Feyton pam 808

Feyton pam 808

Partager

bonjou/bonswa paj sa kreye pou fè lektè yo plezi ak bel ti feyton, e'm garanti nou sa nou pap regrèt.

29/08/2026

Epizòd : 6
Sezon : 2
Tit : pri richès la
Otè : Franco Georges

*Samuel kanpe devan Alexis lap gadel nan je, Samuel pa wè sa pou'l Di Alexis, Alexis kanpe lap gade Samuel, Youn ap gade lòt nan je.*

Alexis : Samuel ou pa Bezwen sezi non.

Samuel : non sepa sa non, mwen wèw sanble ak manmanw anpil, kote'w teye mwen pat jan'm wèw non, e Jessica pat jan'm dim sil tegen Timoun.

Alexis : Mwen pa t isit lè tout bagay sa yo te pase. Mwen te Sendomeng. Lè m retounen, mwen antre lakay mwen, men mwen pa t jwenn manman m. Se lè sa a vwazen yo vin pale avè m. Yo di m manman m pa la ankò… li mouri. Yo di papa m mouri tou.
Mwen te kòmanse chèche konnen sa k te pase yo toutbon. Plis mwen fouye, se plis mwen jwenn enfòmasyon ki montre manman m ak papa m te gen gwo pwoblèm avè w. Yo te nan kont avè w, e daprè sa m aprann yo, ou te gen yon rezon pou w fè yo disparèt. Se poutèt sa mwen vin kotew jodi a. Mwen bezwen yon repons. Èske se vre se ou ki te fè elimine manman m ak papa m?

Samuel : Bagay yo pa jan'w panse a.

Alexis : ha bon dim kijan yo ye ?

Samuel : Papa w te konn travay kòm kontab pou mwen. Mwen te fè l konfyans, men li te trayi konfyans sa a. Pandan tout peryòd li t ap travay nan antrepriz la, li t ap fè fwod dèyè do'm bon mwen ka Di sa Konsa, li t ap manipile lajan ak dokiman yo pou pwòp enterè pa l. Men sa manman w te fè a te pi grav toujou… Li te fè kidnape pwòp pitit mwen yo. Se depi jou sa a tout bagay te chanje. Mwen pa t wè fanmi w lan menm jan ankò. Se poutèt sa, anvan ou akize m de lanmò paran w yo, ou dwe konnen tout verite a. Paran w yo pa t inosan jan ou panse a.

Alexis : pousa ou fè elimine yo?

Samuel : mwen Pat enplike nan Bagay sa.

Alexis : men ou bay lòd pou yo fè yo sa.

Samuel : 😔😔😔😔.

Alexis : kounya ou mèt konsidere ke'w gen Yon enmi tande.

Samuel : taleu kòman sa?

Alexis : jan'w tande a.

*Alexis gade Samuel Epil vire li ale, Samuel Kanpe lap gadel ki prale. Yella li menm apèn leve, li desann lal nan kizin lakay nan, 30 minit aprè Rebecca parèt nan kizin nan, li chita sou tab la, Yella gadel.*

Yella : jodia samdi sa wap regle jodia ?

Rebecca : pita mwen pral nan fèt Kay Yon zanmi'm.

Yella : ou vledi kondisip ou?

Rebecca : wi manmi.

Yella : ap gen anpil gason ?

Rebecca : Klas nou an gen gason donk Wi.

Yella : an ok! Pa antre ta non.

Rebecca : dakò manmi.

(Pandan yap pale konsa, Samuel vin parèt, Yella gadel.)

Yella : saw genyen bb'm, fòw Di sot wè Yon zonbi.

Samuel : taleu a mwen sot pale a Alexis.

Yella : bbm kimoun ki Alexis a?

Samuel : Pitit gason Jessica ak Jean.

Yella : saw dim la😳.

Samuel : jan'w tande a.

Yella : sal te vle ?

Samuel : li vle vanje.

Yella : kisa 😳! ebien fòk nou eliminel avan.

Samuel : bb'm pa pale Bagay sa yo devan timoun nan.

Yella : ok! Rebecca deplase.

Rebecca : dakò manmi.

*Rebecca gade Samuel Epil gade Yella, li leve sou tab la epil vire li Ale, Yella ap gade Yella ak Yon move rega.*

Samuel : kisa bb'm ?

Yella : jenòm nan Diw lap vanje paranl yo, Epiw pran sa alalejè?

Samuel : fòk nou réfléchi bb'm.

Yella : Pa gen tan pou w reflechi, ok? Degaje w elimine l anvan li jwenn chans pou l touche fanmi nou.
Mwen pral nan restoran an. Mwen gentan fi'n prepare manje pou ou ak timoun yo. N ap wè pita.
Men tanpri, jere pwoblèm sa a anvan li vin pi grav. Mwen pa vle okenn moun mete fanmi nou an danje.

Samuel : li jèn anpil bb'm.

Yella : degajew jere sa mwen Diw wi.

Samuel : ok bb'm.

*Yella gadel epil vire li moute nan chanm li an, Samuel kanpe nan kizin nan 2 menl sou anch li lap reflechi. Marcus li menm lakay li, li chita nan Salon lakay li a, lap bwè kafe lap reflechi, nèg li a parèt kote'l Epil chita bokote'l.*

Marcus : jhon mwen pansew tal Travay.

Jhon : non Love.

Marcus : an ok.

Jhon : pandan map panse la Mwen wèw chita, mwen wèw lwen anpil, a kisa wap panse konsa ?

Marcus : a Yon pil Bagay.

