Ayiti p'ap peri annavan Pitit Dessaline

Ayiti p'ap peri annavan Pitit Dessaline

Partager

Politik

23/08/2026

DÉPUTÉ Port-de-Paix

Mr PRÉDÉLUS Beethovens Caharles POTANSYÈL KANDIDA POU PÒS DÉPUTÉ Port-de-Paix.

Kiyès sitwayen sa ye?
PRÉDÉLUS Beethovens Charles : Un parcours de combat et de vision pour le Nord-Ouest

Apre plis pase senk (5) lane ap kowòdone pati politik COPPOS Haïti et Alliés nan depatman Nòdwès peyi Ayiti, sitou nan komin Pòdepè, PRÉDÉLUS Beethovens Charles pa janm sispann pran pozisyon ni pran gwo desizyon pou defann enterè depatman an. Anpil moun te rive pè pou li, paske yo te twouve li twò piti dèyè desizyon li t ap pran yo. Men, sa pa t anpeche l kontinye pran risk, malgre presyon ak difikilte li te rankontre, menm lè paran li te rive mande l abandone batay la.

An 2021, li te rejwenn FÒSNOU ak alye li yo, avèk objektif pou ranfòse batay li t ap mennen pou depatman Nòdwès la, espesyalman pou komin Pòdepè. Sou wout sa a, li te fè fas ak anpil menas, anpil konplo ak anpil efò ki te fèt pou kraze jèn gason sa a. Men, malgre tout obstak sa yo, li te kontinye avanse.

Daprè enfòmasyon ki disponib, desizyon li pou l ta rive kandida pou pòs depite nan komin Pòdepè a soti nan yon refleksyon pwofon sou eksperyans li, sou angajman li ak sou destin li. Depi lekòl, Ronel Gelin te deja fè yon pwofesi sou li. Apre anpil ane eksperyans ak anpil batay, finalman desizyon sa a sanble rive nan yon konklizyon.

Apre Konsèy Elektoral la fin mete pwosesis elektoral la an plas, sa pa t anpeche Beetho J’aime Haïti fè konnen klèman pozisyon li ak pozisyon pati politik li. Li gen plis pase senk (5) lane militan ak fòmasyon politik ladan l, yon eksperyans ki fè diferans lan pou anpil moun ki deja deklare yo pral kandida sèlman pou chèche avantaj pèsonèl.

Nan yon konvèsasyon nou te genyen avèk li, li te fè konnen vizyon li pou komin Pòdepè ak depatman Nòdwès la anpil. Edikasyon ak agrikilti se pami pi gwo priyorite li, san li pa bliye sante, paske li kwè devlopman yon sosyete dwe chita sou plizyè poto.

Se sa ki fè nou ka prezante baz pwojè ak vizyon PRÉDÉLUS Beethovens Charles kòm yon triyang : edikasyon, agrikilti ak sante.

Nan youn nan deklarasyon ki te pi enpòtan yo, li te di :

«« Chak fwa yon moun envesti nan edikasyon, se kòmsi li envesti nan avni peyi a. »»

PRÉDÉLUS BEETHOVENS CHARLES
Kominikatè sosyal, jounalis, jiris epi etidyan nan tewoloji; pwofesè nan plizyè kolèj nan vil la; aspiran kandida pou pòs depite nan sikonskripsyon Pòdepè.

M’SE YON VIKTIM E OU ?

Chanje Leta, chanje lavi.

James Peter Pierre Vwa verite a 👍

23/08/2026

Poum ta gen yon pwòp timoun konsa pou yon ta bat li jis li touyel, m pakonn konbyen lanmò kitap genyen . Nan kèlkeswa kondisyon an ou Pagen dwa ap bat yon timoun nan eta sa . Sèl Ayiti nap ka fèl tou ...

Nan Jakmèl, nan yon lokalite ki rele Siloe ebyen yon matant ta kale bèl ti pitit 11 lane sa , jis li arive etèn Souf li .

Ki reyaksyon paran timoun sa anvè matant sa ?

Kisa timoun nan te fè?

Èske ou ka bat yon timoun nan eta sa?

Tche kòmantè a bay opinyon ou .

James Peter Pierre Vwa verite a 👍

23/08/2026

Moun Nord-ouest yo pase vote sou Paj James Peter Pierre a pou Kandida ou an

SONDAJ 6 KANDIDA pou pòs Sénateur depatman Nord-ouest.

1,A
Mr Andallasse Mertilus

2,B
Agro. Gaslin Corgelas

3,C
Mr Osnel Clairilus

4,D
Mr Louis Onondieu

5,E
Mr Jean Gary Sanon

6,F
Wilmid Justin Noël

Vote 🗳️ kandida paw la pou depatman Nord-ouest

James Peter Pierre Vwa verite a 👍

21/08/2026

TOP 3 SONDAGE POU PÒS SÉNATEUR Depatman Nord-ouest.

1,A
Jean Garry Sanon

2,B
Wiilmid Justin Noël

3,C
Osnel Clairilus

Vote 🗳️ kandida paw la .

