Medjoo talentueuse backup
Mwen pèdi lòt paj la abone ak paj sa pouw pa rate yon grenn video , siw bezenm ou ka ekrim sou li
M renmen nou anpil 😘
10/01/2026
Pandan anpil nan nou ap chache lajan 💴
Gen anpil lòt k’ap chache vrè lanmou an ❤️🔥
Donk ni yon ni lòt poko ka jwenn sa
Y’ap chache a.
Daprè ou menm Kisa ki koz?
Eske gen yon ki pi difisil ke lòt?
M’ap tann repons nou nan kòmantè a
Pa bliye pase swiv mwen sou paj sa Medjootalentueuse1
09/29/2026
Bonjou
Kòman nou ye an nou pale 🥹
avan tou pase swiv mwen sou paj sa Tanpri Medjootalentueuse1
Kisa ki enfidelite ?
Ki kote enfidelite soti ?
Kòman poun evite sa?
* Enfidelite*
Enfidelite se lè yon moun ki nan yon relasyon oswa maryaj vyole akò ak konfyans ki te genyen ant li menm ak patnè li, lè li antre nan yon relasyon amoure oswa seksyèl ak yon lòt moun san patnè a dakò.
*Ki kote enfidelite soti*
Li pa gen yon sèl koz. Souvan, li ka soti nan plizyè bagay ansanm:
1)Mank kominikasyon: moun yo pa pale klè sou bezwen ak pwoblèm yo.
2) Mank afeksyon oswa atansyon: youn santi li neglije.
3)Chèche eksitasyon oswa nouvo eksperyans.
4) Pwoblèm nan relasyon an ki pa janm rezoud.
5)Limit ki pa klè: sa youn konsidere kòm enfidelite, lòt la ka pa konsidere l menm jan.
6) Opòtinite + desizyon pèsonèl: pafwa yon moun gen yon bon relasyon, men li toujou pran desizyon pou twonpe patnè li.
7) Bezwen validasyon: kèk moun chèche santi yo dezirab oswa enpòtan atravè lòt moun.
NB : *Men yon bagay ki enpòtan*
Pwoblèm nan relasyon an pa otomatikman jistifye enfidelite. Yon moun ka gen pwoblèm ak patnè li epi chwazi pale, chèche terapi, pran distans, oswa fini relasyon an olye li twonpe.
Epi enfidelite pa toujou vle di sèlman fè sèks ak yon lòt moun. Pou kèk koup, bo, relasyon sekrè, sexting, oswa yon relasyon emosyonèl kache kapab deja vyole konfyans yo. Sa depann de limit koup la te etabli.
* Kòman pou’w evite sa*
Pale ouvètman 🗣️ — di sa ki fè w mal, sa w bezwen, sa w ap tann nan relasyon an.
2. Mete limit klè — dakò sou sa nou konsidere kòm enfidelite: flirt, mesaj sekrè, rankont kache, relasyon seksyèl, elatriye.
3. Pa kache bagay ki enpòtan — sekrè ak manti kraze konfyans piti piti.
4. Pran swen relasyon an ❤️ — afeksyon, tan ansanm, entimite, ak apresyasyon enpòtan.
5. Pa kite pwoblèm yo akimile — lè gen yon bagay ki pa mache, pale sou li bonè.
6. Aprann reziste tantasyon — si yon moun kòmanse pwoche twòp, mete limit anvan bagay la depase.
7. Pa chèche validasyon deyò relasyon an — si w santi w pa apresye, pale ak patnè w olye w chèche yon lòt moun.
8. Sonje angajman an — lè gen moman difisil, sonje poukisa nou te chwazi youn lòt.
Si nou evite sa yo tout bgy posib
Pou relasyon an byen mache
🙏🤗🥹
Konyea ou menm vin dim saw panse de enfidelite 🫵
09/28/2026
L’ap difisil poun pase nan yon lòt etap ,paske nou pap janm ka bliye sa ki fè nou mal yo ,koz yo andedan nou .