Jhon : Bagay Antite sa yo Toujou nan tèt ou?

Marcus : wi.

Jhon : donk se vérité ou tap dim ?

Marcus : wi donk ou pajan'm kwèm ?

Jhon : kounya mwen resi kwè.

Marcus : oooooh bb ou blom.

Jhon : non epa sa love, se jis Pawòl sa yo te twò konplike pou'm kwè.

Marcus : kounya ou kwè ?

Jhon : wi.

Marcus : aprè 5 ans ou resi kwèm.

Jhon : wi ! Ou kwè ke Antite Yo deyè touyew vre ?

Marcus : se sa Samuel dim, se Youn nan Rezon fòk mwen proteje tèt Mwen e ou tou, paskem pavle pediw.

Jhon : ni mwen tou Mwen pavle pediw tou.

(Marcus gade jhon li anbrasel epi dlo Soti nan jel, darly li menm lakay gran'n li, li chita nan lakou a lap pale ak matant li Léa.)

Léa : ou te manke'm Anpil darly.

Darly : ni mwen tou Matant.

Lèa : ou telman sanble ak Samuel.

Darly : mèsi.

Léa : wap rete Haïti nèt ?

Darly : pou moman la Matant mwen poko kabay Yon repons kòrèk.

Léa : mwen espere wap fè Yon chwa.

Darly : wi matant.

Léa : kijanw wè sa, kew gen 2 papa?

Darly : bon! Sèl sa ki enpotan matant, mwen Renmen tou 2.

Léa : ok mwen konprann sa, ou pa pral wè Samuel ?

Darly : mwen ta prale deja wi, gran'n mwen pavle'm ale.

Léa : mwen konprann li, paskel fè 5ans li pat wèw, li pap vle lachew non.

Darly : esa'm wè wi.

Léa : wi! Ou gen mennaj kounya ?

Darly : non Matant.

Léa : oooooh ! Ou poko gen mennaj toujou.

Darly : se 15ans mwen genyen Matant.

Léa : Sapa anyen non, mwen menm alepòk Lem tegen premye mennaj Mwen se a 12zan wi.

Darly : hmmm.

*Yap pale Léa ap explike darly vil. Berline li menm kanpe sou balkon lakay li a, lap gade Andan lakou Kay Fabienne nan, li wè Fabienne chita nan lakou a lap pale a Louis yap Manje ansanm, Berline kanpe lap gade yo ak Yon rega vyolan. Samuel li menm nan Salon lakay li a lap gade télé, timoun yo ap Manje nan sala manje a, Pòt la vin ap frape, Samuel leve li al ouvè, lel gade li wè se Roberto.*

Samuel : frèm.

Roberto : Freo.

(Samuel anbrase Roberto épi yal chita nan Salon an.)

Roberto : Kote Yella ?

Samuel : la'l nan restoran.

Roberto : ou pa al nan antrepriz la jodia ?

Samuel : non frèm.

Roberto : kijan afè dlo Olympia ye?

Samuel : oooooh ! taleu kijanw fè konn sa?

Roberto : Pawòl pa chita non frèm.

Samuel : hmmm ! Tout Bagay ok wi se selman matériel yo nap tann.

Roberto : ou gentan oke ak ministè komès?

Samuel : wi mwen panse Marcus gentan jere sa.

Roberto : ok. Darly vini Roselande pa vini.

Samuel : li patap vini frèm.

Roberto : antouka ! Mwen wè darly grandi anpil.

Samuel : wi frem.

Roberto : li telman sanble avèw.

Samuel : wi mwen wè sa Tou.

Roberto : Frè m, gen yon kesyon mwen te toujou gen nan tèt mwen, men mwen te pè mande w li. Èskew te kouche ak Roselande paskew te renmen l toutbon… oswa se te jis paskew te anvi kouche avè l? (Samuel gadel nan je)

Samuel : paskem te Renmenl.

Roberto : hmmm ok.

Samuel : bon ! An'n kite Pawòl sa yo deyè nou, sa wap bwè ?

Roberto : wiski! Kote timoun yo?

Samuel : yo nan kizin nan.

Roberto : ok temal wè yo.

Samuel : ok.

*Roberto leve li Al nan kizin nan Kote timoun yo, Samuel li menm lal deyè wiski pou yo bwè, Roberto ap pale ak timoun yo, Samuel pote wiski a Roberto pa Menm sou wiski a se a timoun yo lap jwe, yo pase jounen ansanm, nan pita Roberto ale, Samuel kanpe nan Salon lap gade timoun yo kap Domi sou kanape a, li pa wè Rebecca, pou li menm Rebecca nan chanm li an. Samuel kouri pran kle machin li an Epil Soti, lel Rive deyò lari a, li moute machin li an Epil ale, Kelke minit aprè Samuel Rive deyò restoran an, li paki'n machin li an, Samuel Antre, lel gade li wè James ki pral Soti, Samuel kanpe anfas li.*

Samuel : taleu sim pa manti se ou ki nouvo anplwaye a?

James : wi Mr Samuel.

Samuel : Samuel mwen Pat jan'm Diw nom'm Non.

James : gras a madam Yella kifèm konnen nomw Mr Samuel.

Samuel : Mwen pa fèw konfyans.

James : nòmal Mr Samuel ou apèn konnen'm.

Samuel : non non pafem sa, madan'm mwen dim wap plede gadel.

James : Mwen pa gadel ankò.

Samuel : mwen konprann kounya.

James : konprann kisa ?

Samuel : kò sa ke wap itilize a ou te mande mèt li pretew li?

