pase m nan betiz, yo rele m San fanmi 😭 yo fè m santi m pa vo anyen , Sa fè m pè ale lekòl

Marie-Thérèse ::::::::::::::::” konprann doulè w fifi , si chak fwa gen moun ap pale sou ou ou kouri, sa ap repete lòt kote ; Pafwa fòk ou aprann kanpe pou tèt ou

Daniela :::::::::::::::::” m pa santi m gen fòs pou sa Chak jou se stres . Nòt mwen ap bese. Mwen vinn dekouraje ak lavi mwen

Marie-Thérèse :::::::::::::::” mwen Gen 19 l'âne ap goumen avèw ,Mo dekouraje pas janm répété lakay mwen 😡mwen pa vle w dekouraje , mwen vle w aprann fè fas ak difikilte yo ! Nan lavi a gen moun kap imilye w, gen moun kap meprize w , si w kite sa kraze w, ou pap janm rive kote w prale a

Daniela :::::::::::::::::::” manman, èske fòk mwen soufri konsa pou m aprann ? Ou pa ka pwoteje m ?poukisa papa m fèm sa ?

Marie-Thérèse ::::::::::::::” map toujou pwoteje w , pwoteksyon pa toujou vle di retire w nan sitiyasyon an , Pafwa se ede w vinn pi fò ladan l ,nou ka pale ak direksyon lekòl la , nou ka chèche solisyon , mwen pa vle premye reyaksyon an se chanje lekòl touswit

Daniela :::::::::::::::” Si bagay yo pa chanje ?

Marie-Thérèse ::::::::::::::::” Si nou wè tout efò fèt e sa pa amelyore, ap konsidere lòt opsyon , n mwen vle w eseye montre tèt ou valè , Travay di, konsantre sou objektif ou yo Pa kite moun fè w santi w piti , plus etèlijans ou , Paske se limenm kap monte valeur w

Daniela ::::::;::::::” Map eseye manman , m bezwen w kanpe bò kote m

Marie-Thérèse ::::::::::::::::” mwen toujou la pou ou , pa poukont ou Da , mwen vle ou sonje “ difikilte pa vle di echèk “ Pafwa se atravè dezapwentman nou grandi

Daniela râle souf li “ Gade mom li ak tristesse

Daniela :::::::::::::” sou renmenm tout bon, sou pas bouke ak mwen , wa chanje m lekòl

Paroles la blessé Marie-Thérèse finalement li konprann pitit fille dekouraje nan pran déception


Jessica bon zanmi Daniela te rive wèl

Jessica:::::::::::::::::” Daniela , m ka pale avè w yon ti moman?

Daniela::::::::::::” Wi zanmi m, sonje m pa janm konplike ! Sa k pase?

Jessica::::::::::::” Se egzakteman sa menm m vle pale avè w la , ou twò bon , ou twò senp ! E gen moun kap pwofite w

Daniela:::::::::::::::::” (ri dousman) Jessica , m toujou tande sa , èske bon kè se yon defo?

Jessica: ::::::::::::::::” Non, bon kè pa defo , lè w pa mete limit, moun konn pran w pou sòt

Daniela::::::::::::::” M pa renmen pwoblèm, pa renmen diskisyon pito fè silans

Jessica::::::::::::::” Silans bon ,pafwa silans fè moun panse ou pè ! E ou pa pè, ou jis pa renmen dezòd

Daniela::::::::::::::” Se vre ? men chak fwa m eseye di yon bagay, yo di m map chanje, m vinn gen ògèy

Jessica::::::::::::::::” Paske yo te abitye jwe avè w! Lè ou kòmanse respekte tèt ou, moun kite konn pwofite w ap santi yo mal

Daniela:::::::::::::: “ Ou panse se sa k fè yo konn pa rele m lè yo bezwen m sèlman ?

Jessica:::::::::::::” Wi! Yo sonje w lè yo bezwen sèvis, konsèy, lè se pou yo sipòte w, yo disparèt

Daniela:::::::::::::::::” (je l vinn lou) Sa fè m mal😥 men m toujou di tèt mwen: “Petèt se mwen ki twò sansib.”

