Bouche en Santé

Bouche en Santé

Partager

Cette page vous propose des articles sur la santé bucco-dentaire..

13/02/2022

Les promesses de Dieu ne failliront jamais.😇😇🤩🤩🤩

12/10/2021

Bonjou, bonswa
Jodi a, tankou lot fwa nou te gen chans pataje kek enfo pou nou, nou pwal pale nou de yon sije ki vreman enpotan ki se Dantifris.

Kisa yon dantifris ye?
Kisa li gen ladanl konsa?
Ki itilite li?
Kijan pouw chwazi yon dantifris?
Eske yon moun ka sevi ak nenpot dantifris?
Konbyen tip dantifris ki genyen e pouki yo la?
C tout kesyon sa yo nap eseye reponn pou nou pou nou ka gen yon ide klè de sa nap itilize chak jou an.

Yon dantifris se yon sibstans ki la pou netwaye dan pou rann li pwop e bel, li la tou pou ede pwopte tout kavite bikal lan. Li pemet debri alimante ki poko kalsifye yo (sa yo ki fenk depoze yo) pi fasil pou yo soti si metod bwosaj lan bon.

Li ka prezante sou plizye fom: jèl, pat, poud (elatriye)
Men pi souvan se sou fom pat yo prezante, se pou sa non pat dantifris la tou rete.
Men nan tout fom sa yo gen bagay ou paka pa trouve...

Kisa li gen ladanl konsa?
Pou nou pale de sa ki gen nan yon dantifris nap komanse pale de sa li pa gen;
Kontrèman a sa gou li ta vle fe nou kwè, dantifris pa gen s*k natirel ke nou itilize lakay nou ladanl, paske s*k sa yo bay dan nou anpil pwoblem men li gen s*k yo sentetize ladanl.

Nan dantifris gen yon sibstans ki la pou anpeche dantifris lan seche sof nan dantifris ki sou fom poud lan ou pap trouvel.
Gen sibstans ki la pou frajilize plak bakteri ki sou dan yo.
Gen potasyom pou pwoteje dan sa yo
Gen sibstans ki la pou bay aspè kimen an kise yon detejan
Gen sibstans ki la pou bay yon gou spesyal
Epi gen koloran pou koulè a selon utilite dantifris lan.

Gen lot sibstans ou k jwenn nan dantifris lan tou selon spesifisite dantifris lan.

Kijan pou chwazi yon dantifris?
Gen yon paket kalite dantifris men nap klase yo an de gran group
Dantifris kosmetik
Dantifris terapetik

Dantifris kosmetik lan pa la pou lot baay ke pou pwopte bouch lan, donk ladanl se selman sibstans sa yo nou sot site a ki ladanl.

Dantifris terapetik lan pa la pou trete yon maladi ou genyen men li la pou prevni agravasyon maladi an oubien poul pa tounen anko siw t tretel. Sa ka rive pou yon pwoblem itilizasyon dantifris adekwat lan bay yon remisulyon ki preske total men yon dantifris pa yon medikaman.
Poun chwazi yon dantifris eseye konnen pwoblem yo epi trouve avis yon dantis kalifye

Siw pa gen problem, pa bezwn ap cheche gro non dantifris pou sevi.

Siw bezwn yon dantifris terapetik, chwazil selon ke
Ou fasil gen kari
Ou gen jenjivit
Ou gen dan sansib
Ou gen dan kap soti moso pa moso
Oubyen koulè dan an ou pa renmen (men li pa setan ke koulè a ap chanje, paske li ka pa yon koz ekstèn)

Toujou mete dantis ou okouran de dantifris wap itilize a.

Pou fini, song bwose 2 fwa pa jou sitou leswa
Epi sonje menm lè wap bwose kom sa dwa, sonje se pa tout bagay kap soti, alo we dantis ou 2 fwa pa ane pou pwofilaksi an.

20/10/2018

Les maladies parodontales et la santé générale

Des études ont établi des liens entre les maladies parodontales et plusieurs problèmes de santé, notamment le diabète, les affections respiratoires et les maladies cardiovasculaires.



De plus, les femmes enceintes atteintes d’une maladie des gencives courent un risque d’une à sept fois plus grand de donner naissance à des bébés prématurés ou de poids insuffisant que les femmes qui ont des gencives saines.

25/09/2018

Le groupe Bouche en Santé tient à vous annoncer qu'une nouvelle rubrique fera son apparition sur la page..
Ce qu'observe votre Dentiste,cette rubrique vous sera présentée chaque mardi..

