Anti-stress
page kap fèw souri chak jou an
Gen yon doktè Ayisyen ki ale chache travay USA ki pa ka jwenn. Li deside kreye pwòp klinik li. Li ekri devan klinik lan. "Trete pou $20 e si'w pa trete map remèt ou $100". Gen yon ameriken ki se avoka kap pase ki wè afich la.
Li di se yon bon opòtinite pou'l fè $100. Li antre nan klinik lan, men kòman deba a dewoule:
Avoka: Mwen gen pwoblèm, lè'm mete yon bagay nan bouch mwen, mwen pa ka pran gou'l.
Ayisyen: Gade nan bwat # 22 a, wap jwenn yon ti galon remèd bwè 3 bouchon ladan.
Avoka pran ti galon an, li pran yon premye bouchon epi li di :
Sa se kewozèn, monchè.
Ayisyen: Se byen ! Ou rejwenn gou bouch ou. Ban m $20.
Avoka ale byen tris avèk entansyon pou'l retounen.
Aprè 1 semèn, li deside al tire lajan li an.
Avoka : Mwen retounen wi dòk paske mw gen pwoblèm memwa, mwen pa ka sonje anyen.
Ayisyen: Gade nan bwat #22 a, wap jwenn yon ti galon remèd bwè 3 bouchon ladan.
Avoka : Oh! Se kewozèn ki nan galon sa wi paske denyèman ou te fè'm bwè'l.
Ayisyen : Se byen! Ou rejwenn memwa'w. Banm $20.
Kètttttt !!! Avoka ale byen wònt men li di lap tire kòb li a kanmèm.
2 semèn aprè li deside retounen nan klinik nan. Fwa sa a li di lap bon kanmèm.
Avoka : Doktè mwen retounen kote'w ankò wi paske mwen gen yon pwoblèm nan je'm, mwen pa ka wè.
Ayisyen : Oh! Mw pa gen remèd ki ka fè'w wè non; pran $100 dola sa a.
Avoka : Oh! Sa se $20 ou lonje ban mwen wi la a.
Ayisyen: Se byen! Ou wè byen kounye a ban'm $20.
Avoka: Koumanman mesye, gade kòman yon nonm raketè! Si m ap pouswiv nèg sa m ap mouri pòv tande... Moun pa ka jwenn bout zanmi sa.
Fè yon lot ri menn jan ave'w. 😂😂😜😂 😂😂😂😜😂😂 😘👊🙏✍😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂
Sonje abonner share like
an re viv bèl film nou yo sou page Anti-stress la abonner share like pou plis video mesi -stress
11/01/2025
07/12/2024
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Site Web
Adresse
Vertus 2
Saint-Louis Du Nord
3210
22/01/2025
18/01/2025