Nurse Linoue
cette page à pour but de faire la promotion de la santé.
01/14/2026
☆Sirenomali/sendrom la sirèn
Jodi a men yon sijè mwen pote pou nou vin aprann saw pat konnen lèw fini pa ezité patajél ak proch ou .
Kisa maladi sa yé?
Se yon malfòmasyon ke yon timoun ka fèt avel , souvan timoun sa yo konn pa rivé viv yo mouri yon ti tan aprè yo fin fèt genyen ki mouri depi nan vant.
Kisa ki pase kay timoun nan?
Se janm li yo ak pye li ki kole ansanm e fè l sanble ak yon sirène .
Timoun ki fèt konsa yo sitou fi yo konn souvan pa gen seks (bouboun) entesten yo konn defòmé oswa pa fonksyoné konsa tou yo konn absan.
Pafwa tout ògan ki nan vant nan konn pa fonksyone tankou : ren, entesten , fwa, bil, rat elatriyé.............
Nan tout istwa mond lan yo révélé nan tout moun ki fèt ak pwoblem sa se sèlman 3 moun ki arivé viv non yo se : shilloh, Milagros Cerron ak Tiffany Yorks.
Shilloh te sibi plizyè operasyon , grèf ren épi lot ògan ki pat fonksyoné men sa pat anpeche li mouri lèl gen 10 lané.
Milagros ak Tiffany yo te arivé opéré yo séparé pye yo kounyea yo vivan yo mache nòmal malgré yo manke kèk ògan se yon mirak kanmenm paske yo menm selman ki rivé viv .
M panse chak jou gen lot moun ki ka arivé viv toujou avek devlopman la syans , doktè yo ap gen plis eksperyans e bon sans tou.
Mèsi paskew te pran tanw pouw te li ti moso konesans sa kem patajé avèw la .
Nurse Linoue
Klike la pouw abòné ak chanèl you tube la pou k jwenn nouvo vidéo nou yo👇https://www.youtube.com/channel/UCxmity7qeLpoST0PBCPWNCw
04/01/2025
Ou vle pèdi pwa san w pa fristre ?
Ou poko kòmanse pèdi pwa ou a paske w gen dout ?🚀 Swiv nou pou konsèy .
03/24/2025
"Kò ou se sèl vrè konpayon lavi ou"
Li pral akonpaye ou jiska lafen, kidonk poukisa ou pa pran swen li depi kounye a? Si ou gen posiblite pou chanje yon bagay pou ou santi ou pi byen, fè li! Pesonn pa ka fè li pou ou.
Kit se pa yon alimantasyon ekilibre, yon pwodwi adapte oswa yon aktivite fizik regilye, chak aksyon konte. Pa remet pou demen sa ou ka kòmanse jodi a. Sante ou, byennèt ou ak kontantman ou depann de chwa ou fè kounye a.
Pran kontwòl, deside pou ou vin pi bon vèsyon tèt ou! 💪🔥
sel #
03/20/2025
Une alimentation saine repose sur l’équilibre, la variété et la modération. Voici quelques conseils essentiels :
1. Manger des aliments naturels et peu transformés
Privilégier les fruits, légumes, céréales complètes, légumineuses, noix et graines.
Limiter les aliments ultra-transformés riches en sucres, sel et additifs.
2. Équilibrer les macronutriments
Protéines : Viandes maigres, poissons, œufs, légumineuses, tofu.
Glucides : Favoriser les sources complètes (riz brun, quinoa, patates douces).
Lipides sains : Huile d’olive, avocat, poissons gras, amandes.
3. Contrôler les portions
Utiliser des assiettes plus petites pour éviter de trop manger.
Manger lentement pour laisser le temps à la satiété de s’installer.
4. S’hydrater suffisamment
Boire au moins 1,5 à 2 litres d’eau par jour.
Limiter les sodas et jus industriels riches en sucres.
5. Éviter les sucres raffinés et les excès de sel
Réduire la consommation de pâtisseries, bonbons, sodas.
Utiliser des herbes et épices pour relever les plats au lieu du sel.
6. Planifier ses repas
Préparer ses repas à l’avance pour éviter les choix impulsifs.
Manger à heures régulières pour stabiliser l’appétit et éviter le grignotage.
7. Écouter son corps
Manger quand on a faim, pas par ennui ou stress.
S’arrêter quand on est rassasié, sans se forcer à finir son assiette.
02/23/2025
Ce n'est pas un signe de bonne santé mentale d'être bien adapté à une société malade.
Bonjour 👋 bon dimanche
Jiddu Krishnamurti
05/08/2023
05/08/2023
Masaj : se yon pratik ki fèt ak men ke yo te konn fè depi nan tan lontan pou soulajé doulè , anpil fwa yo fèl aprè moun lan sibi yon chòk kelkonk , oubyen moun ki fè espò , oubyen moun ki sot nan batay .
Metòd sa natirèl li pote rezilta , pratik sa pote bon enèji li retire estrès, pè , ak depresyon, li pèmèt sanw sikile byen li pa selman gen efè sa yo li pèmèt ou domi byen tou ak anpil lot byenfè anko ......
Men tou li ka fè dega nan kò a tou selon moun kifèl la li toujou bon poun chwazi yon profesyonèl ki konn anantomi kò a ki konn ki kote e ki mouvman li dwe itilize nan chak pati kò a paske w pa selman gen kontak ak muscle yo wap gen nè yo , zo yo byenke zo yo plis pou fizyoterapet yo ,
Yon bon profesyinel nan masaj konnen koman e ki pati li dwe masé e ki mouvman ki apropriye paske nan moman seyans lan gen anpil mouvman kap e chak diferan .