James : mwen pa konprann sa wap dim nan Mr Samuel.

Samuel : Ou pa bezwen fè tankouw pa konprann. Mwen konnen kiyès ou ye toutbon. Ou se yon antite ki deyè antre nan fanmi m ak yon sèl objektif: detwi l nèt. Mwen wè sa nan je w. Gen yon bagay nan fasonw gade m ki pa ka twonpe m. Sa pa nesesè ankò pou wap kachem kiyès ou ye. Mwen deja konn verite a.

James : Fanmi w, Samuel? Ou pa t janm gen fanmi non. Se yon fanmi ou te vin jwenn sou wout ou. Se poutèt sa, lè yo disparèt, sa pap retire anyen sou ou. Petèt wap panse ke wap pèdi yon fanmi… men pou mwen, se jis kèk moun ki te antre nan lavi w pou yon ti tan kew pat Menm konnen bien.

Samuel : salopri .

(Samuel kouri Kenbel nan kolèt, li frapel nan mi an, epi lap gade James nan je.)

Samuel : salopri Mwen pap kitew fè fanmi'm anyen, ki Antitew ye?

James : Mwen se Chymya ! Samuel ou gentan konnen Twòp Bagay sou nou.

Samuel : kisa Chymya 😳😳😳?

(Pandan Samuel Kenbel konsa, men Yella kivin parèt, Yella wè Samuel Kenbe James nan kolèt, Yella Sezi.)

Yella :😳 oooooh bb'm saw gen a James ?

(Samuel vire gade Yella epil gade James, Yella kanpe bien move😡 lap gade Samuel.)



Lèw fi'n li epizòd sa, tagg zanmiw, Patajel, jèm li, kòmante pouw kapab jwenn epizòd 7 la.

Sa'n panse de epizòd 6 la?

Siw vle fè yon don, ekri paj la epi n ap reponn ou ak tout enfòmasyon yo. ❤️

Mèsi anpil pou lanmou ak sipò nou! 🙏🏿📖

29/08/2026

(Epizòd 6)
🤫🤫🤫

27/08/2026

Epizòd : 5
Sezon : 2
Tit : Pri richès la
Otè : Franco Georges

(Gama kanpe lap gade James ak Berline kise Chymya ak Garmia, Gama ap gade yo ak atansyon e yap gadel tou)

Gama : nou konn sa pou nou fè deja.

James : wi.

Berline : wi.

Gama : Chymya ou bien entegrew bokote Yella ?

James : wi Mwen wèl gentan gen konfyans nan mwen.

Gama : ok lap bon pou ou, e ou menm Berline kòman sa ye bokote paw ak Samuel ?

Berline : mwen te prochel wi, mwen te gentan mete'l sou menl.

Gama : Dakò! Nou pa gen tan pou n pèdi ankò. Gen anpil lòt misyon k ap tann nou, e nou dwe avanse san pèdi tan. Chymya, pa bliye: Yella pa madan'm ou ankò. Se madan Samuel li ye kounya. Konsa, ou pa Menm Bezwen mete lòt ide nan tèt ou. Fè sa m di w la, epi kite m jere rès la.

James : dakò.

Gama : Ou menm, Garmia, sonje ou anba kontwòl mwen. Ou pap ka fè yon sèl pa san mwen pa konnen. Samuel pa nèg ou ankò, ok? Antite Siperyè yo baw yon dezyèm chans. Se poutèt sa, mwen espere ou pap fè nou wont fwa sa a. Degaje w pou w fini misyon an, pou nou ka retounen nan mond pa nou an.

Berline : dakò.

Gama : Mwen konte anpil sou nou de a, sitou kounye a. Lòt Antite ki sou tè a prèske fini misyon pa yo. Se nou menm sèlman ki rete. Donk, pa fè m pèdi tan. Fòk nou fini misyon an jan sa dwe fèt, pou nou ka retounen nan mond pa nou an.

James : dakò ou mèt konte sou nou nap jere sa.

Berline : wi nap jere sa.

*Gama kanpe lap gade yo ak kontantman. Samuel li menm Rive lakay li, li antre li parèt nan Salon an li wè Yella chita ap gade tele, Samuel parèt kotel Epil chita tou dezole.*

Samuel : bb'm.

Yella : amour kòman jounen an teye pou ou?

Samuel : tout Bagay ok love.

Yella : bb'm ou pap Dim sakap trakasew la?

Samuel : anyen bb'm, se jis fatig amour.

Yella : evre bb'm ebien an'n al benyen amour.

Samuel : benyen aaaaaah bb'm non.

Yella : an'n ale amour.

Samuel : non bb'm.

Yella : an'n ale amour.

*Yella leve li pran men Samuel Epil moute avèl, lè yo Rive nan chanm nan, Samuel kanpe lap gade Yella kap retire rad sou li.*

Samuel : aaaaaah bb'm mwen fatige amour.

Yella : an'n al benyen bb'm, Map benyenw Love ou pa Bezwen fè anyen bb'm.

Samuel : hmmm.

*Yella fi'n retire rad sou Samuel, li retire rad sou li tou epi yo antre nan douch la, Yella ouvè dlo a, Samuel sezi paske dlo a frèt Yella souri, Youn ap benyen lòt, Kelke minit aprè yo fi'n benyen, yo Soti Yella pa Menm tann Samuel fi'n siye kòl, li vole sou li epi yo kòmanse fè lanmou, Samuel moute sou li sou kabann nan yap fè lanmou, Youn ap karese lòt, Yella pa konn kote pou'l mete kòl sou kabann nan telman s*x la bon pou li, yo prèske pase nwit lan ap fè lanmou, nan demen maten samuel leve, lel gade li pa wè Yella bokote'l la, Samuel leve li Antre nan douch la lal benyen. Yella li menm nan kizin li an timoun yo chita sou tab la avèl yap Manje aprèsa pou yo ale lekol.*

Yella : bb'm yo kòman lekol la ye ?