Jessica:::::::::::::” Non Daniela ,ou pa twò sansib , jis pa mete baryè tande byen” ou ka bon, men ou pa oblije disponib pou tout moun

Daniela::::::::::::::” kijan pou m chanje san m pa vinn move moun ?

Jessica::::::::::::::” Chanje pa vle di w vin move , li vle di aprann di “non” san w pa santi w koupab.

Daniela::::::::::::::::” toujou santi m koupab lè m di non , tankou m ap dezapwente moun

Jessica: ::::::::::::::::” yo pa janm santi yo koupab lè yo dezapwente w ! Ou wè diferans lan?

Daniela:::::::::::::” (rete an silans) Wi

Jessica::::::::::::::::” Gade, si yon moun pale avè w mal, pa ri pou fè l santi li alèz! Fè l konnen ou pa renmen fason an

Daniela:::::::::::::” pè yo pa kite m pou sa

Jessica:::::::::::” esa ki koz salopette la jwe ak santiman w Da😡😡nan bagay peur sa wi , Si yo kite w paske w mande respè, sa vle di yo pat janm vrè zanmi w

Daniela:::::::::::”(bese tête li ) Ou panse m dwe kòmanse fè sa ti kras pa ti kras?

Jessica::::::::::::::::::” Premye etap la se respekte pwòp santiman w ! Lè yon bagay blese w, pa kache l

Daniela::::::::::::::::: pafwa m fè tankou anyen pa rive, epi m ale lakay mwen map kriye pou kont mwen.

Jessica:::::::::::::::” E sa m pa vle ankò , merite moun ki apresye jan w senp lan , pou sa rive, fòk yo wè w gen valè

Daniela::::::::::::::” Kijan pou m fè yo wè sa?

Jessica:::::::::::::::”Pa reponn touswit lè yo rele w pou bagay ki pa enpòtan, Pa bay tout enèji w gratis , lè w fache, di sa ak respè ,pa eksplike tèt ou twòp

Daniela:::::::::::::::” Sa son bagay difisil hmmmmm

Jessica:::::::::::::::” Wi, paske w pa abitye , sonje” moun jwe ak sa ki fasil “ Lè yo wè w pa fasil ankò, yo ap reflechi avan yo aji

Daniela::::::::::” Jessica m kontan w di m sa , Pafwa m santi m pou kont mwen nan sa yo , Petèt se bon kèm ki koz mwen soufri jodia 😭

Jessica:::::::::::::::::” pa pou kont ou , pa vle w toujou viktim paske w gen bon kè

Daniela:::::::::::::::” map eseye chanje , pa pou m vin di , men pou m aprann respekte tèt mwen

Jessica::::::::::::::::” Se sa menm ! Rete dous, rete senp , men mete limit Paske yon fanm ki konn valè l, moun pa jwe avè l

Daniela::::::::::::::” (souri) Mèsi zanmi m ! Depi jodi a, map aprann di non, san m pa pè pèdi moun

Jessica::::::::::::::” E moun ki vo w ye , yo pap janm kite w poutèt sa

Daniela tal mete Jessica nan wout “ se konsa medam yo al frape ak Stéphanie

Stéphanie :::::::::”( pran ri ) grimas sa pa janm pa degize , gwo midi sa wap fè moun peur 😂bon Kote sa yon paran te obligé fè la ? Sa vle di yon sperme ou ye ? Papa w Gen rezon l'âge w nan m'en manman w lan

Jessica pran gade Daniela “ ki gentan Gen dlo nan zyel “ Jessica pral vanse sou Stéphanie Daniela kenbe l

Aswivvvvvv……

31/10/2025

La couleur de peau n’est rien 💏❤️

Yo leve al gad yon ti fim , Nadia te tou pwofite al prepare Yon ti manje ayisyen

Yon ti diri blan , sòs pwa nwa , ak sòs pwason

Li separel li kite pa paran Chippen yo sou dam lanh , pui li pot pa chippen nan pou li