Li toujou bon poun konnen ki pasyan nou genyen ki tip masaj li bezwen eske vreman problem li an merite masaj .
Mèsi map vini ak plis detay pou nou sou zafè masaj
12/22/2022
Samdi 21 decembre jouné mondyal ògasm
Ògasm sim ta pran pale de li m pap fini men mw vin ba nou yon bref rezimé sou sa .
tout saw dwe Konnen de li
Se yon repons ke kò a bay lèl atenn yn nivo maximal nan eksitasyon seksyèl li , ou ka di se yon jwisans ki depaséw.
Kay gason se lèl ejakilé sa k rivé se nan moman félasyon oubyen nan mastibasyon , oubyen nan penetrasyon.
Kay fi a li menm lèl atenn ògasm li , li libéré oksitosin oubyen prolaktin, sa ki pral fè fi a santi yon sansanyon ki wawww.
Nomalman pou atenn ògasm yon fi oubyen yon gason fok ou jwe ak peni an oubyen klitoris fi an. Gen lot pati nan kò a ou k ajouté tankou: vajen, trou dèyè , tété , lonbrit ......)
Men fok mental moun lan dispozé pou sa tou sa ap edéw jwenn sa ki rélé pwen G a pi fasil , sa ka fèt ak yon sèl moun se sa nou rélé mastibasyon an, li k fèt a 2 tou ak patnèw seksyél nou.
Lè w atenn ògasm yn fi klitoris la retrakté , vajen an gen plus ke 10 mouvman envolontè lap fè, espas ki separe vajen an ak a**s lan ki se periné li kontrakté ni matris moun lan tou.
Premyé kontraksyon yo konn pi répété men aprè lap diminyé Tanzantan.
Pwent tété fi a vin kanpé
Lèl bat trè fò
Li gen gwo jemisman
Lap transpiré anpil
Li ka menm bay patnèl kou e mòdél
Veso ki poté san kò a vin dilaté sa vin tann po moun lan vin rouj .
Lè fi eksité konsa se lè sa li sekrété yon kantité likid sa nou rélé ejakilé a , aprè sa fi a ap santil byen domi ka menm pranl, Kèl ap kontan.
ou atenn li?
Fok ou Konnen fi a byen fok li renmen patnèl , e li anvil, chèché Konnen pati sansib li yo , as ki rélé zòn seksyèl yo pou fè fi a rivé nan 7ème syèl.
Gen kèk pozisyn ki fè w atenn ògasm ou pi fasil.
Gen 2 fason:
Klitoridyèn sou vaginal
Klitoridyèn li pi fasil pou atenn ògasm moun lan , her ak klitoris la epi wap jwenn li , li trè sansib se sak fè w ka atenn li ak yon sèl karès.
Vajinal: se lè w rivé nan sa ki rélé pwen G a .
Pwen G a plasé 4cm nan antré vajin an pa anlè, li gen fòm yn ti boul , li vin ogmanté gwosè lèw ladann li you prè vessie a (sak p**i a), ou ka atenn li ak dèyè ou oubyen se**oy oubyen peni an. Kèk pozisynka pèmèt ou jwenn li byen fasil .
95% atenn ògasm klitoridyèn yo lè yap mastibé
45%atenn li tou avèk patnèw yo.
Sèlman 30% ki rivé atenn ògasm vajinal yo.
Se évidan ke tout fi gen pwen G , fok mesye chèché li prezan Kay medam yo , fè madanm nou damou nou plus. Nou ka eseyé pozisyn misyonè poun trouvél , mété janm fi a sou epòl nou poun ka byen pénétré pou n atenn pwen G a.
Gen fi ki gen plizyè ògasm klitoridyèn e vajinal li gen yon ògasm a repetisyon li pa vlé pozé dutou , ki diferan Kay gason an fok li pran poz poul recupéré l.
Fi ki pa janm ka atenn yo ka gen 2 pwoblèm
Swa fizik sa vle di kòl pa gen ase estrojèn
Swa sikolojik
Moun lan ka gen yn pwoblèm , oubyen depression oubyen li gen yon move istwa nn lavi. Nou dwe diskité ak patnè nou poun konn pwoblèm lan si dialog la pa sifi , wè yn seksològ .aprè koté kò aksèpté plezi a pou nou jwil nan tout entegralité l.
09/05/2022
La vie en rose 🌹 💝💘💞💓💗💖💕💜
01/11/2021
Aprè yon emoraji , yon anemi sevè , wap bezwen san , Lèw Bay san se tankou se sere ou sere l swa pou ou oubyen yon fanmi w pa gen anyen ki ka ranplase san , se bagay ki dur lèw wè yon proch ap trépase pou tèt ou pa jwenn san pou li , m te viv sa pandan m te nan stage li pat fanmi m men sa te vrèman tris , chak ti gout san konté sové vi paw ak sové vi pa yon lot moun mobilize mardi 12 janvier a poun al nan konbit sa nou pap pèdi sa , konbyen proch nou ki mouri akoz yo pat k jwenn san pou li . Ann mete men
12/01/2020
Pozém nenpot kesyon nou vle konsènan maladi sida
12/01/2020
1r décembre jounen mondyal maladi SIDA
Toujou pran prekosyon siw pa genyen l
Fidelite
Mete kapot
Fè abstinans
Siw genyen l tou toujou pran medikaman w
Mété kapot pou k protéjé tèt ou kont lot enfeksyon opòtinis yo , e protéjé lot moun tou pou yo atrapé maladi sida , le sa wap viv pi lontan san kè sote , Ann kwape maladi Sida
Nurse Linoue
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Website
Address
Jacksonville, NC