Kerby : tout Bagay ok wi manmi.

Louna : tout Bagay ok.

Yella : ok e ou menm Rebecca ou pa nan pale ak jenòm nan ankò non?

Rebecca : non manmi mwen pa pale avèl ankò, ou te dim evitel mwen fè sa. (Kerby gadel)

Yella : ok mwen Renmen sa Pitit fim ou tandem Lem pale avèw.

Rebecca : dakò manmi.

(Kerby ta pral pale, Rebecca gadel li bal Yon mi'n Epil pa pa pale ankò, yo kontinye Manje kèk minit aprè Samuel vin parèt, Samuel Al chita sou tab la.)

Yella : mwen pansew tap leve avan'm wi Love ?

Samuel : ou konnen se ou ki toujou leve avan'm.

Yella : ok love ! Darly ap vini la jodia ?

Samuel : mwen poko konnen non paske depi yè mwen pa pale avèl.

Yella : ok li avèk gran'n li, li pap vle vini vre non.

Samuel : hmm ! an'n bal Yon ti Tan love, fòk li konnen sal pou'l fè ?

Yella : kòman sa ?

Samuel : pou'l konnen si lap rete Haïti ou pa.

Yella : an ok! Ou met kwèm li pap rete Haïti fòk li al jwenn manmanl.

Samuel : hmmm ok.

Yella : manje bb'm ou konnen fòk nou Soti Love.

Samuel : dakò bb'm.

*Samuel ap Manje lap gade timoun yo lap pale avè yo. Fabienne li menm lakay li, lap Manje aprèsa pou lal Travay, pandanl nan kizin nan konsa Louis parèt kote'l.*

Louis : bb'm eskizem wi yèswa deskem te antre ta.

Fabienne : pagen problèm non bonw te okipe vre.

Louis : nou gentan achte teren an.

Fabienne : ok mwen bien kontan sa.

Louis : an'n Ale se nan antrepriz la mwen Prale la.

Fabienne : ou pap manje Love ?

Louis : non bb'm Map manje pita amour.

Fabienne : dakò bb'm.

*Fabienne leve li pran rès manje li tap manje a, li metel nan frijidè a Epil Soti ak Louis, lè yo Rive deyò a pandan yo pral moute nan machin nan, genyon demwazèl ki proche yo, demwazèl la rele yo, yo vire gadel.*

Fabienne : wi kijan nou ka edew demwazèl ?

Demwazèl : mwen rele Berline Camos mwen se nouvel vwazin nou

Fabienne : an ok! Se ou ki rete anfas la?

Berline : wi.

Fabienne : ok nou kontan genyenw nan katye a, Map prezantew mari'm kise Louis.

Berline : ok! Mwen kontan deskem resi fè konesans avè nou.

Fabienne : ok nou Menm tou.

Berline : dakò.

Fabienne : nou prese nap pale Yon lòt lè.

Berline : pagen problèm non.

*Fabienne gadel Yon denye fwa Epi yo moute machin nan yo ale, Berline kanpe ak Yon rega vyolan lap gade machin nan ki prale. Darly li menm lakay li gran'n li, li chita sou Tab la lap Manje, Roberto chita anfas li lap gadel.*

Roberto : ou grandi anpil wi.

Darly : yo Toujou dim sa papi.

Roberto : manman'w Pap vini Haïti vre?

Darly : Mwen pa kwè vre non.

Roberto : mwen telman anvi pale avèl.

Darly : se Youn nan Rezon li pap vini Haïti ankò, paskel pavle fè fas avèw.

Roberto : mwen konprann li.

Darly : hmmm.

Roberto : Pitit gason'm mwen fè vi'm deja mwen re-marye, mwen gen Yon timoun, malgre ou pa Pitit mwen vre men ou se pou mwen.

Darly : mwen kontan pou ou Papi ou patap ka rete konsa.

Roberto : dakò Pitit gason'm, kòman sa ye ak Samuel ?

Darly : mwen pale avèl wi, li asepte'm nan vi'l ni Yella tou.

Roberto : mwen kontan sa Pitit gason'm.

*Darly kontinye Manje, Roberto chita lap gadel ak pasyon. Samuel li menm apèn Rive nan antrepriz li a, Samuel desann machin li an Epil Antre, apèn Samuel antre li wè Fabienne, Samuel parèt kote Fabienne li kanpe anfas li lap gadel, Fabienne gentan konprann poukisa Samuel ap gadel konsa.*

Fabienne : Mwen konnen mwen vyole pawòl mwen, men si m pa t pale, mwen t ap pèdi tèt mwen, Samuel.

Samuel : palew pale a mete nou tout an danje.

Fabienne : mwen pat wè sa pou'm te fè ankò.

Samuel : sa pouw te fè se pa pale ok.

Fabienne : dakò Mr Samuel mwen pap Fèsa ankò.

Samuel : Mwen espere se vre, ok. Antite sa yo retounen ankò, se pa pou vin fè blag. Yo deja elimine kèk moun, e kounye a, se nou menm ki pwochen sou lis yo. Donk, fòk nou rete vijilan epi pran anpil prekosyon. Yon sèl erè ka koute nou lavi nou.

Fabienne : dakò Mr Samuel.