Men nou gen yon gwo sèvis poun rann tèt nou kise
Renmen’l viv pou li fé sa k’ap bon pou li an epi kite ego nou de kote.
E tout s’aw bezwen ou poko jwenn ni
Se moman ki poko rive
E Lèw jwenn ni an se pa favè y’ap fèw , men se paske’w mete’w nan pozisyon pou’w jwenn ni
M’ panse nou chak ki la bezwen yon bagay
Nan ka pam nan mwen bezwen kè kontan 🥹
E ou menm kisa’w bezwen 🫵
M’ap tann repons nou nan kòmantè a
Medjootalentueuse1
09/26/2026
Pa gen bagay bèl konsa se lè se ou k’ap bay tèt ou
Pa gen moun k’ap vin baw presyon, Pa resevwa apèl ou lè dat kay lan rive 🤣
Antouka m’ pap dekouraje travay yon jou
M’ap rive ak pasyans
Antouka ou menm ki Tapachula ki bezwen pwodyi Ayisyen Tankou aransò magi djondjon mayi albèto amatriye tcheke’m ☺️☺️☺️☺️Medjootalentueuse1
09/22/2026
Nou pa chanje ☺️
Nou selman modifye kèk bagay
E prepare lespri’n pou sa k’ap vini sanzatann yo
Bonjou😘❤️🔥Medjootalentueuse1
09/19/2026
N’ap renmen moun men ,n’ap chwazi tèt nou avan tou bagay.
N’ap kite yo pale , men n’ap fè sa k’ap bon pou nou.
N’ap reflechi n’ap tann men nou pap presipite .
Paske bon moman yo la y’ap vini , e y’ap vin ak tan
Yo selman poko rive jis pasyan 😘
Bonjou tout moun ❤️😘❤️🔥Medjootalentueuse1
09/17/2026
Gen kèk bagay n’ap fini pa asepte yo
Lè nou rann kont ke nou pa ka chanje sa
W’ap fini pa asepte Lèw pèdi yon pwòch ou
Li pap janm retounen ankò
W’ap fini pa asepte moun ou te vle fè viw avèl la
Se pat ou li te janm vle fè vi pal se pou sa li pa la ankò , moun paw la ap vini
W’ap fini pa asepte chak moun gen lè pa yo
Pou yo briye donk tan Lèw
W’ap fini pa asepte erè ou yo fè pati de destine’w
Paske San yo ou pa t’ap moun ou ye jodia
Donk ou pa bezwen twò kilpabilize tèt ou pou yo
W’ap fini pa asepte gen moun ou renmen e ki renmen’w tou men pou yon rezon ou pou yon lòt nou pap janm ka ansanm
W’ap fini pa asepte se pa tout moun k’ap renmen’w
W’ap fini pa asepte pouw kite etap sa gen kèk bagay
Pouw pase trè sou yo , e fòk ou chwazi tèt ou
NB:
An kontinye nan kòmantè lòt bagay n’ap fini pa asepte yo let’s go guys 🥹❤️Medjootalentueuse1
Kontinye renmenm jan’w renmenm nan😍😍😍😍 Medjootalentueuse1
09/02/2026
Lanmou sa dwòl 🤦♀️
Siw ta tande ti kèm 🫵
K’ap fon kri kote’w ye a 🗣️🗣️
L’ap diw kem renmen’w❤️
Wi mwen renme’w❤️🔥
M’vle’w konn absans ou ap kale’m 😩
Em bezwen prè ou poun pale 🙏
M’anvi wèw, em pare pou nale kote’w vle 💍
Mwen renme’w se vre
Men Síw pa bezwen’m pa pran Pitye pou mwen 🙏🙏🙏🙏
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Address
Miami, FL
33101
Alerts
Be the first to know and let us send you an email when Medjoo talentueuse backup posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.