Chippen goutel : waouh se ou ki fèl bb

Nadia : bon se mw ki te nan kizin nan pui ou mandem ankò, ou bipolè bb😹

Chippen : li gou anpil wi , mw pat konn siw te gen yon talan konsa

Nadia bese tèt li

Chippen : saw gen la princesse

Nadia : mw pa konn si paranw ap aksepte manjel b

Chippen : pa enkyetew b yo aksepte ou kounya akoz gwo menas pèp lanh fèl , menm si yo pata vlew ak tout kè yo men kanmèm yo akseptew se sa ki lesansyèl lanh

Nadia :menm vle yo akseptem ak tout kè yo

Chippen : pa enkyetew ak ti manje koupe dwèt sa ou sot fè a mw byen kwè wap genyen kè yo , sitou se manje prefere yo

Nadia : ah bref

Chippen : tkt , vin nan bram

Nadia bay chippen Yon gwo kalen, pui yo al benyen

Chippen antre nan douch lanh, vwala ke Nadia vini poul tou pwofite rantre

Chippen : ouppss non ma chérie après le mariage

Nadia : kòman sa bon hier nou te benyen men kounya ou pa vle nou benyen ansanm ankò

Chippen : men ou te malad ma puce

Nadia fache li soti , li tann chippen fin benyen pui li al benyen

Tout yo fin met rad yap desann pou yal manje Nadia pa pale avèl

Manman chippen mande kiyès ki fè manje sa , lè chippen di se Nadia li sezi , e lè papa Chippen goutel bouch li fè dlo

Maman chippen pale nan zòrey papa Chippen pui li dil , kòm li saj epil konn fè manje nap oblje akseptel , anplis nap fè mwens depans nou pa nan met moun travay ak nou, ni fè kòmand ankò, sèl sekirite nap bezwen kounya

Manman ak papa Chippen bay Nadia yon akolad , Pui yo di mw akseptew antre nan fanmi anh

Nadia kak chippen kontan

Nadia di li ale , paske se ak 10h avyon anh ap ateri

Nadia pase al pran Rose

Li al chèche papal , Chippen vini ak machin poul rekipere papa Nadia

Chippen : bonswa maman

Rose : bonswa

Chippen : bonswa mesye , mw kontan rekonèt ou , em felisitew pou bèl pitit fi sa ou mete sou tè a , ki tounen yon limyè pou klere chimenm , el toujou chèche yon fason poul fèm souri

Jeff : waw 🥰 e mèsi pitit mw paske ou retirem nan peyi kouri monte sa

Jeff pran men Nadia li met nan men chippen : kòm nou fiyanse déjà mw pat lah , mw remèt pitit mw anh nan menw , pran swenl pou mw , se de zye nan tèt mw

Chippen : mèsi mesye

Lè Nadia wè paranl pap gadel li rale menl nan men Chippen

Jeff : e paranw yo pa bay pwoblèm

Rose : mw te gen kesyon sa poum pozew wi paske le plus souvent blan yo konn rasis

Chippen : anfèt yo te konn bay pwoblèm men yo aksepte Nadia kounya

Jeff : mw kontan sa

Chippen fè moun yo monte machin nan , Nadia di li pral achte yon bagay , li chèche yon eskiz poul pa monte machin nan

Chippen desann machin nan

Chippen : pu twouve sa nòmal , pou ki wap fèm sa lah kisam fèw hein

Nadia : ou twouve sa nòmal tou pouw pa vle fè s*x avèm ni benyen avèm, mw twò sal ou byen

Chippen met men sou bouch Nadia

Chippen : silans pa janm di sa ankò, ou se fanm vim , nanm mw , bò kòt mw , mw jis vle tann aprè maryaj , se paskem renmenw ki fè map pwotejew, jis eseye konprann mw

Se lè sa Nadia ap reflechi jan ex li yo te konn pwofite de li aprè yo kitel kounya li wè jan chippen ap pwotejel li vle tann maryaj avanl kouche avèl

Dlo koule nan zyel

Chippen : pou ki wap kriye a
Nadia : chippen je suis vraiment désolée mon amour, je t’aime 😭