(Samuel gadel Epil vire li ale li antre nan biwol la, lel gade li wè Marcus andan ap tan'n li.)

Samuel : oooooh Marcus baz.
(Samuel al chita anfas li)

Marcus : se ou mwen tap tann.

Samuel : tann poukisa ?

Marcus : nou gentan achte teren an.

Samuel : ok.

Marcus : mwen gentan voye enjenyè sou teren an pou'l ka wè kòman pou'l fè izin nan.

Samuel : ok Bagay Modèn pou'l banou.

Marcus : enjenyè a konnen sa pou'l fè.

Samuel : dakò, e konsènan matériel yo?

Marcus : mwen gentan komande yo an Chine, yo ka pran 2 semèn avan Yo vini.

Samuel : ok baz! Nou gen Yon lòt problèm.

Marcus : sal ye la?

Samuel : Antite yo.

Marcus : Samuel fè fas ak èt sa yo, nou paka fè anyen ke proteje tèt nou Oswa antan'n ak yo.

Samuel : antan'n mwen pa kwè yap dakò sa ! Daprè mwen se elimine yo vle alimine nou.

Marcus : hmmm.

(Pandan yap pale, Yon mesaj moute sou telefòn Samuel la, Samuel pran telefòn li an li li mesaj la epil gade Marcus.)

Samuel : pita fòk ou soti avè'm, Eldia Bezwen nou.

Marcus : taleu ! Kibò nou prale, kiyes ki Eldia ?

Samuel : Li menm tou te fè yon pak ak Antite yo. Li konnen trè byen sa Antite yo kapab fè, sitou apre yo te touye Maril. Kounye a, li bezwen nou pou n al pale avè l. Pita, fòk ou soti avè m, ok? Gen yon bagay enpòtan mwen bezwen fè w konnen.

Marcus : ok pagen problèm non.

*Yo chita yap pale. James li menm nan restoran Yella lap netwaye pwason an menm tan lap gade Yella tou, Yella chita nan biwol La li wè ke James ap gadel, Yella parèt kote'l.*

Yella : poukisa wap gade'm Konsa ?

James : madam Yella sepa anyen dwòl non, Mwen jis Renmen rad kisou a.

Yella : ok pa gade'm Konsa ankò ok.

James : dakò madam pagen problèm non.

Yella : ok.

*Yella gade James Epil vire li ale, James souri Epil kontinye netwaye pwason yo, menl toujou ap voye je gade Yella. Kerby li menm nan lekol lekol li a lap gade Rebecca ki chita sou Ricardo, kerby pa kapab ankò li leve li Parèt Kote yo epil kanpe anfas yo.*

Kerby : Rebecca sa manman'm tediw?

Rebecca : mwen pa raple'm non.

Kerby : fòk ou pa kole sou jenòm sa.

Rebecca : jenòm sa se mennaj mwen ok.

Kerby : fòk ou kitel si se pasa Map Di manman'm sa. (Ricardo gade kerby lel disa)

Ricardo : kisaw Di?

Kerby : ou tande wi.

Ricardo : Siw pa deplase map bòw Yon kout pwen.

Kerby : Rebecca.

Rebecca : ou oblije deplase wi.

*Kerby gade yo epil deplase lal chita bokote louna epi yap gade yo. Samuel li menm nan biwol la, li pase jounen an nan biwo a, nan pita Samuel nan machin li an Ak Marcus epi Fabienne yo pral Kote Eldia, Samuel ap kondi Machin nan tou enkyè, Kelke minit aprè yo Rive kote randevou a, yo desann machin nan epi yo antre andan restoran, apèn yo antre Samuel wè Eldia chita sou tab la, Samuel parèt kote'l ak Marcus epi Fabienne yo chita, Marcus ap gade Eldia.*

Eldia : bonswa nava eskizem deskem fè nou vini lèsa.

Samuel : pagen problèm non.

Eldia : fòk nou trè veyatif paske Antite sa yo ka ap Swiv nou epi'n pa konnen.

Marcus : poukisaw fè nou vini la?

Eldia : mwen vle pou nou fè Yon sèl Kont Antite sa yo, si se pasa yap touye nou.

Samuel : sa wap propoze nou?

Eldia : fòk nou Degaje nou pou'n elimine yo avan, paske avèk kò sa yap itilize a yo vilnerab anpil .

Marcus : Tande! Ou konnen si nou touye yo, moun ki te posede kò a n ap touye tou. Nou pa ka pran yon desizyon konsa san n pa reflechi sou konsekans li.

Eldia : wi nou oblije.

Fabienne : sa mande réfléchi.

Eldia : nou mèt kwèm sa se sèl solution an.

Samuel : hmmm.

*Eldia ap pale yap tandel, Marcus li menm pa fi'n dakò ak sa Eldia ap di yo, Samuel oblije pa Di anyen se tande lap tande. Yella li menm lakay li, li chita nan sala manje a lap Manje ak timoun yo yap Manje, lap tann Samuel an menm tan, timoun yo ap Manje Youn ap gade telman yo fistre, kerby pavle di manman'l sa Rebecca ap regle li pè pale.*

Yella : nou anfom paske'm santi Yon tansyon pa nou sou tab la?

Rebecca : wi pagen problèm non manmi.

Yella : an ok.