James Peter Pierre Vwa verite a 👍

20/08/2026

TOP 4 SONDAGE POU PÒS DÉPUTÉ Saint-Louis du Nord. Vote 🗳️ depite paw la pou yon chanjman reyèl .

1,A Robenson Petit Choute
2,B Jean Wideler Othelot
3,C Escarment H.
4,D Wilgems Lafrance

Pa bliye pandan wap vote follow Paj la pou mwen.
James Peter Pierre Vwa verite a 👍

20/08/2026

Vote 🗳️ Robenson Petit Choute pou Député Saint-Louis du Nord

Mr Robenson Petit Choute Ofisyèlman kandida pou pòs Député nan komin Saint-Louis du Nord.

Kiyès sitwayen sa ye ? Robenson Petit Choute se
( Normalien supérieur, juriste), pèsonalite ki asosye ak aktivite edikatif/deba nan Saint-Louis-du-Nord. Savledi li gen fòmasyon nan domèn ansèyman siperyè ak dwa. Li se yon profesè Fransè , Filozofi ak literati , anpil moun rekonèt li andedan komin nan , paske li fè kou nan Lycée ansanm ak majorite kolèj nan komin nan .

Li patisipe tou nan redije yon materyèl pedagogik pou filozofi NS4, se yo twa moun ki te travay sou dokiman an, li menm ansanm ak Jean Ernest Joseph ak Fednel Michel. Materyèl la gen ladan tèm sou moral, dwa, politik, filozofi politik ak leta.

Mr Robenson Petit Choute se yon profesè de kalite , li se pitit Senlwi di Nò , e aprè etid li , li pat abandone komin nan li retounen pou vin sèvi pèp Nòlwizyèn nan. Pou mwen li ranpli tout kondisyon yo pou ke li al represante nou valableman nan chanm depite a . Paske li konnen komin nan tre byen sela lap viv avèk tout fanmiy li.

Mwen te fè kwazman avèk li nan Lycée Serge Petit Frère a kòm profesè Filozofi mwen, gen yon bagay li toujou di nou ( mwen se pitit sòyèt ) kidonk li konnen doulè nou.

Mwen pako ka fin pale nou plis de Sitwayen an , m panse nan yon lòt pòs map tounen ak plis detay sou lavi gro potorik gason sa .

Moun Senlwi kale je nou , gade kiyès nap voye reprezante nou, fè chwa moun ki konpetan , sepa moun lè yo rive nan chanm bas la ki pwal rete tèt atè , ki pwal pran presyon nan men nèg pòtopwens .

James Peter Pierre Vwa verite a 👍

17/08/2026

Vote prezidan ou . Epi follow paj James Peter Pierre a jounalis paw la

SONDAGE 2026 : Vini vote🗳️ kandida paw la .

Si tout fwa ta gen eleksyon, kiyès ou wè ki kapab retire Ayiti nan sa li trouve jodia ?

James Peter Pierre

07/08/2026

Abòne Avèk Jounalis James Peter Pierre

Ede nou avanse zanmim yo , Follow paj la.
James Peter Pierre pou pa janm rate oken enfòmasyon.

07/08/2026

🚨Breaking news:
Pwosesis elektoral la pran yon lòt vitès : otorite ayisyen yo ak patnè entènasyonal yo mete aksan sou akselerasyon preparasyon yo.

Preparasyon pou pwochen eleksyon yo te nan sant yon gwo reyinyon estratejik ki fèt mèkredi 5 dawout 2026 la. Rankont sa a te rasanble prensipal aktè nasyonal ak entènasyonal ki angaje nan akonpayman pwosesis elektoral la ann Ayiti.

Pami patisipan yo te genyen Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan, Doktè Sandra Paulemon, Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) la, Jacques Desrosiers, konseye elektoral yo, Chèf BINUH la, Carlos Ruiz Massieu, Reprezantan Rezidan PNUD la, Xavier Michon, ansanm ak reprezantan UNOPS, OEA ak lòt patnè teknik ak finansye.

Pandan reyinyon Komite Pilotaj Pwojè Sipò pou Pwosesis Elektoral la, Minis Sandra Paulemon mande pou tout dispozisyon nesesè yo pran pi vit posib pou pèmèt peyi a antre efektivman nan etap operasyonèl pwosesis elektoral la.

Li souliye nesesite pou yon gwo konsansis nasyonal ak yon patisipasyon tout sektè nan sosyete a, yon fason pou garanti eleksyon ki lib, kredib, pasifik ak enklizif, ki kapab kontribye nan ranfòsman demokrasi ak retablisman konfyans sitwayen yo.

James Peter Pierre pou enfòmew 👍

07/08/2026

🚨 Breaking news:
Plizyè santèn sòlda ki fè pati misyon "Fòs repwesyon G4ng (FRG)" lan fenk debake nan Latibonit sou plizyè elikoptè konba ak cha Blende jedi 06 dawou 2026 la, sòlda sa yo etabli baz yo nan chèf lye depatman an ki se vil gonayiv.

Nap kontinye kenbew enfòme.

James Peter Pierre pou enfòmew 👍

Téléphone

Site Web

Adresse


Cite-brave
Port-de-Paix
1994