Magazine Union Chrétienne
Union Chrétienne
05/12/2026
+18572495275 Sa se nimewo nou, yon moun ki ka ede nou rezoud pwoblèm kontakte nou, fè pri ak nou, kont bank la pa vle chanje se sa ki pwoblèm nan
04/29/2026
Nan Klas 9e.AF yon ti gason ki gen 14 ane tonbe amoure Prof ki fè fransè pou li a. Nan Egzamen aprè yo fin konpoze, misye ekri yon lèt li kole'l anba fèy li tap konpoze a epi tout elèv remèt fèy y'ale.....
7 jou aprè jèn ansenyant lan pran fèy yo pou'l korije li tonbe sou fèy ti gason an😲 li etone wè lèt la li li'l e wè tout bèl mo ti gason an di'l......
Lè lekòl ouvè tout elèv te gentan nan sal la👩 epi men bèl ansenyant lan kap antre nan sal la bèl kwafi li, tèt bouda'l men longè....
Li kòmanse ap remèt kopi fèy yo epi li kite fèy piti a an dènye, li lonje'l bali ak yon nòt 16/20
Li gade misye nan zye li dil map tann ou lan sal profesè yo ok ! Epi pa bliye tou mache ak valiz ou.
Epi ansenyant lan ale devan...
😥Ayyy misye komanse ap enkyete, lap pale nan kè'l sakap pase la?
😂😂😂 tout lòt elèv yo kòmanse ap di misye..
Woyy ou antrave!! Yo pral touye'w e depi yo rele'w nan sal prof yo deja mete'w deyò lekòl la.
Misye reziye'l li leve l'ale epi pandan lap antre nan sal la kè'l ap sote telman li pè.
😲woyyy epi se lè sa map raple'm se jodi a Abònman entènèt mw fini konpayi a tou vin koupe interne la
Ou vle konnen sa ki pwal pase abone Magazine Union Chrétienne
Pa bliye patajel nap tounen demen pou swit istwa👍🏾👍🏾👍🏾👍🏾👍🏾👍🏾👍🏾
04/28/2026
Yon nèg madanm li te ansent, aprè yon ti diskisyon, yo ale dòmi nan mitan minwi vant fi'a kòmanse fè'l mal, nèg la kouri rele yon taksi pou mennen'l lopital, lè yo rive Doktè'a konstate ke fi'a gentan mouri , li di nèg la madanm ou fè eklanmsi li pa gen vi ankò, nèg la tonbe kriye li mete ajenou li di: Jezi mwen se sèvitè'w fè'm kado bébé'a menm si madanm mwen mouri, doktè yo fè dam nan operasyon brbée a sòti vivan san pwoblèm epi nèg la kontinye priye, lap rele Jezi papa'm, mwen konnen madanm mwen pa mouri reveye'l pou mwen tou papa, Doktè yo di ou fou li mouri depi lè'l vini an e nou fè'l operasyon an menm anyen pa mache nan kò'l, nèg la di doc se dòmi'l ap dòmi pako rele anbilans banm 5 minit priyè toujou, nèg la kontinye ap jene, dlo anvayi zye'l doktè yo ap asiste li di Seyè a kilè'w ap reveye madanm mwen kap dòmi an pou'l kapab vin pran swen pitit li a, epi kè fi'a fè zip li bat epi doktè yo kouri mete'l nan sewòm li revini epi nèg la di doktè yo mwen te di nou se dòmi li tap dòmi Bondye se sipriz li tap fè'm pou'm te ka rekonèt grandè'l epi nèg la tonbe chante Jezi kraze sèkèy la lakay mwen....
Si'w kwè Jezi kapab kraze sèkèy ou deja
Pa neglije pataje istwa si'w rekonèt grandè Bondye.
Bondye beni'w.
Magazine Union Chrétienne 👍🏾 peze ti gri a abòne
09/13/2025
Ey zanmi m yo Jezi boule sèkèy ou a tande m, simaye nouvèl la nan espas kòmante a Amèn 3 fwa
09/09/2025
Hmmm Te gen yon neg ki marye a madan li
epi yo deside ale jwi maryaj yo nan yon zile Misye monte bato ak madan li.
Pandan yo sou lanmè a vinn gen yon gwo tanpèt .
Fi a pè anpil pou jan li wé van an ap pote bato a, bato a preske chavire . Mari fi a chita kè poze, li pa rache yon mo. Fason misye chita a tankou pa gen anyen kap pase.
Fi a gade misye epi li di :" cheri ou pa pè? Ou pa wé se dènye jou nou , paske nou paka pa mouri. Epi ou rete chita konsa. Hmmm sel yon mirak ki ka sove nou la.
Menm kote a misye rale yon kouto , li metel anba gòj fi a
Fi a rete an silans epi misye di poukisa mw mete kouto a anba gòj ou epi ou pa souke, ou pa pè poum pa tiyew?