*30 minit aprè yo fi'n manje, Yella moute lal benyen Thomas, lel fi'n benyenl li mete'l nan kabann, Yella Soti li al nan chanm li an, lel Rive li moute kabann nan li kouche, 1h detan aprè Samuel parèt nan chanm nan, Samuel retire rad sou li, li moute kabann nan Epil kouche, nan demen maten Samuel leve li Antre nan douch la li brose Epil lave visaj li, li mete rad spò sou li epil Soti nan Chanm nan, li desann li ouvè pòt la lap mache nan lakou a, li ouvè baryè a Epil Soti, li fè Yon ti kanpe deyò a avanl kòmanse kouri, pandan Samuel pral kouri li wè Yon jenòm vin kanpe anfas li, Samuel gadel.*

Samuel : mwen ka edew jenòm ?

Jenòm : Mwen vini bonè maten an paske mwen konnen se granmaten ou al travay. Mwen te bezwen pale avè w anvan ou ale.

Samuel : kimoun ou ye ? kisaw vle ?

Jenòm : Mwen rele Alexis. Mwen se premye pitit Jessica ak Jean. Dapre sa yo fè m konnen, se ou menm ki te touye manman m ak papa m. Mwen bezwen konnen verite a... èske se vre?

Samuel : 😳😳😳😳.

*Samuel telman sezi li pa wè sa pou'l Di Alexis paskel pat atan'n ak sa, Youn ap gade lòt nan je.*



Lèw fi'n li epizòd sa, tagg zanmiw, Patajel, jèm li, kòmante pouw kapab jwenn epizòd 6 la.

Sa'n panse de epizòd 5 lan ?

Siw vle fè yon don, ekri paj la epi n ap reponn ou ak tout enfòmasyon yo. ❤️

Mèsi anpil pou lanmou ak sipò nou! 🙏🏿📖

26/08/2026

(Epizòd 5)
🤫🤫🤫

25/08/2026

Epizòd : 4
Sezon : 2
Tit : pri richès la
Otè : Franco Georges

*Samuel kanpe lap gade Garmia, Samuel paka kwè vre kese Garmia ki anfas li a, li toujou abitye ak visaj Fabienne nan.*

Garmia : ou pa Bezwen sezi non Samuel.

Samuel : kisa Garmia?

Garmia : wi se mwen Samuel.

Samuel : mwen panse kem patap jan'm wèw ankò.

Garmia : ou pa wèm Samuel, sa se Yon kò mwen itilize Pou'm vini sou tè a ankò.

Samuel : èskew te mande mèt kò sa pèmisyon pou'w ililize kòl ?

Garmia : Sapa gade'w ok.

Samuel : saw vin fè sou tè a ankò ?

Garmia : Mwen tounen pou m fini tout sa mwen te kòmanse. Antite siperyè yo padone m, epi yo ban m yon dènye chans pou m retounen sou tè a pou m efase tout tras sa m te fè yo. Fwa sa a, mwen pa vin kouri ni kache ankò. Mwen vin fini misyon an nèt… pou pa gen okenn tras ki rete dèyè'm.

Samuel : mwen pagen rapò avèw non.

Garmia : Ooooh, wi… ou genyen l. Ou deja konnen sekrè m yo, e sa fè w tounen yon menas pou mwen. Mwen pa ka pran risk kite w viv avèk tout sa ou konnen yo. Fwa sa a, mwen pap echwe nan misyon Antite Siperyè yo konfye m nan. Kèlkeswa sa sa ap koute m, mwen pral asire m misyon an fini jan yo mande m nan.

Samuel : kisa 😳! kòman sa?

Garmia : Mwen te renmen w, Samuel. Mwen te eksplike w tout lavi m, mwen te montre w kiyès mwen ye toutbon, mwen te mete tout sekrè m nan men w. Mwen te fè w konfyans, menm lè mwen te konnen sa te ka mete m an danje. Men malgre tout sa, ou trayi m… ou livre m bay Junie. Apre tout konfyans mwen te mete nan ou, se konsa ou te chwazi remèt mwen?

Samuel : Mwen pa t ap ka fè anyen pou ou, Garmia. Si m pa t fè sa, Antite yo t ap pran 10 lòt ane nan lavi m ankò. Mwen te deja pèdi twòp tan, e mwen pa t ap janm dakò pou m pèdi 10 ane ankò pou ou. Mwen regrèt sa m te fè a, men fwa sa a, mwen te chwazi sove lavi m Pito.

Garmia : epi Mwen Menm m'teka pèdi Yon syèk pou ou wi.

Samuel : mwen pat gen chwa.

Garmia : ou te fout genyenl.

Samuel : 😔😔😔 mwen dezole ok.

Garmia : Ki mele m ak ou dezole? Sa ki enpòtan pou mwen kounya, se fè w disparèt… e mwen pral fè menm bagay la ak tout fanmi w. Antite Siperyè yo konfye m misyon sa a pou m ka jwenn padon etènèl yo. Mwen pa gen dwa echwe fwa sa a. Menm si sa mande pou m detwi tout sa ki bò kote w, m ap oblije fè sa.

Samuel : mwen pap kitew fèsa, ou Pap ka proche fanmi'm.

Garmia : sak pou diw nou pa gentan infiltre fanmiw deja.

Samuel : ☹️☹️🥺🥺☹️🥺☹️.

*Samuel gade Garmia Epil kouri moute machin li an li ale, Garmia kanpe lap gade machin nan ki prale ak Yon souri nan visaj li, Samuel ap kondi Machin nan vit pou'l ka Rive lakay li, Kelke minit aprè Samuel Rive lakay li, li poze bouton an epi baryè a ouvè, Samuel antre ak machin nan, Samuel kouri desann machin nan Epil Antre lal nan Salon an, lel gade li wè Yella chita ap Gade tele, Samuel parèt kotel.*

Samuel : kote timoun yo bb'm ?