Chippen : viens dans mes bras ma chériture

Te plen lot moun ki tap gade

Yo tonbe bat bravo
Chippen leve Nadia li metel nan machin nan

Chippen pa fè lòt wout se wout chimen lakay li

Nadia : ki wout wap fè lah b

Chippen : silans epi swiv

Lè Nadia tal lakay chippen nan se lèl te endispoze a donk li pa sonje wout lanh

Lè yo rive , yo antre epi chippen limen limyè a , plen pete kap pete , blad ak flè ap vide sou tèt yo

Chippen tou met ajenou

Chippen : dènye fwa se ou ki te met ajenou pouw te mandem li , wi nou fiyanse déjà ak yon bag plastik , wi se yon bèl bag li reprezante senbòl lanmou nou an , men mw vle ofriw yon pi bèl bag

Chippen sòti yon bwat ki gen yon bèl bag , tèt li se yon djaman

Nadia : waw chippen

Chippen : ou vle marye avèm

Paran Nadia sezi

Rose : wi Nadia di wi pa vin fh kk lah non

Nadia : wi mw vle pase rès vim avèw chippen, e map tou pwofite diw ou se pi bèl rankont mw , avèw mw gen yon lòt istwa lavi , mw pa Nadia kap kouche ak ni fi ni gason poum ka jwenn kichòy poum manje a , ew fèm santim nan yon lòt moun , mw gen pi bon mari sou tè a je t’aime

Chippen : je t’aime aussi mon cœur

Chippen leve li bo Nadia

Paran chippen bay paran Nadia yon kle , yo achte yon apatman pou paran Chippen, ki gen pisin , e yo tou achte yon machin pou yo , pui yo met sekirite ak sèvant pou yo

Paran Nadia tèlman remèsye yo yo preske niche pye paran Chippen

Chippen : men se pa anyen, pa enkyete nou 😊

Paran Chippen anonse demen maryaj lah

Emmanuel te lah li nève , li te gen yon vè ki tw gen diven ladan li lagel atè a

Nadia e chippen : ou wont lah waw

Yo kòmanse fè preparasyon

Chippen ak Nadia al achte robe ak kostim

Aprè yo al nan studio

Jou swa sa yo pat kite yo dòmi ansanm yo fè Nadia al dòmi nan apatman yo achte pou paranl lanh e yo menm pran telefòn yo

Chippen : mrd li mankem wi , manvi tande vwal kap fredone nan zòrèy mw

Pandan chippen ap fè wonn chanm li anh li wè yon soutyen Nadia, li pranl lap santil

Chippen : waouh li gon sant frèz 🥰 chak swa bouch mw ap nan chat lah 😂😁

Bò pa Nadia

Nadia : pa konn kisa pum ta fè poum tandel franchmn li mankem 😥

Nan demen

Pandan yo nan legliz lanh yap fè ve yo

Gen yon ti dam ki kanpe poul kraze maryaj lah paske li di Chippen se nèg li

Nadia : eske se vre

Chippen : li se ex mw li te twonpem donk nou preske gen 1an kite

Nadia : ebyen cheri ou pa gen nèg

San yo poko di yo ka anbrase , Nadia bo Chippen

Chippen : maryaj fini an nal nan otèl kounya , on va fè koze 😂 an nal bòlgèt kò nou , map fèw kouri aswè a

Nadia : an nale papi byen anvi fèw fèm kouri, depiw pa fèm kouri map tèlman fini avèw wap paralize ou pap ka bouje kòw

Chippen leve madanm li li metel nan machin lal avèl menm pastè a sezi

Yo tonbe voye flè

Nadia voye flè a anlè se nan men ti dam ki te vin kraze maryaj lah li tonbe

Nadia : bonne chance à toi ma chérie
yo fè vidéo a yo lage sou entènèt, li fè viwonn entènèt lanh

Chippen : ah wi nou genyen , nou fèl ma chérie, lanmou nou anh genyen

Nadia : ah wi koulè po a pa anyen depi de kè yo kontre , gen yon lanmou sensè

Emmanuel vin regrèt paske li kite lanmou li an fèl pèdi bon zanmil lanh el vrèman santil regrèt, li pa konn sa poul ta fè poul rejwenn bon zanmil lan

Paran Chippen bay paran Nadia yon gwo kalen

Fen

Feyton sa pa tap gen twòp epizòd mes amours

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


Siloe
Port-au-Prince
PYANM2006