Fi a di poukisa pou mw pè si kouto a nan men ou . ou renmen'm ou pap gen kè pouw tiye madan ou.
Misye di ebyen se menm bagay pou tanpèt la, mw konnen Bondye renmen'm , mw paka pè anyen paske tanpèt la nan men Bondye.
Kelkeswa sitiyasyon wap travèse nan lavi a kap fè'w kriye, ou dezèspere. Map diw pa bliye Dieu se mèt la. Sitiyasyon an nan men li. Li pap janm abandone'w depi ou mete konfyans ou nan li. Si ou kwè nan Bondye.
An nou di Bondye lavi'm nan menw.
Pateje li ak yon zanmiw, temwanyaj yo vivan e yo reyèl
Kisa wap tann ou menm kap li mesaj sa ki poko remèt Jezi laviw, pa kite li trota. Si w santi w beni pandan w fin li l patajel o mwen 20 fwa sa ap rann plis ke 20 moun touche pa rapò ak ou menm e w pa konn konbyen Dye ap tou jwenn lavi yo se va yon benediksyon pou ou. Aprè siw poko abòne ak paj la fè yon ti koudèy siw santi travay la bon ou vle patisipe abòne pou w ka travay ak nou pou Bondye.
Pataje l epi abone avek paj la Magazine Union Chrétienne
09/05/2025
"Mesye ki te ansent mwen an te mande m pou m fè avòtman paske li pat pare poul vin papa nan momaj, li te di li te twò jèn pou l vin papa e ke tibebe a tap sèlman yon distraksyon nan avni li.
Dapre li, li te gen plan poul vin rich anvan l te oblije panse poul fonde yon fanmi.
Mwen pat pare pou yon avòtman, donk mwen te refize. Li te sispann reponn apèl mwen yo epi li te abandone m ak gwosès la.
Mwen pat ka jwenn li okenn kote. Bon zanmi l te revele m ke li te ale Doubay.
Mwen te ansent kat mwa nan moman sa a, e chak fwa mwen tal lekòl, kèk nan zanmi m yo ak kamarad klas mwen yo te konn pase m nan rizib.
Yon lè, mwen pat ka sipòte l ankò paske mwen se yon moun timid, donk mwen te kite lekòl.
Jis a tan, kèk mwa apre akouchman, mwen te retounen lekòl e mwen te gradye kanmenm.
Kèk mwa apre gradyasyon, mwen te jwenn yon travay ki byen peye.
Kounye a, mwen gen twa reyalizasyon presye pou ki mwen ka di Bondye mèsi: Yon diplòm ak yon pitit gason adorab ak yon..." Yon travay pèmanan ki byen peye.
Avòtman pa janm yon opsyon. Timoun se yon benediksyon Bondye, mwen kwè benediksyon mwen yo soti nan pitit mwen an ♥️.
Pafwa, tibebe ki nan vant ou a ka jis tikè ou pou benediksyon abondan Bondye yo nan lavi ou ♥️🥰, li te ekri. Pataje l Magazine Union Chrétienne
09/01/2025
Eyyy zanmi m nou nan mwa septanb, wi se konfime Jezi kraze plizyè sèkèy pou ou deja e lap kontinye kraze yo. Ede m dil mèsi non
08/30/2025
Si depi lè'w fèt jouk kounye a, Bondye toujou ap pwoteje ou, pran 1 minit pou remèsye Bondye.
08/29/2025
M pa konn nan ki konba ou ye men map diw lage batay wa nan men Letènèl se li menm kap baw viktwaw
08/29/2025
Pa defile! Si Bondye pwoteje w depi w fèt jouk jounen jodi a, ekri ✍️ "Amèn"!
Konbyen fwa Bondye sove w anba danje?
Konbyen fwa Bondye te sispann atak dyab la devan tantasyon?
Konbyen fwa Bondye te siye dlo nan je w?
Konbyen fwa Bondye te leve w nan dezespwa?
📚 Bondye di: "Nou tout viv pandan plizyè ane, e prèske chak nan nou te rankontre anpil sitiyasyon danjere e te fè fas ak anpil tantasyon pandan lavi nou. Sa a se paske Satan toupre w, l ap fikse w toujou. Li renmen lè dezas frape w, lè malè rive w, lè anyen pa mache byen pou ou, e lè w pran nan pèlen li. Kanta pou Bondye, Li toujou pwoteje w, li prezève w kont malè ak dezas youn apre lòt. Se poutèt sa mwen di ke tout sa yon moun genyen—lapè ak lajwa, benediksyon ak sekirite pèsonèl—an reyalite anba kontwòl Bondye. Li gide epi egzèse souverènte li sou desten chak moun." Cheri mwen, si ou toujou vivan e anpè depi ou fèt, se pa yon aksidan; se gras Bondye.
Ekri "Amèn" kounye a pou di Bondye mèsi!
Magazine Union Chrétienne
Click here to claim your Sponsored Listing.
Contact the business
Website
Address
520 E 2nd Street
Boston, MA
63556