Suivez la rubrique CE QU'OBSERVE VOTRE DENTISTE dans votre bouche,afin de savoir les causes possibles et les traitements nécessaires.

13/09/2018

Très bientôt,Une nouvelle article..
Bouche en santé!!
Stay FOCUS!!!!

27/05/2018

Le sucre est il cariogène?

05/05/2018

Effets de la vitamine D sur les dents?

Une alimentation pauvre en calcium et en vitamine D accroît le risque de maladies des gencives, puisque ces substances jouent un rôle essentiel dans la formation des os et des dents ainsi que dans le maintien de gencives saines. La consommation de lait est un bon moyen de combler vos besoins en calcium, mais aussi en vitamine D, puisqu'une certaine quantité y est ajoutée.

06/04/2018

Qui dit droit à la Santé,dit également droit à une Prophylaxie Dentaire régulièrement afin de préserver votre santé bucco-dentaire..🤗🤗Pour cela,L'AEFO et L'AHEM vous invitent à participer à cette journée d'activité durant laquelle vous bénéficierez d'une consultation dentaire et d'une *Prophylaxie dentaire gratuite*..😊.

02/04/2018

Petit Conseil:
Le brossage trop vigoureux des dents peut contribuer à l'irritation et au déchaussement des dents et, avec le temps, user les dents.

10/03/2018

Mouton? Bè! Kotew prale? M pral labatwa. Kilè wap tounen ? jamè jamè ! nan men kiyes wap kite pitit ou yo ? nan men Valesca !
Jodi a nan Kay Dantis nou pral pale ou de yon problèm ke anpil moun konn genyen, ou te genyen lè yo te piti, men ke yo pa janm vreman konprann. Nou pral pale ou de Mal mouton !
Kisa mal mouton an ye ? kisa ki lakòz li ? e ki sa li ka bay ? kouman yo trete li ?
Mal mouton se yon maladi kontajyez ke yon viris ki rele myxoviris bay. Viris lan bay yon enfeksyon ki provoke gonfleman youn ou tou le 2 gland parotid yo (gland sa yo antre nan prodiksyon saliv) ; gland sa yo sitiye yo toupre zorey nou.
Lè yon moun gen mal mouton, bò kou li, bò bouch li (jou li yo) anfle, sa vin lakòz gwo doulè, e doulè sa pi fè mal lè moun la ap manje.
Se yon maladi ki touche plis timoun men ki jounen jodi a pa telman parèt akòz vaksen RRO an ki itilize nan vaksinasyon... nan men kiyes wap kite pitit ou yo? ….
Eske yon moun ka bay yon lòt moun mal mouton?
Viris ki responsab mal mouton an ka fasil pase de yon moun ak yon lòt. Se sak fè pafwa ou konn wè, lè yon timoun genyen li, nan kay lan, lòt yo konn genyen l tou. Li ka transmèt li, nan tigout saliv, lè li li touse,lè li estène ou pa mwayen jwèt li yo ak vesèl si yo pran nan krache a.
3 jou avan machwa a koumanse gonfle jiska 9 jou apre, moun sa kontajyez, men li pi kontajyez lontan premye ak dezyèm jou gonfleman an parèt lan.
Mal mouton an si li pa trete li ka konplike, li ka bay yon : menenjit, yon ansefalit, yon pankreyatit, yon òkit (ki se lè boul grenn lan anfle), li ka bay enfeksyon nan ovè pou moun ki gentan nan pibète, e li ka fè moun lan vin soud.
Anplis de machwè ki anfle an, timoun lan ka gen fyèv, tèt fè mal, fatig, pèdi apeti, problèm pou li vale ou moulen bouch li, doulè nan zorèy ak nan misk ki konsène yo epi kou rèd.
Eske li gen tretman ?
Nan pifò ka, li trete pou kont li apre 2 semèn konsa. Men nou ka ale kay dantis nou ou pedyat timoun lan pou nou jwenn solisyon sitou pou sentom yo ak pou evite konplikasyon.
Pi bon bagay lan rete prevansyon an. Pa neglije vaksine timoun yo.
Pou nou rete an sante e pou nou kenbe bouch nou pwòp, vizite Dantis nou regilyèman e fè yon profilaksi pou pi piti chak 6 mwa
Toujou wè yon pedyat ak timoun yo.
Sete : Kay Dantis
Sou paj: Paradis Dentaire ak Bouch en Santé
Redaktè : Yasie Yonel APOLLON JANVIER

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00
Dimanche 09:00 - 17:00