Yella : yo nan chanm yo a Love.

Samuel : pagen Moun avè yo?

Yella : non Love, lèsa Kimoun ou vle kipou te avè yo?

Samuel : an ok wouffff. (Samuel chita bokote Yella)

Yella : saw genyen bb'm ?

Samuel : anyen love.

Yella : kèt ! mwen rayi lè wap dim anyen an pandan setan visaj ou dim Yon lòt Pawòl.

Samuel : fèm konfyans love, ou pap ka konnen.

Yella : ebien ok! Mwen espere Yon jou wap dim sakap pasew Konsa.

Samuel : wap konnen love.

Yella : ebien ok.

Samuel : ou gen nouvo anplwaye nan restoran?

Yella : oooooh wi, mwen gen Youn ki rele James Yon jèn diplome, mwen anplwayel nan restoran.

Samuel : Yon nouvo Moun, saw remake lakay li kòm atitid ?

Yella : mwen wèl pasyone de kizin, e'm wèl Renmen gade'm anpil tankou se yon Moun li konnen Deja.

Samuel : woyy Revokel Love.

Yella : Revokel 😳! Mwen apèn pran'l wi, dayè li fò Anpil li konn sa lap fè a, li gentan entegrel nan ekip Mwen an.

Samuel : bb'm fèm konfyans Revokel.

Yella : men poukisa bb'm ?

Samuel : fèm konfyans rekovel love.

Yella : non bb'm.

Samuel : ou kwè nan li?

Yella : wi e'm Bezwen prezans li nan kizin nan paske'l ede nou anpil.

Samuel : bb'm.

Yella : pa Mande'm sa Love.

Samuel : kèt bb'm 😩.

Yella : Kote darly ?

Samuel : li rete Kay manman'm.

Yella : an ok bb'm.

*Samuel chita lap réfléchi, Yella ap gadel, Yella anbrasel, Samuel pa wè sa pou'l Di Yella ankò. Darly li menm lakay gran'n li, li chita nan Salon Kay gran'n li lap bwè Yon labouyi, Vanessa ak Bella epi manman chita yap gade'l, Darly Gade gran'n li.*

Darly : labouyi avwa'n sa gou anpil manmi.

Manman : mèsi Pitit gason'm.

Vanessa : Roselande pat vle vini avèw vre ?

Darly : wi matant.

Bella : hmm ou telman sanble ak Samuel.

Vanessa : Bella bb'm an'n evite pale desa.

Darly : pagen problèm non, manman'm te gentan explikem tout.

Vanessa : Epil pa wont non.

Bella : kòman sa bb'm ?

Vanessa : Roselande kouche a Samuel, Bagay li pat dwe fè menm nan rèv, epi kounya aki figi pou lap explike darly sa.

Manman : Vanessa an'n bliye pase ok, sak enpotan Darly avè nou.

Vanessa : men darly Pavin rete non, fòk li al jwenn manmanl.

Darly : matant Mwen vin fè Yon bon tan Haïti.

Vanessa : ebien ok.

Manman : ou pa Bezwen al Kay Samuel ankò, ou mèt rete la avèm mari'm nan ap dakò.

Darly : ok manmi.

Vanessa : taleu Manman fòk ou mande Samuel sa avan.

Manman : mwen pa Menm Bezwen Mandel sa, Samuel ap dakò ou mèt kwèm.

Vanessa : ebien ok.

*Vanessa gade Bella, Bella gadel tou epi yo gade Darly kap bwè labouyi a. Samuel li menm kouche nan kabann li an, lap panse ak fanmi'l li pa vle pedi a, Antite yo deja menasel ke yap detwil, Samuel pa wè sa pou'l fè, Yella vin kouche bokote'l la, li anbrasel epi yo Domi, nan demen maten samuel leve lel gade li pa wè Yella bokote'l la, Samuel pase Menl nan visaj li Epil leve, li Antre nan douch la lal benyen. Yella li menm nan kizin nan lap prepare bwat pou timoun yo, Kelke minit aprè Samuel vin parèt nan kizin nan.*

Samuel : ou gentan fini?

Yella : wi Amour.

Samuel : kote timoun Yo ?

Yella : yap benyen toujou, mwen di kerby pou'l benyen Thomas pou mwen aprèsa pou'l mete rad sou li.

Samuel : bb'm ou kwè kerby ka benyen Thomas ?

Yella : oooooh wi amour, yeswa ou pat Antre ak provizyon yo non, se mwen Maten an ki al deyè yo nan kòf la.

Samuel : woyy Mwen te bliye amour.

Yella : ou mèt al travay bb'm, Map mennen timoun yo lekol.

Samuel : non Mw prale avè nou.

Yella : ou mèt ale Love ok.

Samuel : non bb'm.

Yella : woyy Samuel Mwen diw ou mèt ale.

Samuel : ebien ok love, pridan wi amour.

*Samuel fè Yon ti prochel, Samuel bol sou bouch epil vire li ale, Samuel Rive nan lakou a, li moute machin li an Epil Ale. Darly li Menm li apèn leve nan kabann, li antre nan douch la, li benyen lel fi'n benyen Epil mete rad sou li desann, apèn darly pral nan kizin nan pot la vin ap frape, darly al ouvè pòt la, lel gade li wè se Roberto, Roberto kanpe lap gadel ak dlo nan je.*

Roberto : Pitit gason'm.

Darly : papa 🥺🥺🥺.

*Roberto kouri anbrase darly epi lap kriye an menm tan. Samuel li menm apèn Rive deyò antrepriz la, Samuel pakin machin li an Epil desann li antre, Samuel salye Fabienne li antre nan biwol la, Samuel chita nan biwol la, apèn Samuel pral ouvè òdinatè a Pòt biwol la vin ap frape, Moun nan Antre, Samuel wè sepa Yon Moun li konnen ki antre a.*

Samuel : kimoun ou ye ?

Enkoni : mwen rele Eldia.

Samuel : ok Eldia saw vle ?

Eldia : mwen se Yon viktim tou de Antite yo.

Samuel : kisa? (Eldia al anfas li)

Eldia : Ou pa bezwen fè tankouw pa konprann sa m ap di w la. Mwen se vwazin Fabienne, epi li te eksplike m tout bagay. Mwen menm tou, mwen te siyen yon pak ak Antite yo. Kounya, mwen wè moun ki pwòch mwen yo ap mouri youn apre lòt, e mwen kòmanse konprann konsekans pak sa a.

Samuel : hmmm.

Eldia : Fabienne te eksplike m tout bagay sou ou, Samuel. Mwen menm avè w, ansanm ak Fabienne, nou gen yon bagay enpòtan ki mare nou: nou tout te siyen yon pak ak Antite yo. Kounya, fòk nou mete tèt nou ansanm pou n konbat yo, paske si nou pa fè sa, yo pral fini pa touye nou youn apre lòt daprè sam konprann.

Samuel : mwen poko konnen kòman mwen pral fè sa.

Eldia : avè'm wap konnen ok.

Samuel : mwen tedi Fabienne pa explikem okenn Moun sa, el te pwomèt Mwen li pap Di Moun sa.

Eldia : fòk li te pale Samuel, Mwen menm tou fòk mwen te jwenn Yon Moun pou'm pale, Paske Antite sa yo touye marim.

Samuel : kòmanw fè konnen kese yo?

Eldia : Pandan li t ap sot travay, kèk moun te bare l sou wout la. Yo fòse l desann nan machin nan, yo pran tout sa li te gen sou li, epi yo touye l. Mwen konnen sa sanble ak yon vòl òdinè, men mwen konnen se pa vòlè ki te fè sa vre. Se yon metòd yo itilize pou fè krim nan sanble ak yon vòl, pou polis la kwè se vòlè ki dèyè sa. Men mwen menm, mwen konnen verite a… se Antite yo ki te fè sa.

Samuel : 🥺🥺🥺🥺.

Eldia : metew avèm Samuel pou'n fè fas avèk yo Paske si'n pa ini nou Mwen gen enpresyon yap touye nou tout kite siyen pak la avè yo.

Samuel : kèt 🥺🥺🥺.

*Samuel chita lap gade Eldia nan je, Eldia ap pale avèl lap tandel, kerby li menm nan Klas li a, lap Swiv Yon kou espagnol, 2h detan aprè kou a fini, tout timoun yo Soti yo al nan rekreyasyon, kerby Soti, li al kote Rebecca nan Klas li, lè kerby parèt nan Klas li a, li wè Rebecca ap bo Ricardo, Kerby telman sezi, li pa Di anyen, li fè bak Epil kite sal la. Samuel li menm fi'n pale ak Eldia, Samuel chita nan biwol la lap reflechi, Samuel pase jounen an ap réfléchi, nan pita Samuel ap kondi machin li an pou lal lakay li, Samuel ap kondi machin nan lap réfléchi. Gama li menm nan Yon Kay li kanpe deyè Yon fenèt lap gade deyò a, 2 lòt Moun kanpe deyèl yap gadel .*

Gama : Nou konnen sa m renmen nan mond sa a? Se lefèt ke kapasite nou yo gen limit. Nou pa kapab vini sou tè a ak pwòp kò nou. Pou n ka antre nan sosyete imen an, fòk nou prete kò yon imen ki apwopriye pou nou, yon kò ki kapab pèmèt nou viv nan mitan yo san yo pa dekouvri vrè idantite nou. Apre plizyè kontra mwen siyen ak imen yo, mwen remake yon bagay: se richès yo toujou mande m an retou. Yo tèlman ap kouri dèyè lajan ak richès, yo pa menm pran tan pou yo mande m ki vrè misyon mwen, ni kiyès nou ye toutbon.
Men kounya, Antite Siperyè yo ban nou yon lòt misyon: detwi tout sa nou te kreye nan mond sa a.
Nan mond imen an, zam se youn nan fason yo itilize pou retire lavi. Se poutèt sa, nou Menm Chymya ak Garmia, nou menm tou, nou oblije re-sèvi ak kò imen pou n akonpli misyon an. Vrè non moun ki posede kò sa yo se James ak Berline se konsa yo rele. Nou gen yon lis moun pou n elimine. Pa gen pèsonn ki dwe rete dèyè. Nou dwe retire tout moun ki sou lis la, epi asire nou pa kite okenn tras ki kapab mennen imen yo sou nou. Pou zam ak tout lòt bagay nou pral bezwen yo, n ap jwenn yo. Antite Siperyè yo ban nou lòd la. Kounya, se pou nou akonpli l.

Gama vire gade yo Epil souri, James (Chymya) gade Berline (Garmia) Berline gade'l tou, epi yo gade Gama.



Lèw fi'n li epizòd sa, tagg zanmiw, Patajel, jèm li, kòmante pouw kapab jwenn epizòd 5 lan ?

Sa'n panse de epizòd 4 la?

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Delmas 75 Impasse Lilo #3
Port-au-Prince
000134